Kontab Rejyonal pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Misyon
Kontab rejyonal la ap jere kontabilite biwo rejyonal li afekte a, epi asiste chèf ekip kontab pwojè a nan sa ki gen rapò ak jesyon dosye kontab ak finansye pwogram ak pwojè yo. Lap kontwole epi jistififye tout avans ak depans administratif ak pwojè rejyon an, pandan lap veye pou règ ak nòm kontab yo respekte. Lap fè tretman kontab dosye yo, pase ekriti kontab yo, antre yo nan lojisyèl kontab epi transfere yo nan biwo santral.
Prensipal Fonksyon ak Responsablite
Kontabilite
• Byen verifye pyès jistifikatif rapò teren yo;
• Antre done rapò jistifikatif avans pwojè yo ak rapò jistifikatif biwo rejyonal la;
• Prepare demann ranflouman kont bank yo;
• Prepare rapò finansye mansyèl biwo rejyonal la;
• Rekonsilye rapò finansye yo ak sistèm nan, fè swivi pou koreksyon si sa nesesè, epi bay sipèvizè l ak administratè rejyonal la yon rapò chak 3 mwa;
• Rekonsilye fichye avans blok Sid ak Sidès yo epi fè swivi ak pwogram oubyen depatman yo regilyèman;
• Prepare rapò ranbousman kou komen pwojè yo;
• Rekonsilye kont bank fonksyònman biwo rejyonal la epi ede rekonsilye kont fonksyònman pwogram ak pwojè yo;
• Reyalize sezi mansyèl kou sèvis SFF, lwaye ak onorè kontraktyèl.

Rapò ak swivi
• Swiv ak fè respekte kloz kontra bayè yo (envantè, lè travay yo, elatriye.) ;
• Kolabore ak patnè yo / soukontraktan pwojè ki disponib yo, pandan l ap fè swivi verifikasyon sou tèren, rapò finansye yo ak demann avans jan sa ekri nan kontra yo a ;
• Fè swivi dokiman acha yo (bon livrezon, fakti, ak demann pèman) ;
• Jere kesyon achivaj tout dokiman kontab yo;
• Verifye pyès jistifikatif avans sou teren yo;
• Prepare misyon verifikasyon patnè Sidès yo.
• Fè swivi demann pèman ak biwo santral.

Relasyon avèk direktè pwogram yo, administratè pwogram yo, patnè ak bayè fon yo.
• Asiste sipèvizè l nan swivi bidjetè epi avèti lè gen depasman oubyen risk pou bidjè total la pa fin depanse ;
• Patisipe nan fòmasyon pou ofisye administratif ak manadjè ki nan zòn nan sou pwosedi ak egzijans bayè yo ak sou zouti rapòtaj yo ;
• Fè deplasman sou teren pou egzekite misyon kontwòl ak verifikasyon pou depatman finans;
• Devlope yon bon relasyon ak patnè yo epi asiste yo nan soumet rapò finansye yo ;

Lòt tach
• Patisipe nan odit pwojè yo ak asiste depatman finans nan kad odit ;
• Kominike ak sipèvizè l sou tout pwoblèm ki ta ka anpeche inite kontabilite rejyonal la byen fonksyone ;
• Patisipe nan envantè materyèl biwo rejyonal la ;
• Asire tach asistant administrativ lan lè li an konje ;
• Fe sipèvizè l konnen kijan pwojè yo ap avanse ak lòt pwoblèm li ta ap fè fas ;
• Egzekite tout lòt tach nesesè k ap ede enstitisyon an byen mache;
Konpetans li dwe genyen
Fòmasyon ak eksperyans :
• Diplòm inivèsitè nan kontabilite oubyen yon domèn konèks ;
• Pou pi piti twa (3) lane eksperyans pwofesyonèl nan jesyon pwojè, finans oubyen kontabilite.


Qualifications réquises

Konpetans li dwe genyen
Fòmasyon ak eksperyans :
• Diplòm inivèsitè nan kontabilite oubyen yon domèn konèks ;
• Pou pi piti twa (3) lane eksperyans pwofesyonèl nan jesyon pwojè, finans oubyen kontabilite.

Konesans :
• Metrize enfòmatik byen : Sage 300 (ACCPAC), Wòd, Eksèl ak pawèpwent ap yon avantaj.
• Bon konesans nan kòd travay ayisyen an.
• Fleksib ak gen kapasite pou travay san l pa depann de lòt moun.
• Gen konesans sou pwosedi Fondasyon an.

Aptitid ak Kapasite :
• Disiplin ak entèg.
• Gen sans konfidansyalite.
• Kapasite pou kominike ak kapasite pou redije rapò nan lang fransè ak kreyòl.
• Konesans nan anglè se yon avantaj.
• Kapab travay sou presyon.
• Kapasite pou travay an kolaborasyon ak lòt moun.
• Ale travay sou teren san pwoblèm.


Conditions particulières

Nou ankouraje kanditati fanm yo


Conditions de travail

Dako pou rete travay nan Mibale


Dossier de candidature doit avoir ...

Dosye kandida a dwe genyen :
• Curriculum vitae

• Kopi diplòm yo, sètifika yo ak papye travay

• Lèt motivasyon

• De (2) referans pwofesyonèl


Date limite

2023-12-28