Direktè Depatman Swivi, Evalyasyon ak Aprantisaj pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen san bi likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik li depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Misyon
Direktè Depatman suivi-evalyasyon ak aprantisaj la responsab pou planifye, oganize ak jere sistèm suivi evalyasyon ak aprantisaj Fondasyon an. Li asire tout pwogram Fondasyon yo genyen bon jan plan suivi ak evalyasyon, zouti ak sistèm jesyon done ki ap pèmèt yo suiv objektif yo pou atenn rezilta Fondasyon an ap chache pandan lap genyen done ki ap pèmèt li aprann epi kominike sou rezilta pwogram ak pwojè yo. Li genyen pou li kowodòne aktivite rechèch k ap fèt nan Fondasyon an tou, yon fason pou aktivite sa yo fèt yon fason ki etik epi ki ede pwodwi konesans ki enpòtan pou Fonkoze epi pou peyi a.
Aktivite Prensipal

Planifikasyon ak òganizasyon
• Patisipe nan planifikasyon estratejik Fondasyon an.
• Defini ansanm ak direksyon jeneral la objektif depatman suivi ak evalyasyon.
• Mete anplas plan daksyon depatman an ki pran ankont plan operasyonèl pwogram yo.
• Asire chak pwogram genyen yon plan suivi ki ajou.
• Idantifye ak direktè pwogram, direksyon jeneral tout bezwen evalyasyon .
• Prepare Bidjè chak ane pou depatman.

Sipò pou Pwogram Fondasyon yo
• Asire pwogram Fondasyon yo genyen zouti suivi ki ajou pou suiv rezilta estratejik yo.
• Mete anplas epi asire fonksyonman bon sistèm verifikasyon done ki ap kolekte nan pwogram yo.
• Reponn ak bezwen Evalyasyon ak tout kolèk done pwogram yo.
Travay ak evalyatè ekstèn lè sa nesesè pou evalye pwogram yo, ki vle di patisipe nan rekrite evalyatè ekstèn, revize deskripsyon tach yo, revize pwodwi yo epi bay direktè pwogram yo avi sou yo.
Jesyon resous depatman
• Asire depatman an genyen resous moun nesesè pou reyalize misyon li.
• Asire chak anplwaye nan depatman an genyen yon deskripsyon tach, objektif ki fikse chak ane ak evalyasyon pèfòmans.
• Byen jere bidjè Depatman an, fè depans yo selon nòm ak pwosedi Fondasyon an.
• Kontinye grandi depatman an.

Kowodone rechèch k ap fèt nan Fondasyon an
• Kreye lyen travay rechèch ak kèk patnè akademik nan domèn ki enpòtan pou Fondasyon an.
• Asire Fondasyon an toujou genyen pou piti yon rechèch k ap fèt.
• Apiye direktè pwogram yo nan negosyasyon ak akademisyen sou kontni rechèch yo.
• Asire rechèch yo respekte nòm etik yo epi politik ak valè Fondasyon yo.
• Patisipe nan sipèvize moun k ap fè rechèch yo (etidyan, estajyè, akademisyen).


Qualifications réquises

Konesans :
• Metriz teknik domèn suivi ak Evalyasyon.
• Metriz teknik elaborasyon pwojè/pwogram devlopman.
• Konesans jesyon.

Aptitid ak Kapasite :
• Konpetans teknik avanse nan suivi ak Evalyasyon.
• Bon kapasite kominiksyon oral ak ekri, franse, kreyol ak Anglè.
• Konnen ki jan sipèvize yon ekip.


Conditions de travail

Pos la baze nan Potoprens avek kek deplasman nan pwovens


Dossier de candidature doit avoir ...



• Curriculum vitae



• Kopi diplòm lisans, sètifika ak papye travay



• Lèt motivasyon



• De (2) referans pwofesyonèl


Autres remarques


N- B: Nou ankouraje kandidati fanm ak kandidati moun ki nan yon sitiyasyon andikap.


Date limite

2024-05-18