Ofisye Pledwaye / Pwoteksyon Timoun pour Fondasyon Depase Fwontyè | JobPaw.com
Introduction

Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore senk (5) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm ; Mouvman pou chanje vizyon misyonè etranje sou peyi Dayiti. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa.



Nan travay pou sipòte mouvman libere timoun ki nan eksplwatasyon/sèvitid domestik, Inisyativ Kominote Modèl nan Lagonav travay men nan men ak Meri Ansagalè, KAZEK ak AZEK nan 11 seksyon ki nan 2 komin sou Zile Lagonav, ONG, ak òganizasyon kominotè yo.



Objektif pòs la:

Fondasyon an ap chèche yon Ofisye Pledwaye/Pwoteksyon timoun pou entegre ekip IKM Lagonav la. Ofisye Pledwaye/Pwteksyon timoun nan pral aplike pwogram Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou kòdone aktivite pledwaye ki kadre ak objektif mouvman sosyal DF ap sipòte yo, kontribye nan atenn objektif ki fikse espesyalman pou mouvman kont eksplatasyon timoun nan. Manm estaf la ap travay sou otorite Kòdinatè/tris Pwogram Inisyativ Kominote Modèl la.


Fonctions

Reskonsablite Kle:
1. Etabli bon relasyon ak tout aktè enpòtan pou mennen aktivite pledwaye sou zile a kou nan Pòtoprens.
2. Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
3. Egzekite aktivite pledwaye ak pwoteskyon timoun ki define nan kad lojik ak bidjè mouvman edikasyon DF.
4. Fè konsepsyon epi aplike zouti suivi ak evalyasyon aktivite ak pwojè yo.
5. Aplike zouti evalyasyon mouvman sosyal fondasyon an adapte.
6. Fasilite bezwen ak pwoblèm kominote yo jwenn repons otorite Lokal kou nasyonal nan ede yo bati plan pledwaye.
7. Òganize seminè fòmasyon pou ranfòse kapasite aktè yo.
8. Sipòte otorite lokal ak kominote yo pou fe ranmase done sou evolisyon seksyon ak kominote yo pa mwayen kat sosyal, nivo lavi, ankèt sou konesans, atitid ak pratik moun yo, anket sou byennet timoun.
9. Asire seksyon yo ak kominite yo genyen fasilitatè ak animatè metod ESK (Edikasyon Se Konvesasyon) TRS (Ti Rankont Sektè) ki byen fòme.
10. Fasilite pwosesis mizanplas Komite Ankadreman Timoun oubyen branch rezo sivivan nan kominote yo.
11. Fè dyagnostik kapasite oganizasyonèl, bati epi egzekite plan ranfòsman kapasite òganizasyonel pou branch rezo oubyen Komite Ankadreman Timoun yo.
12. Aplike epi kòdone aktivite yo selon plan fondasyon an.
13. Travay omwen 40 è tan pa semèn, epi rete fleksib si yon aktivite tonbe nan yon lè wikenn oswa nan swa tanzantan.
14. Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
15. Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon fondasyon ak bayè de fon yo mande.
16. Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan fondasyon an.
17. Reprezante fondasyon an nan divès milye.
18. Rete ouvè pou Nenpòt lòt responsablite ke Kòdinatè/tris Pwogram oubyen Dirèktè fondasyon an ka mande


Qualifications réquises

Eksperyans ak Istorik
? Eksperyans nan konsevwa plan, mennen aktivite pledwaye ak fè fòmasyon sou pledwaye.
? Eksperyans travay nan animasyon kominotè, ranfòsman òganizasyonel ak mobilizasyon kominotè. (Bon metriz zouti kat sosyal ak metodoloji ESK se yon plis).
? Omwens 5 lane eksperyans nan animasyon kominotè ak jesyon òganizasyon kominotè.
? Omwens Kòmanse etid inivèsitè nan domèn syans sosyal ak lòt domèn pètinan.
? Kapasite pou pran inisyatif epi motive tèt ou.
? Konesans sou pwoblèm dwa moun espesyalman latrèt moun.
? Byen fò nan Kreyòl ak Franse.

Konpetans ak Kalite Kle
? Fleksib avèk kapasite pou prezante enfòmasyon nan divès fason selon bezwen patisipan yo.
? Bon konpetans sou òdinatè (omwens bon metriz lojisyèl biwo : word, eksèl, power point).
? Ouvè pou vizite ak konekte ak tout kalte moun, ak tout kalte fwa ak relijyon, epi ki reprezante tout kouch sosyal, san diskriminasyon.
? Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ.
? Alèz devan gwoup moun.
? Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri.
? Bon kapasite analiz.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta.
? Kapasite pou aprann vit nan eksperyans.
? Pale klè, kredib, konvenkan.
? Alèz nan travay kominote a epi avèk divès kalite moun.
? Konn byen boule ak moun.
? Alèz nan kominote riral yo.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil.
? Kapasite pou kondui moto.


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon dosye ki gen ladan l :

1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la.

2) yon CV ak 3 bon referans .

3) tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan pi majinalize yo aplike.


Date limite

2023-08-11