Search
Introduction

Tit pòs Ofisye Lojisitk
Nan ki Pwogram/Mouvman: Pwogram Inisyativ Kominote Modèl (IKM)
Kote anplwaye a baze: Lagonav/Nan Jozen
Dire Kontra: 4 mwa renouvlab jiska jen 2026, 12 mwa renouvlab apre lòt ane yo
Ko-Sipèvizè: Manadjè Lojistik ak Sekirite DF ansanm ak Ko-Koòdonatè Pwogram IKM
Pòs Anplwaye a Sipèvize: Gadyen/Mesaje/Menajèz

Entwodiksyon
Nan lane 2023, Fondasyon Depase Fwontyè yo adopte yon nouvo teyori chanjman pou ki pèmèt akonpli misyon l. Fondasyon Depase Fwontyè yo ap travay pou katalize ak ranfòse mouvman sosyal yo k ap ekipe moun ki pi majinalize ann Ayiti pou yo libere tèt yo anba opresyon ak izolasyon. Nou pral mobilize aktè mouvman yo pou 1) ogmante gwosè, divèsite, ak angajman baz mouvman yo, 2) ogmante divèsite ak kapasite lidèchip yo, 3) bati estrikti kolaborasyon yo ki avanse ajanda komen yo, epi 4) evalye pwogrè ak aprann nan eksperyans.
Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015. Se Beyond Borders, yon ONG Ameriken k ap travay an Ayiti depi lane 1993 ki kreye li. Depase Fwontyè yo sipòte mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout ti moun jwenn bon kalite ledikasyon, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi tabli jistis ekonomik ak lavi dirab pou moun yo rann pòv yo e yo ap peze souse. Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize dirèkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite De (2) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM). Li genyen biwo nan kat kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl, Tomond ak Petyonvil/Delmas. Li pral louvri yon nouvo biwo nan Tomond. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Angletè.

Objektif pòs la: Sou ko-sipèvizyon Manadjè Lojistik ak Sekirite ansanm ak Ko-Koòdonatè Pwogram IKM lan, Ofisye Lojistik lan ap genyen reskonsablite pou fè tout swivi lojistik sou Lagonav ak kèk tach sou Tomond. Ofisye Lojistik la pral aktivman planifye, òganize, koòdone epi evalye aspè lojistik (konpri apwovizyonman) nan pwogram sou zile a. Li pral travay tèt kole ansanm ak reskonsab pwogram ansanm ak lòt depatman pou asire bonjan jesyon selon politik ak pwosedi Fondasyon Depase Fwontyè yo an akò ak egzijans bayè defon yo.


Fonctions

● Evalye an kolaborasyon avèk ekip pwogram sou bezwen lojistik yo
● Patisipe aktivman chak semèn nan rankont Pwogram IKM epi bay yon mizajou sou dosye lojistik ki ankou
● Sipòte konpreyansyon ak aplikasyon pwosedi ak règleman entèn Depase Fwontyè yo sou tout aspè lojistik pou asire konfòmite
● Asire preparasyon rapò sou plizyè aspè jesyon lojistik
● Patisipe nan swivi aksyon kontwòl entèn epi asire preparasyon pou odit, swa òganizasyonèl oswa bayè yo
● Patisipe nan analiz sekirite pwogram nan
● Sipòte ekip lojistik nan lòt pwogram nan kad ijans
● Sipòte ak devlopman kapasite ak konpreyansyon lòt kolèg sou zouti, sistèm pwosedi lojistik Depase Fwontyè yo
● Sipèvizyon estaf mentnans yo
● Sipòte nan distribisyon kach sou teren

