KONTEKS / Context
Nan kad Pwojè k ap fèt pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi, 8 òganizasyon mete ansanm pou fè yon kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi. Pami yo, 1 ladan yo ap bay sipò teknik sou metodoloji SASA ! ak Kore Tifi, 1 nan yo ap bay sipò òganizasyonèl pou ede ranfòse chak òganizasyon, 3 nan yo ap enplemante Kore Tifi nan kominote pa yo epi, 3 nan yo ap enplemante SASA ! nan kominote pa yo.  Konsa, li bezwen yon kay empresyon ki kapab fè bon kalite empresyon sou papye bon kalite, ak livrezon bò kote 7 nan òganizasyon yo (2 Pòtoprens, 1 Okap, 1 Ench, 1 Okay, 1 Petit Twou de Nippes, 1 Jakmèl).            
Résumé du poste : 
                I. OBJEKTIF SEVIS YO / Objective of Services
Empresyon ak livrezon materyèl komikasyon (afich, ti komik, teyat, elatriye) soti nan metod SASA ! ak Kore Tifi.
II.  DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE FOUNISE/General Description of Contract & Responsibilities of Supplier
•	Fè eprèv 1 Afich, 1 ti komik SASA!, 1 ti komik Jesika Kore Tifi rive pou validasyon Jakmèl. 
•	Disponib pou korije sa ki merite korije.
•	Apre apwoubasyon eprèv, fè empresyon selòn gri ki nan pyès jwent, pou  Faz 1 ak 2 Kore Tifi ak A
•	Fè kantite chak materyèl ki endike livre nan biwo 7 òganizasyon  (2 Pòtoprens, 1 Okap, 1 Ench, 1 Okay, 1 Petit Twou de Nippes, 1 Jakmèl).
III.  TRAVAY POU LIVRE/ Deliverables
•	Kantite ak kalite detaye nan pyès jwent « Demann empresyon Kowalisyon Sipò Teknik.pou.kay.empresyon »
•	Livrezon 1 kopi premye eprèv e jiska 2 koreksyon apre, Jakmèl.
•	Empresyon final ak Livrezaon Afich, Ti Komik, Ti Pale, ak lòt dokiman SASA ! pou Faz Kòmanse ak Konsyantize.
IV.  DIRE ak DAT LIMIT / Duration & Deadlines
•	Dele pou eprèv : 15 Septanm
•	Dele pou livrezon final premye tranch: 27 Septanm 2019
            
Compétences et qualifications requises :
                PWOFIL FOUNISE/ Supplier Profile
•	Genyen kapasite ak konesans nan fè empresyon ak livrezon a lè.
•	Gen aksè ak papye bon kalite, jan sa presize nan tèm referans.
•	Disponibilite
•	Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl.
            
                    
VI.  EGZIJANS pou DEPOZE PWOPOZISYON/ Submission of Tender
•	Yon pwofòma an Goud sou papye an tèt, ki detaye empresyon ak livrezon ak kalite papye ; eprèv lòt travay ou konn fè pou materyèl mobilizasyon kominotè/ edikasyon popilè ; kopi patant; voye bay li ak bon sijè « Empresyon Kowalisyon » sou travaysasa@gmail.com anvan dat limit : 30 Out 2019.
01/01/1970 à 00:00