Enjenyè Dlo ak Sanitasyon pou pwogram ijens pour ong | JobPaw.com
Introduction

Oganizasyon entènasyonal ap chèche Enjenyè Dlo ak Sanitasyon pou pwogram ijens li nan zòn sa yo Jakmèl, Tigwav, Leogan ak Pòtoprens
Sipèvizè: Chèf ekip dlo ak sanitasyon (Water and Sanitation/ WATSAN)


Fonctions

RESPONSABLITE KI ENPÒTAN
• Fè etid ki ka fèt sou entèvansyon nan konstriksyon.
• Defini enfòmasyon sou pèsonèl la ak tan ki nesesè pou met sou pye pwojè konstriksyon ak sipèvizyon.
• Evalye kalite konstriksyon yo ak kijan travay la ap avanse pou pwojè Save the Children oubyen patnè l yo ap fè oswa ap konplete.
• Evalye epi pwopoze kijan amelyore metòd pou met sou pye pwojè konstriksyon yo ak pwosedi Save the Children oubyen patnè li yo konn itilize.
• Travay nan tèt kole ak ekip sante, lamanjay, pwoteksyon ak ledikasyon pou entegre sektè ki lan pwogramasyon dl o ak sistèm sanitè.
• Devlope plan estanda, lis kantite materyèl ak materyèl detaye pou pwojè Save the Children abitye genyen.
• Founi ki materyèl detaye yo bezwen epi ki kalite estanda materyèl yo bezwen pou aksepte pwojè yo,
• Bay espesifikasyon teknik ak règ pou suiv pou fè konstriksyon ak sipèvizyon.
• Founi plan (estanda oubyen pwojè apa) pou yo aksepte pwojè yo.
• Bay fòm/akseptasyon pou kontra yo, presize pwosedi espesifik pou kontra yo epi ede si gen bezwen avèk asistans kontraktè yo chwazi yo ap bay.
• Evalye epi aksepte egzijans chanje plan yo ak espesifikasyon materyèl yo si sa rive pandan pwojè a ap reyalize.
• Bay sipò pandan sipèvizyon konstriksyon an; founi enspeksyon sou kontwòl kalite ak evalyasyon sou kijan travay la ap vanse
• Jere epi ankadre asistan enjenyè watsan yo
• Defini kisa fòmasyon teknik la bezwen epi ede prepare materyèl pou fòmasyon yo
• Òganize epi anime fòmasyon teknik yo
Fè kòdinasyon ak otorite local yo, lòt ajans ak lidè kominotè


Qualifications réquises

KALIFIKASYON AK KONPETANS:
• Nivo etid (degre nan sivil oubyen mec) nan domèn nou bezwen an,
• Minimòm 2 zan eksperyans nan dlo ak pwojè sanitè.
• Bonjan kapasite analiz, kapasite pou kominike ak tout moun
• Konpran kesyon fanm ak gason, preparasyon dezas ak devlopan kesyon yo
• Pòs sa a ap mande anpil deplasman sou zòn pwojè a tanzantan.
• Bonjan kapasite pou kominike an Kreyòl, Franse ak Angle.
• Kapasite pou respekte tan yo ba w pou fè travay la epi pou travay pou kont ou
• Konpyoutè ak kapasite pou jere lajan
• Kapasite pou adapte w
• Respekte objektif Save the Children bay yo
• Kapasite pou travay kòmsadwa nan yon ekip.
Kapasite pou ekri rapò


Dossier de candidature doit avoir ...

Moun ki enterese ka voye dosye yo anvan 12 fevrye nan adrès sa-a:


Date limite

2010-02-12