Ofisye Pwojè pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction



Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philippe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Misyon
Ofisye Santral dwe bay direktè rejyonal enfòmasyon sou kondisyon kontra finansman an lè yo bezwen li. Li
dwe asire ke pwogram nan pa anreta ak rapò patnè yo. Li dwe asire ke leson yo dokimante ak enfòmasyon yo rapòte yo disponib nan yon fason apwopriye ak a tan.

Prensipal Fonksyon ak Responsablite

Swivi echeansye

• Prepapre plan echeansye perodik baze sou planifikasyon operasyonel anyel Direktè
Rejyonal ak Manager zòn yo.
• Swiv pwogresyon chak zòn pa rapò ak planifikasyon echeyans yo genyen.
• Bay notifikasyon ak Feedback ak tout responsab zòn sou echeyans ki a risk oswa ki pa
respekte.
• Bay direksyon pwogram nan yon ti rapò mansyèl sou pwogresyon zòn yo pa rapò ak
echeyansye yo.

Relè ant CLM_Finans_BMZ
• Prepare yon fichye ak obligasyon kontraktyèl pwogram nan anvè bayè yo, espeyalman
BMZ;
• Travay ak ADM pwogram nan pou tabli pi bon estrateji pou Pwogram nan respekte
obligasyon sila yo;
• Asire tout Direktè Rejyonal bay feedbak sou rapò finansye yo 2 jou ouvrab apre yo fin
pataje yo. Notifye direksyon sou tout reta feedbak ki rive 3 jou;
• Fè swivi kot finans apre tout demand infòmasyon Direktè rejyonal yo sou kodifikasyon,
Pricing pou bidjè, demand koreksyon elatriye...;
• Ansanm ak ADM pwogram nan, ramase feedbak nan men finans pou fasilite fòmasyon
ekip operasyonel pwojè a pou yo ka pi efikas.

Jesyon Finansyè

• Patisipe ak Direktè Pwogram lan nan preparasyon swivi bidjè pwojè an dapre enstriksyon
ak pwosedi Fonkoze oubyen donatè yo;
• Toujou Swiv rapò sou eta evolisyon bidjè yo epi bay Rejyonal oubyen ofisye pwojè
Feedback sou depasman yo;
• Fè swivi demand realokasyon bidjè ki soti nan rejyon yo ak Direktè pwogramm ou ak bayè
yo selon enstriksyon direktè pwogram nan pwosedi Fonkoze oubyen donatè yo;
• Toujou Swiv rapò sou eta evolisyon bidjè yo epi bay Rejyonal ou ofisye pwojè Feedback
sou depasman;
• Fe swivi demand realokasyon bidjè ki soti nan rejyon yo ak Direktè pwogramm ou ak bayè
yo selon enstriksyon direktè pwogram nan.

Dokimantasyon
• Oganize rapòtaj evenman aprantisaj nan pwogram nan;
• Pwodwi yon rapò sentèz leson ki soti nan diferant reyinyon sa yo chak 3 mwa, soumèt li
bay dikreksyon an;
• Patisipe ak ofisye aprantisaj ak kominikasyon nan visit tèren ki ap fasilite pwogram nan
kapte istwa siksè/echèk; ajoute leson ki soti nan istwa sa yo nan rapò sentèz chak 3
mwa;
• Fè yon prezantasyon chak 3 mwa nan reyinyon tout estaf la sou prensipal leson ki tire
nan pwogram nan, ramase feedback tout ekip la sou leson sila yo.

Rapòtaj

• Fè yon tablo ak echeyansye rapòtaj (par bailleurs de fond) kominike ak sipevizè yo.
• Difini ak manm estaf ki konsène tout eleman ou bezwen pou fè rapò selon egzijans
direksyon an ;
• Prepare yon kanva ki presize ki kalite enfòmasyon ou bezwen sou ki fòm epi ki lè.
• Ekri rapò pou bayè selon planifikasyon Direktè pwogram nan;
• Asire delè pou rapotaj bayè yo respekte avek rigè.

Oganizasyon evenman aprantisaj ak ADM pwogram nan

• Genyen yon diskisyon regilye ak ADM nan sou evenman ki pral òganize nan pwogram nan
pa direksyon pwogram nan;
• Asire tout direktè Rejyonal konnen kisa pou yo fè apre desizyon Direksyon an;
• Avèk ADM nan prepare dosye, dokiman ki nesesè pou realizasyon evenman;
• Kowosone rapotaj tout evenman Direksyon an ap oganize.


Qualifications réquises

Konpetans :
Fòmasyon ak eksperyans :
• Pi piti 4 lane inivèsite nan domèn syans sosyal osinon ekonomik.
• Pi piti 5 lane eksperyans nan jesyon pwogram devlopman.

Konesans :
• Konesans milye riral ayisyen ;
• Konesans sitiyasyon ekonomik ak sosyal moun
pov yo sitou ;
• Metriz nan pwosesis fomasyon granmoun, travay
Sosyal;
• Metriz nan lojisyèl Word ak Excel;
• Metriz jesyon pwojè ak zouti jesyon pwojè (kad
lojik, tablo gantt);
• Yon konesans minimum nan fe bidjè epi li rapò finansye pwojè yo.

Aptitid ak Kapasite :

• Bon kominikasyon ekri ak pale an Franse, Anglè
epi Kreyol;
• Kapasite lideship, motive ak anime yon ekip;
• Kapasite fonksyone yon fason ki otonòm;
• Sans inisyativ;
• Kapasite pou rezoud pwoblèm;
• Kantite visit tèren ak ofisye aprantisaj ak kominikasyon.


Conditions particulières

Nou ankouraje kandidati fanm ak kandidati moun ki rete nan potoprens


Dossier de candidature doit avoir ...

• Curriculum vitae

• Kopi diplòm yo, sètifika yo ak papye travay

• Lèt motivasyon

• De (2) referans pwofesyonèl

Dat limit pou nou resevwa depo kandidati yo se: 28 janvye 2024 nan adrès elektwonik sa a :


Date limite

2024-01-28