Nan kad Pwojè k ap fèt sou reyalite fanm ak tifi andikape, ekip la ap genyen pou emprime plizyè materyèl, pou distribisyon nan divès òganizasyon estratejik pou yo entegre l nan enplementasyon SASA ! ak Kore Tifi pa yo. Konsa, li bezwen yon kay empresyon ki kapab fè bon kalite empresyon sou papye bon kalite, ak livrezon Jakmèl.
Résumé du poste : 
                •	Fè eprèv 1 nan chak kalte materyèl yo pou validasyon Jakmèl
•	Disponib pou korije sa ki merite korije
•	Apre apwoubasyon eprèv, fè empresyon pou pi piti:
o	26,000  Afich (7000 kopi nan Afich 1 (Faz 1) / 5000 kopi nan Afich 2 (Faz 2) / 9000 kopi nan Afich 3 (Faz 3)/ 5000 kopi nan Afich 4 (Faz 4)) - 11x17 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
o	3,059 Ti Pale (1000 Faz 2 / 1000 kopi Faz 3 / 1059 kopi Faz 4) - 8.5x11 TOUT Koulè, sou papye bristol  glossy rekto verso
o	6300 Teyat (700 kopi chak nan 3 Teyat yo, ak 10 paj anviwon pou chak) - 8.5x11 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
            
Compétences et qualifications requises :
                •	Genyen kapasite ak konesans nan fè empresyon ak livrezon a lè
•	Gen aksè ak papye bon kalite, jan sa presize nan tèm referans
•	Disponibilite
•	Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl
            
                    
consultant@beyondborders.net, ak objè : Empresyon pou materyèl sou vyolans sou fanm ak tifi andikape.
01/01/1970 à 00:00
j.louis@beyondborders.net