Search
Introduction

Òf anplwa pou pòs
Asistan finans pou sipòte mouvman edikasyon
Tit pòs
Asistan Finans Tomond/Plato santral Nan ki Pwogram/Mouvman:
Pwogram Inisyativ Kominote Modèl (IKM)/Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite edikasyon Kote anplwaye a baze:
Tomond/Plato Santral Dire Kontra:
6 mwa renouvlab nan premye lane a/ 12 mwa renouvlab lane apre yo Sipèvizè:
Manadjèz Finans Pòs Anplwaye a Sipèvize:
Entwodiksyon
Nan lane 2023, Fondasyon Depase Fwontyè yo adopte yon nouvo teyori chanjman pou ki pèmèt akonpli misyon l.
Fondasyon Depase Fwontyè yo ap travay pou katalize ak ranfòse mouvman sosyal yo k ap ekipe moun ki pi majinalize ann Ayiti pou yo libere tèt yo anba opresyon ak izolasyon. Nou pral mobilize aktè mouvman yo pou 1) ogmante gwosè, divèsite, ak angajman baz mouvman yo, 2) ogmante divèsite ak kapasite lidèchip yo, 3) bati estrikti kolaborasyon yo ki avanse ajanda komen yo, epi 4) evalye pwogrè ak aprann nan eksperyans.
Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015. Se Beyond Borders, yon ONG Ameriken k ap travay an Ayiti depi lane 1993 ki kreye li. Depase Fwontyè yo sipòte mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout ti moun jwenn bon kalite ledikasyon, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi tabli jistis ekonomik ak lavi dirab pou moun yo rann pòv yo e yo ap peze souse. Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize dirèkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite De (2) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM). Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Li pral louvri yon nouvo biwo nan Tomond. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Angletè.
Objektif pòs la
Asistan Finans lan ap genyen pou li sipote pwogram inisyativ kominote modèl lan nan mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite edikasyon ak mouvman pou pa genyen timoun ki ap vitkim eksplwatasyon nan travay domestik. Li responsab pou li kontabilize tout tranzaksyon k ap fèt sou pwogram nan nan Tomond/Plato santral. Lap gen pou li bay rapò finansye pwogram sa epi jere kès.


Fonctions

Asistan Finans lan ap gen pou 1i travay sou sipèvizyon dirèk manajèz Finans lan nan ekzekisyon tach li yo. Li reskonsab pou li verifye egzaktitid ak fyabilite tout depans ki fèt pou baz la, Asire tout depans òganizasyon an fèt nan respè politik li ak politik bayèdefon nou yo. Li responsab pou li kontabilize tout
Deskripsyon Tach_Fondasyon Depase Fwontyè yo
2
tranzaksyon kap fèt pou pwojè a e li dwe asire Depase Fwontyè yo respekte nòm kontab nasyonal ak entènasyonal ak pwosedi jesyon finans Fondasyon Depase Fwontyè yo tabli. Ede nan swivi odit nan òganizasyon an.

Asistan Finans la dwe egzekite tach sa yo:

 Pase ekriti jounalye yo nan yon sistèm kontab (Quickbooks).
 Trete, finalize, epi fè swivi dosye finans yo
 Prepare chak mwa rapò finansye pwogram yo e fè swivi bidjè yo a tan
 Deklare chak mwa akont sou kontra yo bay Manadjèz Finans lan
 Jere tikès ak gran kès pwogram yo
 Fè rekonsilyasyon kont bank yo chak mwa
 Ede nan swivi odit anyel
 Asire ke tout dokiman finans yo byen klase
 Patisipe nan tout rankont finans
 Prepare epi soumèt ak Manadjèz Finans lan demand likidite trimistriyèl pou pwogram yo
 Ede nan preparasyon bidjè pwogram yo
 Patisipe nan tout rankont planifikasyon ak evalyasyon ak ekip lan
 Asire ke tout dosye yo respekte pwosedi Fondasyon Depase fwontyè yo
 Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram yo avanse
 Pwen fokal Resous Imèn
1. Sipòte nan kominikasyon depatman RH ak estaf Tomond/Plato santral la o bezwen
2. Pataje dokiman konfidansyèl ak estaf la o bezwen.
3. Skane dokiman estaf yo pou transferer a depatman RH o bezwen
4. Patisipe epi sipòte nan aktivite RH yo sou baz lan.


Qualifications Requises

1. Lisansye ou diplome nan kontabilite/jesyon
2. Pase o mwens 3 zan ap travay nan domèn kontabilite nan ONG
3. Genyen kapasite pou prepare bon jan rapò finansye
4. Bon konesans nan odit
5. Genyen omwens sètifika patisipasyon nan fòmasyon sou jesyon pwojè.
6. Omwens 3 lane eksperyans nan jesyon pwojè oubyen pwogram edikasyon.
7. Metrize lojisyèl Quickbooks, se yon obligasyon pou pòs la.
8. Genyen bon jan kapasite nan itilizasyon lojisyèl biwo yo (Word, Excel, Power Point) ak Google drive
9. Kapasite pou jere avèk diskresyon enfomasyon ki sansib oswa konfidansyèl
10. Konn kondwi Motosiklèt se yon gwo atou.
11. Genyen kapasite pou kominike nan lang kreyòl ak fransè. Anglè se gwo yon atou.


Conditions particulières

1. Bon relasyon entèpèsonèl
2. Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
3. Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
4. Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
5. Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri
6. Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
7. Kapasite pou jere ak kowòdone plizyè travay ansanm
8. Depi li genyen konesans ak kapasite ki jije obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv nan tomond/plato santral


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon dosye ki gen ladan l :
1) Yon lèt motivasyon ki montre entère pou pòs la epi kapasite ak eksperyans ki reponn ak egzijans pòs la ;
2) Yon CV ak 3 bon referans ;
3) Tout lòt prèv sou fòmasyon ak Eksperyans.


Contact

Voye dosye a nan adrès imel : . Tanpri, sou liy sijè imel la : Asistan Finans tomond/Plato santral mouvman edikasyon. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 30 novanm 2025.


Remarque contact


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike. Nan ka konpetans egal ant yon fanm ak yon gason, fanm nan ap genyen priyorite.


Envoyez à vos amis par


back top