Jesyon Estòk ak Aktif (ekipman)
● Sipòte estaf pwogram IKM pou yo genyen aktif/ekipman yo bezwen pou fè travay yo
● Asire bon jesyon aktif/ekipman pwogram lan (tout ekipman anrejistre nan fèy kontwol aktif yo (rejis) ak tout enfòmasyon kle, fè mizajou ak envantè ki fèt 2 fwa pa lane dapre règleman entèn Depase Fwontyè yo elatriye)
● Asire bon jan reparasyon ak antretyen sou tout aktif Pwogram yo (konpri delko, inverter elatriye)
● Asire jesyon estòk pwogram nan (òganize epi entwodi pwodwi nan stock la; kenbe fich estok, prepare dokiman pou rantre yo ak sòti nan atik, òganize achiv la nan dokiman estok, prepare fèy envantè, fè envantè elatriye)
● Soumèt rapò antre ak sòti chak mwa bay Manadjè Lojistik ansanm ak Koòdonatè Pwogram IKM-Lagonav la
● Asire yon envantè regilye nan estòk li yo epi kenbe yon rejis detaye jan pwosedi Depase Fwontyè yo mande sa (2 fwa pa lane)
● Fin bati epi enplemante sistèm estokaj ak jesyon gaz nan biwo a
Apwovizyonman
• Travay an koòdinasyon pwogram ak depatman finans yo pou asire bon jan apwovizyonman (byen ak sèvis) nan kad tout aktivite yo, swivan règleman entèn Depase Fwontyè yo ak bayè yo (prepare yon Plan Apwovizyonman ak ekip Pwogram IKM Lagonav epi asire mizajou
• Trete epi egzekite rekizisyon ki fèt nan kad diferan aktivite yo (an kolaborasyon ak lòt aktè yo)
• Swiv pwosesis acha yo jiskaske yo fè kòmann, ki gen ladan pwovizyon, pèman ak tout etap entèmedyè jiskaske yo achive dosye yo.
• Jwe wòl reseptè a resevwa, kontwole, anrejistre, estoke aktif ak ekipman ki sòti nan men founisè yo. Asire resepsyon, tcheke si yo ak lòd inisyal la, klase ak kontwole bon jan kalite sa ki define nan bon kòmand lan.
• Prepare epi jere kontra sèvis oswa byen yo
• Monte dosye konplè pou fè demann pèman pote bay depatman finans
Antretyen biwo ak IT
● Siveye antretyen, reparasyon ak enstalasyon ki merite fèt nan biwo Pwogram IKM nan ansanm ak pwòpte ak sekirite (si nesesè pou enstalasyon sa yo) epi asire ke antretyen yo fèt alè
● Asire swivi sou kontra lwaye a chak ane
● Asire sekirite espas/lakou biwo a fizikman, ansanm ak depo ak estòk gaz, delko, panèl solè ak lòt bagay
● Fè swivi ak Manadjè Lojistik lan pou asire sèvis kominikasyon (entènèt, tèlefòn) mache byen pou pwogram nan
Transpò
● Travay ak Ekip Pwogram IKM nan, ansanm ak direksyon Lojistik pou etabli yon Politik Transpò espesifikman pou Pwogram nan, nan Lagonav ak Tomond
● Prepare nouvo zouti ki merite pou jere pi byen transpò, itilizasyon moto, depans transpò, estok gaz elatriye
● Bati yon kalandriye antretyen ak reparasyon moto epi jere kontra ak bos mekanisyen an

Lòt Tach
● Sipòte nan tout aspè lojistik nan kad vizit ekip oswa gwoup entènasyonal ki desann Lagonav oswa Plato Santral (Tomond) pou vizite pwogram nan

Deskripsyon tach sa pa konplè. Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Lagonav nan avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a.


Qualifications Requises

• Fòmasyon nan lojistik / chèn apwovizyonman
• Konesans de baz nan jesyon estòk ak envantè
• Diplòm nan Jesyon, Administrasyon oswa Lojistik
• De (2) ane eksperyans nan yon pozisyon menm jan an
• De (2) ane eksperyans minimòm nan sipèvize anplwaye
• Trè bon konesans nan lojisyèl sa yo: Excel, Word, Google Drive
• Genyen eksperyans nan mekanik moto
• Kapab kondui motosiklet Honda
• Bon kapasite nan ekri Kreyòl
• Konesans anglè, yon avantaj


Conditions particulières

• Bon relasyon entèpèsonèl
• Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
• Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
• Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
• Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri
• Rezilta ak sans kalite
• Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
• Kapasite pou jere ak koòdone plizyè travay ansanm

Depi li genyen konesans ak kapasite ki jije obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv sou Lagonav ak gran sid lan


Dossier de candidature doit avoir ...

1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ;
2) yon CV ak 3 bon referans ;
3) Diplòm, lisans ak tout lot prev .


Contact

rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la : Ofisye Lojistik-LAG. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 23 Fevriye 2026.


Remarque contact


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike.


Envoyez à vos amis par


back top