KONTEKS / Context
Nan kad Pwojè k ap fèt sou reyalite fanm ak tifi andikape, ekip la ap genyen pou emprime plizyè materyèl, pou distribisyon nan divès òganizasyon estratejik pou yo entegre l nan enplementasyon SASA ! ak Kore Tifi pa yo. Konsa, li bezwen yon kay empresyon ki kapab fè bon kalite empresyon sou papye bon kalite, ak livrezon Jakmèl.
            
Résumé du poste : 
                I. OJEKTIF KONSILTASYON AN / Objective of Consultancy
Empresyon ak livrezon kopi dokiman sa yo : 4 Afich, 3 Ti Pale, 3 Teyat ak Liv konple
II.  DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN/General Description of Contract & Responsibilities of Consultant
•	Fè eprèv 1 nan chak kalte materyèl yo pou validasyon Jakmèl
•	Disponib pou korije sa ki merite korije
•	Apre apwoubasyon eprèv, fè empresyon :
o	8,800 Afich (2200 kopi chak nan 4 Afich) - 11x17 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
o	3,300 Ti Pale (1100 kopi chak nan 3 Ti Pale) - 8.5x11 TOUT Koulè, sou papye bristol  glossy rekto verso
o	660 Teyat (220 kopi chak nan 3 Teyat yo, ak 10 paj anviwon pou chak) - 8.5x11 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
o	200 kopi Liv konple « Yon Kominote Ini San Vyolans » (anviwon 120 paj) – 8.5x11 Tout koulè, sou papye nòmal ak paj kouvèti yo ak bon kalite papye di
•	Livrezon pou rive Jakmèl, Haiti
III.  TRAVAY POU LIVRE/ Deliverables
•	Tout eprèv ak kopi finalize site pi wo
IV.  DIRE ak DAT LIMIT / Duration & Deadlines
•	Dele pou eprèv : 7 jou ouvrab apre siyati kontra
•	Dele pou livrezon final : 3 semenn apre siyati kontra
V.  RESKONSABILITE DEPASE FWONTYE YO / Depase Fwontyè yo Responsibilities
•	Pataje tout dokiman referans, logo ak lòt
•	Bay fitbak sou eprèv anndan 3 jou ouvrab
•	Bay 30% toutswit apre siyati kontra; epi 70% apre Beyond Borders/ Depase Fwontyè yo verifye livrezon an e apre Depase Fwontyè yo rive jwenn fakti nan men kay empresyon
            
Compétences et qualifications requises :
                VI.  PWOFIL KANDIDA / Candidate Profile
•	Genyen kapasite ak konesans nan fè empresyon ak livrezon a lè
•	Gen aksè ak papye bon kalite, jan sa presize nan tèm referans
•	Disponibilite
•	Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl
VII.  EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON / Submission of Application 
•	Yon pwofòma an Goud ki detaye empresyon ak livrezon ak kalite papye; dele 3 Janvye 2021 sou consultant@beyondborders.net 
            
                    
consultant@beyondborders.net
01/01/1970 à 00:00