Kowòdonatè Nasyonal Dlo ak Sanitasyon pour ong | JobPaw.com
Introduction

Oganizasyon entènasyonal ap chèche Kowòdonatè Nasyonal Dlo ak Sanitasyon (WASH National Coordinator) pou pwogram ijens li.


Fonctions

Reskonsablite
• .
• Kontribiye nan devlopman program WASH la nan idantifye sit, patnè ak aktivite yo
• Devlope plandaksyon pou ekip WASH la epi fe swivi progrè proje a ak rezilta kle yo
• Sipote ekip enjenyè yo ansanm ak ekip Promotè lijyèn yon an planifikasyon ak entevansyon sou teren.
• Aplike yon evalyasyon kalite ak fe swivi progrè projè ki ap egzekite oubyen konplete ak Save the Children oubyen tou lot patnè Save yo
• Evalye epi propose amelyorasyon nan metod ak prosedi ki itilize nan projet ki ap dewoule sou teren swa ak Save the Children oubyen lot patnè.
• Travay ak bonjan kowodinasyon ansanm ak lot sekte tankou : nitrisyon,, proteksyon timoun, edikasyon pou projè WASH la ka byen entegre ak lot sektè yo.
• Ede devlopman teknik avèk gid pratik pou programasyon WASH
• Jere ak ankadre Staf program WASH yo
• Determine bezwwen teknik pou fomasyon epi ede nan preparasyon materyèl fomasyon yo
• Fe kowodinasyon ak otorite local yo, lot Oganizasyon yo san bliye lidè kominotè yo. Reprezante Save the Children nan reyinyon kowodinasyon le gen otorizasyon pou sa.


Qualifications réquises

Kalifikasyon ak konpetans:
• Fomasyon enjenyè sivil, santé piblik oswa lot domèn kole. Esperyans ka konte pou kalifikasyon an, men kalifikasyon pa ka ranplase esperyans.
• 2 zan pou pi piti nan jesyon projè dlo ak sanitè li pi bon si se ta nan ONG
• Bon jan kapasite pou fe analiz, ak bonjan konpetans nan kominikasyon
• Dispozisyon pou deplase trè souvan nan zon travay yo
• Bon jan nivo nan kreyol, franse ak angle pale ak ekri.
• Kapasite pou respekte delè nan yon fason otonom
• Bon jan kompetans nan enfomatik
• Bon jan relasyon ak lot moun
• Kapasite pou travay an ekip
• Kapasite pou ekri rapo korekteman
• Angajman ak regleman


Dossier de candidature doit avoir ...

Moun ki enterese ka voye dosye yo anvan 12 fevrye nan adrès sa-a


Date limite

2010-02-12