Search
Introduction

Òf anplwa pou pòs
Kòdonatè/tris pou sipòte mouvman edikasyon
Tit pòs
Kòdonatè/tris sipò mouvman edikasyon Nan ki Pwogram/Mouvman:
Pwogram Inisyativ Kominote Modèl (IKM)/Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite edikasyon Kote anplwaye a baze:
Tomond/Plato Santral Dire Kontra:
7 mwa renouvlab nan premye lane a/ 12 mwa renouvlab lane apre yo Sipèvizè:
Ko-Direktè Egzekitif Pòs Anplwaye a Sipèvize:
2 sipèvizyon dirèk ak 2 sipèvizyon pataje
Entwodiksyon
Nan lane 2023, Fondasyon Depase Fwontyè yo adopte yon nouvo teyori chanjman pou ki pèmèt akonpli misyon l.
Fondasyon Depase Fwontyè yo ap travay pou katalize ak ranfòse mouvman sosyal yo k ap ekipe moun ki pi majinalize ann Ayiti pou yo libere tèt yo anba opresyon ak izolasyon. Nou pral mobilize aktè mouvman yo pou 1) ogmante gwosè, divèsite, ak angajman baz mouvman yo, 2) ogmante divèsite ak kapasite lidèchip yo, 3) bati estrikti kolaborasyon yo ki avanse ajanda komen yo, epi 4) evalye pwogrè ak aprann nan eksperyans.
Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015. Se Beyond Borders, yon ONG Ameriken k ap travay an Ayiti depi lane 1993 ki kreye li. Depase Fwontyè yo sipòte mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout ti moun jwenn bon kalite ledikasyon, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi tabli jistis ekonomik ak lavi dirab pou moun yo rann pòv yo e yo ap peze souse. Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize dirèkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite De (2) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM). Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Li pral louvri yon nouvo biwo nan Tomond. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Angletè.
Objektif pòs la
Kòdonatè/tris sipò mouvman edikasyon ap genyen pou fè avanse mouvman pou tout timoun ki genyen laj pou ale lekòl jwenn bon kalite edikayon. Li ap genyen pou ankouraje aktè yo kreye espas pou reflechi epi aji ansanm. Li ap genyen pou mobilize aktè mouvman pou 1) ogmante gwosè, divèsite, ak angajman baz mouvman, 2) ogmante divèsite ak kapasite lidèchip aktè yo, 3) bati estrikti kolaborasyon yo ki avanse ajanda komen aktè yo, epi 4) evalye pwogrè ak aprantisaj ki fèt nan pratik la.


Fonctions

1- Konsevwa, kòdone ak egzekite estrateji Fondasyon an nan sipòte mouvman edikasyon an.
Deskripsyon Tach_Fondasyon Depase Fwontyè yo
2
2- Fè rechèch epi pwodwi analiz sou modèl eksperyans lokal, nasyonal oubyen entènasyonal ki pèmèt timoun ale lekòl nan kontèks kote Leta santral pa twò prezan.
3- Oganize atelye nan kominote yo pou pataje eksperyans sou modèl inisyativ kominotè ki pèmèt timoun ale lekòl.
4- Oganize fòmasyon epi bay enstisyon ki ap travay nan edikasyon sipò teknik.
5- Devlope, ranfòse epi evalye eksperyans Platfòm Edikasyon yo nan dives zòn entèvansyon yo.
6- Konekte eksperyans lokal nan divès zòn entèvansyon Fondasyon Depase Fwontyè yo ak mouvman edikasyon nan rès peyi a ak nan nivo entènasyonal.
7- Ranfòse kapasite patnè Fondasyon Depasye Fwontyè yo ki ap egzekite pwojè aktivite li sipòte.
8- Sevi kòm pwen fokal ant Fondasyon an ak lòt enstans (Leta kou Prive) k ap entèvni nan mouvman edikasyon an.
9- Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
10- Devlope kad lojik ak bidjè anyèl Fondasyon Depase Fwontyè yo pou mouvman edikasyon an.
11- Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
12- Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon Fondasyon ak bayè defon yo mande.
13- Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan Fondasyon an.
14- Reprezante Fondasyon an nan divès milye.


Qualifications Requises

1. Lisansye nan domèn syans edikasyon, sosyoloji oubyen sikololoji.
2. Genyen omwens sètifika patisipasyon nan fòmasyon sou jesyon pwojè.
3. Omwens 5 lane eksperyans nan jesyon pwojè oubyen pwogram edikasyon.
4. Bon konesans sou zouti ak lojisyèl jesyon done.
5. Genyen kapasite nan itilize lojisyèl biwo yo (Word, Excel, Power Point).
6. Genyen kapasite pou ekri rapò ki gen bon kalite.
7. Genyen konesans sou dwa moun ak dwa timoun an patikilye.
8. Gen kapasite pou travay nan milye riral, epi nan zòn ki difisil.
9. Konn kondwi Motosiklèt se yon gwo atou.
10. Genyen kapasite pou kominike nan lang kreyòl ak fransè. Anglè se gwo yon atou.


Conditions particulières

1. Bon relasyon entèpèsonèl
2. Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
3. Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
4. Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
5. Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri
6. Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
7. Kapasite pou jere ak kowòdone plizyè travay ansanm
8. Depi li genyen konesans ak kapasite ki jije obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv sou Zile Lagonav


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon dosye ki gen ladan l :
1) Yon lèt motivasyon ki montre entère pou pòs la epi kapasite ak eksperyans ki reponn ak egzijans pòs la ;
2) Yon CV ak 3 bon referans ;
3) Tout lòt prèv sou fòmasyon ak Eksperyans.
Deskripsyon Tach_Fondasyon Depase Fwontyè yo


Contact

Voye dosye a nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la : Kòdonatè/tris sipò mouvman edikasyon. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 30 novanm 2025.


Remarque contact


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike. Nan ka konpetans egal ant yon fanm ak yon gason, fanm nan ap genyen priyorite.


Envoyez à vos amis par


back top