Search
Introduction

SOIL se yon ONG ki fonde an Ayiti nan 2006 epi li travay pou ogmante aksè a yon fòm sanitasyon

ki pozitif pou klima ak yon modèl ki pa selman amelyore sityasyon sante piblik men tou ki aji sou

sekirite manje, devlopman ekonomik, e rezilyans ekolojik. Sèvis sanitasyon SOIL aktyelman ap bay

plis pase 3700 fanmi nan depatman Nò a yon bon sevis sanitasyon lakay yo ki konekte ak yon

sistem tretman ak transfomasyon. SOIL genyen plan pou agrandi sèvis li pou rive bay plis ke 8000

fanmi nan ane kap vini yo. SOIL se yon ekip 60+ moun ak ekspetiz nan plizye domèn ki enkli biznis

sosyal, ekoloji, sanitasyon, sante piblik, agrikilti, finans, relasyon kominotè, maketing, e lot toujou.

Aprann pi plis sou travay nou nan www.oursoil.org.


TRAVAY AK NOU

SOIL ap chache yon Manadje IT ki kapab antre e bay sipo imedyat a ekip la ak devlopman ni

egzekisyon yon estrateji teknoloji pou oganizasyon an.


Fonctions

TACH PRENSIPAL

Manadje IT a responsab pou mennen, dirije, planifye, e jere estrateji enfomatik SOIL la. Li ap

sipevize direkteman pa Chief Operating Officer (COO) SOIL la epi lap genyen responsablite pou

sipevize 2 lot manm ekip IT.

Manadje IT ap yon bon lidè, ak eksperyans nan “jesyon chanjman,” kreyasyon ak devlopman ekip,

etablisman yon kilti jesyon done kom yon valè enpotan nan oganizasyon an, bon jesyon sevis ak

pwojè, epi ki konn pote inovasyon nan anviwonman travay la. Manadje IT a ap pote konesans

aktyèl nan domèn nan ni yon vizyon lavni pou idantifye nouvo sistem ak teknoloji pou ede

amelyore operasyon ak sipo pou SOIL ka avanse nan misyon ak vizyon pa’l.

Tach prensipal yo enkli:

Devlope yon estrateji teknoloji konpreyansif pou avanse ak plan estratejik SOIL

Responsab jesyon enfrastrikti teknolojik (sistem ak rezo) nan oganizasyon pou asire yon

pefomans optimize.

Jesyon regilyè a sistem, pwogram, e aplikasyon nesesè pou reponn bezwen oganizasyon

an.

Responsab planifikasyon, egzekisyon e enplimantasyon tout pwojè teknolojik yo

Planifye e jere acha technolojik pou asire yo mache ak plan estratejik SOIL

Jesyon platfom koleksyon done (Taroworks) ak CRM (Salesforce) pou asire ke ekip teren

toujou genyen djob ki fonksyone pou yo epi rapo nesesè pou avanse sou objektif pa yo.

Devlope e jere dashbod (Metabase) ak lot platfom ki asosye ave’l (dbt, Fivertran, Big

Query) pou asire ke Direksyon Operasyonel ak Ekip Egzekitif toujou genyen akse bon

done pouf e analiz e pran desizyon nesesè.

Kolabore ak Direksyon Operasyonel la pou evalye, idantifye, e fikse priyorite teknolojik yo.

Devlope estrateji mitigasyon risk IT yo.

Kontinye aprann e rete okouran sou devlopman nan sistem e teknoloji pou asire nou

kontinye entegre amelyorasyon posib nan sistem SOIL yo.

Kreye, jere, e aplike pwotokol ekri pou pwosesis kle yo ki genyen rapo ak IT e sistem ke li

jere yo.

Kolabore ak lidèship SOIL pou etabli yon kilti pozitif parapo done kom yon valè

oganizasyonel.

Etabli e jere relasyon ak reprezantan fim ekstèn ki se founisè teknoloji, platfom, oswa

sèvis sipò pou teknoloji ke nou itilize.

Jesyon bidjè pou IT ak objektif pou oganizasyon an ap agrandi men ak yon je fiks sou

fason pou redwi kou nan mwayen-tem ak long-tem.

Lot tach ke sipevize’w mande epi ke’w aksepte.


SIPEVIZYON

Pos sa sipevize direkteman pa COO (Chief Operating Officer) epi travay pwoch a tout manm

Direksyon Operasyonel yo.


Qualifications Requises

Omwen 5 zan eksperyans kom yon pwofesyonèl IT ak rezilta klè e kantitatif.

Omwen 2 zan eksperyans nan sipevizyon ekip

Eksperyans nan jere e adrese defi ak pwoblèm ki asosye ak koleksyon done, analiz, e

entegrasyon nan konteks difisil.

Bon jan konesans nan sistem ak enfrastrikti enfomatik, ki tou enkli yon abitid ak zouti,

metodoloji done, e sistem ki egziste sou mache a ni yon kapasite pou rete okouran

devlopman nan domenn IT.

Eksperyans ak Salesforce kom yon administratè

Eksperyans ak SQL, R oswa yon lot platfom ki sanble ak sa yo.

Eksperyans nan jesyon pwojè ki enkli analiz bezwen, planifikasyon, epi enplimantasyon.

Bon kapasite pou kominike ant kolèg ki genyen ekspetiz ak eksperyans diferan ant ekip

Operasyonel, ekip Vant, epi ekip Egzektiif.

Bon kapasite pou etabli e jere relasyon entèpèsonel ak kolèg nan SOIL ni reprezantan

moun ekstenn.

Konpreyansyon sou bezwen teknik ONG

Kapasite pou pale/li/ekri nan Kreyol-Ayisyen epi Angle

<


Dossier de candidature doit avoir ...

FASON POU APLIKE:

Voye dosye aplikasyon pa imel nan jobs@oursoil.org ak tit “SOIL IT Manager” nan objè imel la.

Dosye yo dwe an Anglè, Kreyol, oswa Fransè epi enkli selman 3 bagay sa yo:

o Let motivasyon ki eksplike entere pa’w epi kalifikasyon pou pos sa

o CV

o Enfomasyon kontak pou 3 referans pwofesyonel (kandida yo ap enfome avan nou antre

an kontak ak referans sa yo)

Note byen ke aplikasyon ki pa enkli 3 aspè sa yo pap konsidere. Sil vou plè pa voye lot

dokiman/setifika san nou pa mande pou sa.


Contact

jobs@oursoil.org


Remarque contact

Nou ankouraje Fanm aplike pou pòs sa !


Autres remarques


Envoyez à vos amis par


back top