|
Introduction
SOIL se yon ONG ki fonde an Ayiti nan 2006 epi li travay pou ogmante aksè a yon fòm sanitasyon ki pozitif pou klima ak yon modèl ki pa selman amelyore sityasyon sante piblik men tou ki aji sou sekirite manje, devlopman ekonomik, e rezilyans ekolojik. Sèvis sanitasyon SOIL aktyelman ap bay plis pase 4100 fanmi nan depatman Nò a yon bon sevis sanitasyon lakay yo ki konekte ak yon sistem tretman ak transfomasyon. SOIL genyen plan pou agrandi sèvis li pou rive bay plis ke 8000 fanmi nan ane kap vini yo. SOIL se yon ekip 60+ moun ak ekspetiz nan plizye domèn ki enkli biznis sosyal, ekoloji, sanitasyon, sante piblik, agrikilti, finans, relasyon kominotè, maketing, e lot toujou. Aprann pi plis sou travay nou nan www.oursoil.org.
TRAVAY AK NOU
SOIL ap cheche yon Manadje IT ki kapab antre e bay sipo imedyat a ekip la ak devlopman ni egzekisyon yon estrateji teknoloji pou oganizasyon an.
Fonctions
TACH PRENSIPAL
Manadje IT a responsab pou mennen, dirije, planifye, e jere estrateji enfomatik SOIL la. Li ap sipevize direkteman pa COO SOIL la epi lap genyen responsablite pou sipevize 2 lot manm ekip IT. pati esansyèl nan pwosesis rekonstwi ekip IT SOIL la.
Manadje IT ap yon bon lidè, ak eksperyans nan “jesyon chanjman,” kreyasyon ak devlopman ekip, etablisman yon kilti jesyon done kom yon valè enpotan nan oganizasyon an, bon jesyon sevis ak pwojè, epi ki konn pote inovasyon nan anviwonman travay la. Manadje IT a ap pote konesans aktyèl nan domèn nan ni yon vizyon lavni pou idantifye nouvo sistem ak teknoloji pou ede amelyore operasyon ak sipo pou SOIL ka avanse nan misyon ak vizyon pa’l.
Tach prensipal yo enkli:
• Devlope yon estrateji teknoloji konpreyansif pou avanse ak plan estratejik SOIL
• Responsab jesyon enfrastrikti teknolojik (sistem ak rezo) nan oganizasyon pou asire yon
pefomans optimize.
SOIL Haiti
• Jesyon regilyè a sistem, pwogram, e aplikasyon nesesè pou reponn bezwen oganizasyon an.
• Responsab planifikasyon, egzekisyon e enplimantasyon tout pwojè teknolojik yo
• Planifye e jere acha technolojik pou asire yo mache ak plan estratejik SOIL
• Jesyon platfom koleksyon done (Taroworks) ak CRM (Salesforce) pou asire ke ekip teren
toujou genyen djob ki fonksyone pou yo epi rapo nesesè pou avanse sou objektif pa yo.
• Devlope e jere dashbod (Metabase) ak lot platfom ki asosye ave’l (dbt, Fivertran, Big Query) pou asire ke Direksyon Operasyonel ak Ekip Egzekitif toujou genyen akse bon done pouf e analiz e pran desizyon nesesè.
• Kolabore ak Direksyon Operasyonel la pou evalye, idantifye, e fikse priyorite teknolojik yo.
• Devlope estrateji mitigasyon risk IT yo.
• Kontinye aprann e rete okouran sou devlopman nan sistem e teknoloji pou asire nou kontinye entegre amelyorasyon posib nan sistem SOIL yo.
• Kreye, jere, e aplike pwotokol ekri pou pwosesis kle yo ki genyen rapo ak IT e sistem ke li jere yo.
• Kolabore ak lidèship SOIL pou etabli yon kilti pozitif parapo done kom yon valè oganizasyonel.
• Etabli e jere relasyon ak reprezantan fim ekstèn ki se founisè teknoloji, platfom, oswa sèvis sipò pou teknoloji ke nou itilize.
• Jesyon bidjè pou IT ak objektif pou oganizasyon an ap agrandi men ak yon je fiks sou fason pou redwi kou nan mwayen-tem ak long-tem.
• Lot tach ke sipevize’w mande epi ke’w aksepte.
Qualifications Requises
• Omwen 3 zan eksperyans kom yon pwofesyonèl IT ak rezilta klè e kantitatif.
• Omwen 2 zan eksperyans nan sipevizyon ekip
• Eksperyans nan jere e adrese defi ak pwoblèm ki asosye ak koleksyon done, analiz, e entegrasyon nan konteks difisil.
• Bon jan konesans nan sistem ak enfrastrikti enfomatik, ki tou enkli yon abitid ak zouti, metodoloji done, e sistem ki egziste sou mache a ni yon kapasite pou rete okouran devlopman nan domenn IT.
• Eksperyans ak SQL, R oswa yon lot platfom ki sanble ak sa yo.
• Eksperyans nan jesyon pwojè ki enkli analiz bezwen, planifikasyon, epi enplimantasyon.
• Bon kapasite pou kominike ant kolèg ki genyen ekspetiz ak eksperyans diferan ant ekip Operasyonel, ekip Vant, epi ekip Egzektiif.
• Bon kapasite pou etabli e jere relasyon entèpèsonel ak kolèg nan SOIL ni reprezantan moun ekstenn.
• Konpreyansyon sou bezwen teknik ONG
• Eksperyans ak Salesforce kom yon administratè
• Kapasite pou pale/li/ekri nan Kreyol-Ayisyen epi Angle
Dossier de candidature doit avoir ...
FASON POU APLIKE:
Voye dosye aplikasyon pa imel nan jobs@oursoil.org ak tit “SOIL Manadje IT” nan objè imel la. Dosye yo dwe an Anglè, Kreyol, oswa Fransè epi enkli selman 3 bagay sa yo:
o Lèt motivasyon ki eksplike enterè pa’w epi kalifikasyon pou pòs sa
o CV
o Enfomasyon kontak pou 3 referans pwofesyonel(kandida yo ap enfome avan nou antre an kontak ak referans sa yo)
Note byen ke aplikasyon ki pa gen 3 dosye sa yo pap konsidere. Si vou plè pa voye lot dokiman/setifika san nou pa mande pou sa.
Contact
Send your application by email to jobs@oursoil.org with the subject line “SOIL Manadje IT.”
Remarque contact
Nou ankouraje Fanm aplike pou pòs sa !
Autres remarques
|