Jesyonè Aprantisaj ak Kominikasyon pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philippe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Jesyonè Aprantisaj ak kominikasyon an responsab pou sipòte ekip pwogram yo nan mete kanpe mekanis pou fidbak benefisyè yo, nan mete an aplikasyon plan aprantisaj ak mete anplas zouti kominikasyon pwogram yo ak Fondasyon an. Jesyonè Aprantisaj ak kominikasyon an Asire Fondasyon genyen zouti pou kominike ak Bayè, patnè, ak tout piblik li yo sou rezilta, enpak, ak pwogrè pwojè ak pwogram fondasyon an.

Prensipal Fonksyon ak Responsablite
• Redevabilite
? Devlope ak/oswa mete ajou estrateji ak mekanis redevabilite pou pwojè/pwogram fondasyon an anvè donatè, benefisyè ak manm yo;
? Inisye epi dirije pwosesis pou mete kanpe fidbak ak mekanis fidbak nan pwogram ki baze sou kalite yo ak nòm estanda yo;
? Sipòte enplemantasyon mekanis fidbak yo nan analize done ki disponib ak bay rekòmandasyon pou amelyore mekanis sa yo;
? Evalye aplikasyon mekanis yo lè w tcheke nivo kouvèti, itilizasyon ak fidbak ki gen rapò ak chak gwoup sib;
? Fòme ekip pwogram yo, inite suivi ak evalyasyon, ak patnè yo sou estanda transparans ak responsabilite yo dwe respekte pandan aplikasyon pwogram yo;
? Òganize reyinyon regilye ak benefisyè yo ak kominote lokal yo pou diskite sou pwogrè pwojè, defi ak opòtinite pou amelyorasyon;
- Asire ke kòmantè ak enkyetid benefisyè yo pran an konsiderasyon lè desizyon ap pran nan planifikasyon, aplikasyon ak evalyasyon pwojè yo.

• Aprantisaj
? Soutni pwogram/pwojè yo pou devlope diferan plan aprantisaj yo;
? Asire ou chak pwogram/pwojè genyen yon plan aprantisaj, achive yo epi suiv miz an aplikasyon yo;
? Fòme ekip pwogram yo, inite suivi ak evalyasyon, ak patnè yo sou teknik aprantisaj yo aknesesite pou entegre aktivite aprantisaj nan aktivite pwogram yo;
? Anime sesyon/atelye aprantisaj pou pwogram yo (After Action Review, Evalyasyon nan tan reyèl, bilan, elatriye) pou jwenn leson ak idantifye bon pratik;
? Mete mekanism pou dokimante leson nou aprann, bon pratik ak defi nou rankontre nan chak pwogram/pwojè epi pataje yo nan Fondasyon an pou amelyore entèvansyon k ap vini yo;
? Soutni devlopman pwopozisyon/revizyon nouvo pwogram/pwojè pandan n ap pran an kont aprantisaj pwogram ak pwojè ki pase;
- Kolabore ak ekip Suivi ak Evalyasyon pou entegre done aprantisaj yo nan rapò ak evalyasyon pwogram/pwojè yo.
• Kominikasyon
? Sèvi ak done kolekte nan kad Swivi ak Evalyasyon pou devlope zouti kominikasyon pou prezante rezilta ak enpak pwojè/pwogram yo bay pati prenant anndan tankou deyò fondasyon an;
? Revize pwodiksyon rapò etid, rapò evalyasyon pwojè, tablodbò, elatriye pou asire mesaj kle yo byen fòmile;
? Idantifye tandans, modèl, ak rezilta kle pou enfòme estrateji ak mesaj kominikasyon gras ak lojisyèl analiz done avanse yo pou kapab kreye materyèl kominikasyon klè ak konvenkan, tankou rapò, enfografi, prezantasyon, etid kas, istwa siksè pou kominike rezilta ak efikasite bay diferan piblik ak odyans;
? Patisipe aktivman nan revizyon konklizyon yo nan liy debaz la ak nenpòt lòt evalyasyon ak rechèch ki fèt nan pwogram ak pwojè yo nan lide pou dokimante konesans yo;
Fè konsepsyon ak gaye bilten ki dokimante pwogrè ki fèt nan pwojè ak pwogram yo.

• Angajman ak ranfòsman kapasite
? Kolabore avèk ekip pwojè, manadjè pwogram, ak direksyon jeneral pou konprann bezwen kominikasyon yo nan Fondasyon an;
? Devlope ak kenbe relasyon travay pozitif ak patnè entèn ak ekstèn pou asire kominikasyon ak pataj enfòmasyon efikas tankou depatman R&D ak responsab kominikasyon nan SFF;
? Fòme ekip pwogram yo, inite suivi ak evalyasyon, ak patnè yo sou prensip redevabilite, aprantisaj nan òganizsayon ak sou zouti kominikasyon yo;
? Devlope ak mete an aplikasyon sistèm pou swivi ak rapò endikatè pèfòmans kominikasyon;
- Evalye efikasite materyèl kominikasyon ak mete an aplikasyon amelyorasyon baze sou rezilta swivi ak evalyasyon.


Qualifications réquises

• Diplòm inivèsite nan kominikasyon sosyal, antwopoloji, devlopman entènasyonal, syans sosyal, syans ekonomik oswa yon domèn ki gen rapò;
• Pou pi piti 2 lane eksperyans ki pwouve nan analiz done, jesyon pwojè, ak ekri rapò;
• Eksperyans nan animasyon fòmasyon, atelye ak evènman;
• Eksperyans ki pètinan nan konsepsyon zouti ak estrateji pou pwodiksyon rapò an kreyòl, fransè ak anglè;
• Eksperyans ki pètinan nan analiz ak vizyalizasyon done gras ak lojisyèl estatistik tankou R, SAS, SPSS, Python, PowerBi, elatriye.

Konesans :
• Konesans sou pwojè avèk pwogram devlopman ak konpreyansyon kontèks devlopman entènasyonal;
• Familyarizasyon ak konsepsyon, kad, ak metodoloji swivi ak evalyasyon;
• Konesans sou sijè transvèsal tankou “genre”, aksesibilite, enklizyon jèn ak andikape;
• Familyarizasyon ak pwosesis swivi ak evalyasyon pwojè ak pwogram;
• Konprann teknik ak zouti vizyalizasyon done;
• Metriz lojisyèl ak zouti enfòmatik sitou Word, Excel, Outlook, PowerPoint, OneDrive, Dropbox, ODK Collect, KoboToolbox, SurveyCTO.
Aptitid ak Kapasite :
• Bon kapasite kominikasyon ekri ak oral nan lang kreyòl, angle ak franse, avèk kapasite pou senplifye enfòmasyon konplike;
• Bon kapasite sentèz, analiz ak refleksyon kritik pou;
• entèprete done ak jwenn konklizyon siyifikatif;
• Bon kapasite òganizasyon, planifikasyon ak jesyon priyorite;
• Kapasite pou travay ansanm nan yon ekip ki genyen plizyè disiplin;
• Kapab travay avèk efikasite anba presyon epi ak endepandans/otonomi.


Dossier de candidature doit avoir ...

Dosye kandida a dwe genyen :
• Curriculum vitae

• Kopi diplòm yo, sètifika yo ak papye travay

• Lèt motivasyon

• De (2) referans pwofesyonèl


Date limite

2024-01-30