Asistan Lojistik pour Fondasyon Depase Fwontyè | JobPaw.com
Introduction

Asistan Lojistik

Kote anplwaye a baze Lagonav
Sipèvizè kòdonatè lojistik
Pòs Anplwaye a Sipèvize Mesaje-Gadyen, Menajè

Entwodiksyon:
Beyond Borders, anrejistre an Ayiti sou non “Fondasyon Depase Fwontyè” se yon ONG Ameriken ki kreye depi lane 1993. Beyond Borders ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. An Ayiti ak ozetazini, li rasanble resous li yo pou li fè chanjman ki jis epi dirab. Beyond Borders soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la(esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.

Depi 1993, aktivite Beyond Borders yo te konn reyalize nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li. Men rive nan lane 2013, Beyon Borders te kanpe kontra li te genyen ak patnè lokal sa yo. Depi lè sa, Beyond Borders twouve li nan sitiyasyon pou li egzekite poukont li twa (3) pwogram li genyen yo ki se : Repanse pouvwa (SASA), Pwoteksyon Timoun e Inisyativ Kominote Modèl (IKM).


Fonctions

Objektif pòs la:
Sou sipèvizyon dirèk Manadjè Lojistik la, Assistan Lojistik la ap genyen responsablite tout swivi lojistik sou Lagonav. Li ap genyen responsablite pou Jere


Responsablite:

Jesyon estòk / aktif

• Kenbe estòck pwovizyon yo yon kote ki an sekirite epi dapre yon rejis elektwonik ki byen swiv antre ak sòti;
• Soumèt rapò antre a sòti chak mwa bay sipèvizè Kòdonatè lojistik la.
• Asire yon envantè regilye nan stock li yo epi kenbe yon rejis detaye jan pwosedi Depase Fwontyè yo mande sa.
• Travay an kowòdinasyon ak depatman pwogram yo pou asire bon jan apwovizyonman (byen ak sèvis ) nan kad tout aktivite yo.
• Asire bon jan reparasyon ak antretyen sou tout aktif Depase Fwontyè yo.
• Asire ke antretyen ak reparasyon biwo yo fèt alè;
• Bay pèsonèl pwogram nan sipò adekwat an akò ak règ lojistik Òganizasyon an.

Apwovizyonman
• Trete epi egzekite sou sipèvizyon Manadjè lojistik la tout demand acha ki fèt nan diferan aktivite yo.
• Swiv pwosesis acha yo jiskaske yo fè kòmann, ki gen ladan pwovizyon, peman ak tout etap entèmedyè jiskaske yo achiv dosye yo.
• Jwe wòl reseptè a Resevwa, kontwole, anrejistre, estoke aktif ak ekipman ki sòti nan men founisè yo. Asire Asire resepsyon, tcheke si yo ak lòd inisyal la, klase ak kontwole bon jan kalite sa ki define nan bon kòmans.
• Prepare kontra sèvis, fè evalyasyon

Antretyen biwo
• Siveye antretyen enstalasyon Depase Fwonty¬è yo nan biwo a ansanm ak pwòpte ak sekirite ki nesesè pou enstalasyon sa yo;
• Asire sekirite byen Depase Fwonty¬è yo ak itilizasyon ak itilizasyon ki apwopriye ak yo;
• Fè antretyen ak jesyon ekipman Depase Fwonty¬è yo (òdinatè ak biwo, ekipman kominikasyon, ekipman enèji dèlko, motosiklèt, varyateur, elatriye)


Qualifications réquises

• Fòmasyon nan lojistik / chèn apwovizyonman
• Konesans de baz nan jesyon stock ak envantè
• Nivo Inivèsite nan Administrasyon, lojistik, eksperyans travay nan domèn nan yon plis
• De (2) ane eksperyans nan yon pozisyon menm jan an
• De (2) ane eksperyans minimòm nan sipèvize anplwaye
• Trè bon konesans nan lojisyèl sa yo: Excel, Word, Access ak Power Point
• Kapasite pou jere ak kowòdone plizyè travay ansanm
• Bon kapasite nan ekri Kreyòl
• Bòn konesans nan MS Word,Excel,Power point
• Moun ki abite oubyen ki moun Lagonav Lagonav swete

Konpetans
• Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
• Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
• Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
• Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri anglè yon diplis
• Konesans angle, yon avantaj
• Bon relasyon entèpèsonèl
• Rezilta ak sans kalite
• Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
• Abilite pou kondwi moto
• Kapasite pou travay nan zòn rekile


Dossier de candidature doit avoir ...

CV, Lèt motivasyon, Diplòm ou Sètifika ak prèv kote ou travay deja si ou genyen eksperyans

3 non refrans pwofesyonèl


Autres remarques

Depase Fwontyè yo se yon oganizasyon ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje fanm, moun ki andikape ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo postile.


Date limite

2023-10-23