Responsab Sevis Rekritman RH pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen san bi likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Objektif Jeneral : Ede Fondasyon nan mete bonjan estrikti anplas pou devlope depatman RH la ak nan angaje anplwaye konpetan pou avansman misyon enstitisyon an.
Objektif Espesifik : Responsab sèvis Rekritman an pral asiste Jesyone RH la nan òganize rekritman, oryantasyon ak jesyon pèfomans anplwaye Fondasyon yo.
L ap asire l rekritman yo fèt daprè prensip jeneral rekritman ki nan politik jeneral RH yo.
Prensipal Fonksyon Responsab sèvis Rekritman RH la :
1. Apwi pou jesyon estratejik RH nan Fondasyon an

- Revize pwosedi rekritman yo pou Fondasyon an kapab rekrite moun li bezwen yo san li pa pèdi twòp tan nan respè prensip politik jeneral RH yo;
- Patisipe nan revize politik reminerasyon an;
- Kenbe yon je sou mache Resous Moun nan peyi a;
- Patisipe nan evalye politik jesyon RH fondasyon yo, epi sigjere yon amelyorasyon;
- Fè yon rapò sou resous moun chak trimès epi chak ane;
- Patisipe nan prepare plan siksesyon Fondasyon an.

2. Byenèt ak ankadreman anplwaye yo
- Patisipe nan planifikasyon, kowòdinasyon ak ekzekisyon aktivite sosyal Fondasyon an: (Anivèsè, maryaj, antèman, fèt…);
- Bay kout men nan analiz rezilta ankèt satisfaksyon anplwaye yo.

3. Rekritman anplwaye yo
- Jwenn demann rekritman yo nan men direktè depatman/pwogram yo epi diskite yo avèk yo pou byen konprann sa yo bezwen;
- Asire tout demann rekritman yo jwenn otorizasyon nòmal;
- Chwazi pwosesis rekritman ki pi adapte ak bezwen yo, selon pwosedi rekritman nan manyèl yo; Pibliye apèl dòf, fè depouyman dosye yo;
- Fe premye analiz epi rekomande moun pou premye etap;
- Oganize egzamen ansanm ak direktè depatman /pwogram;
- Oganize antrevi yo ;
- Prepare rapò rekritman yo epi asire panèl la siyen yo;
- Asire pwogram ak depatman yo pare pou resevwa nouvo anplwaye yo (demann materyèl, kote moun ap travay, elatriye.);
- Prezante nouvo anplwaye yo nan biwo santral;
- Kowòdone patisipasyon lòt manm ekip RH yo nan pwosesis rekritman an, annakò ak JRH;
- Patisipe nan evalyasyon estajyè yo.

4. Oryantasyon anplwaye yo
- Oganize oryantasyon anplwaye yo ;
- Travay ak Ofisye Resous Moun pou li konstitye dosye yo nouvo anplwaye yo;
- Asire tout nouvo anplwaye yo gen badj ak rantre nan plan asirans la.


5. Evalyasyon Pèfòmans anplwaye yo

- Asire tout anplwaye gen objektif pèfòmans;
- Idantifye bezwen Fomasyon yo pou konstwi konpetans Fondasyon bezwen;

- Fè plan fòmasyon, bay JRH rapò sou jan pefòmans anplwaye evolye.

6. Jesyon karyè
- Bay yon kout men pou fè plan karyè pou anplwaye yo.


Qualifications réquises



- Lisans inivèsitè nan jesyon administrasyon oubyen nenpòt lot syans ki nan menm domenn nan.

- Gen 10 lane eksperyans pwofesyonèl an jeneral, ak 3 lane eksperyans nan domenn jesyon RH. Eksperyans nan rekritman ak jesyon karyè se yon atou.



Konesans :

- Konnen byen enfòmatik : Word, Excel, Power Point ak entènèt, Outlook.

- Konesans nan bon pratik rekritman resous moun

- Pale Fransè ak kreyòl byen epi konesans nan anglè



Aptitid ak Kapasite :

Kapab ekri ak kominike byen

- Gen Bon relasyon ak tout moun

- Kapab travay sou presyon

- Gen konfidansyalite

- Trè disipline

- Otonòm ak fleksib

- Entèg,ak motivé

- Gen sans pou tande moun

- Kapab pran inisyativ

- Gen espri dekip e trè kreyatif


Dossier de candidature doit avoir ...

• Curriculum vitae

• Kopi diplòm lisans, sètifika ak papye travay

• Lèt motivasyon

• De (2) referans pwofesyonèl



Date limite

2023-10-26