Search
Introduction

Òf anplwa pou pòs
Asistan sipò mouvman edikasyon
Tit pòs
Asistan sipò mouvman edikasyon Nan ki Pwogram/Mouvman:
Pwogram Inisyativ Kominote Modèl (IKM)/Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite edikasyon Kote anplwaye a baze:
Lagonav Dire Kontra:
6 mwa renouvlab nan premye lane a/ 12 mwa renouvlab lane apre yo Sipèvizè:
Kòdonatè/tris sipò mouvman edikasyon Pòs Anplwaye a Sipèvize:
0
Entwodiksyon
Nan lane 2023, Fondasyon Depase Fwontyè yo adopte yon nouvo teyori chanjman pou ki pèmèt akonpli misyon l.
Fondasyon Depase Fwontyè yo ap travay pou katalize ak ranfòse mouvman sosyal yo k ap ekipe moun ki pi majinalize ann Ayiti pou yo libere tèt yo anba opresyon ak izolasyon. Nou pral mobilize aktè mouvman yo pou 1) ogmante gwosè, divèsite, ak angajman baz mouvman yo, 2) ogmante divèsite ak kapasite lidèchip yo, 3) bati estrikti kolaborasyon yo ki avanse ajanda komen yo, epi 4) evalye pwogrè ak aprann nan eksperyans.
Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015. Se Beyond Borders, yon ONG Ameriken k ap travay an Ayiti depi lane 1993 ki kreye li. Depase Fwontyè yo sipòte mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout ti moun jwenn bon kalite ledikasyon, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi tabli jistis ekonomik ak lavi dirab pou moun yo rann pòv yo e yo ap peze souse. Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize dirèkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite De (2) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM). Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Li pral louvri yon nouvo biwo nan Tomond. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Angletè.
Objektif pòs la
Asistan sipò mouvman edikasyon an pral aplike pwogram Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou mete ansanm aktè ki enplike nan edikasyon sou zile a pou idantifye pwoblèm, chache solisyon pou amelyore kalite edikasyon an ak pèmèt tout timoun ale lekol. Manm estaf la ap travay sou otorite Kòdinatè/tris sipò mouvman edikasyon an.


Fonctions

1- Etabli bon relasyon ak tout aktè enpòtan kesyon edikasyon sou zile a konsène.
2- Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
3- Egzekite kad lojik ak bidjè mouvman edikasyon an sou zile a.
4- Fè konsepsyon epi aplike zouti suivi ak evalyasyon aktivite ak pwojè yo.
5- Fasilite reyinyon aktè edikasyon yo nan nivo seksyon ak komin yo sou lidèchip KAZEK yo ak enspeksyon eskolè a.
6- Sipòte aktivite ranfòsman kapasite enspeksyon eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal la.
7- Sipòte otorite lokal yo ak enspeksyon eskolè a nan inisyativ yo ap pran pou amelyore kalite edikasyon an epi pèmèt tout timoun ale lekòl.
8- Kòdone aktivite pledwaye ki marye ak mouvman edikasyon an.
9- Òganize seminè pou ranfòse kapasite aktè yo.
10- Aplike epi kòdone aktivite yo selon plan fondasyon an.
11- Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
12- Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon fondasyon ak bayè de fon yo mande.
13- Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan fondasyon an.
14- Reprezante fondasyon an nan divès milye.
15- Rete ouvè pou Nenpòt lòt responsablite ke Kòdinatè/tris mouvman edikasyon an oubyen Dirèktè fondasyon an ka mande.


Qualifications Requises

1. Diplome nan domèn syans edikasyon, sosyoloji oubyen sikololoji.
2. Omwens 5 ane eksperyans nan jesyon pwojè edikasyon, animasyon kominotè, anseyman oubyen jere lekòl.
3. Kapasite pou pran inisyativ epi motive tèt li.
4. Konesans sou pwoblèm dwa moun espesyalman dwa timoun.
5. Byen fò nan Kreyòl ak Franse.
6. Genyen kapasite nan itilize lojisyèl biwo yo (Word, Excel, Power Point).
7. Genyen kapasite pou ekri rapò ki gen bon kalite.
8. Genyen konesans sou dwa moun ak dwa timoun an patikilye.
9. Gen kapasite pou travay nan milye riral, epi nan zòn ki difisil.
10. Konn kondwi Motosiklèt epi genyen lisans pou sa a.


Conditions particulières

1. Bon relasyon entèpèsonèl
2. Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
3. Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
4. Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
5. Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri
6. Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
7. Kapasite pou jere ak kowòdone plizyè travay ansanm
8. Depi li genyen konesans ak kapasite ki jije obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv sou Zile Lagonav


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon dosye ki gen ladan l :
1) Yon lèt motivasyon ki montre entère pou pòs la epi kapasite ak eksperyans ki reponn ak egzijans pòs la ;
2) Yon CV ak 3 bon referans ;
Deskripsyon Tach_Fondasyon Depase Fwontyè yo
3
3) Tout lòt prèv sou fòmasyon ak Eksperyans.


Contact

Voye dosye a nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la : Asistan sipò mouvman edikasyon. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 30 novanm 2025.


Remarque contact


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike. Nan ka konpetans egal ant yon fanm ak yon gason, fanm nan ap genyen priyorite.


Envoyez à vos amis par


back top