Ofisye Edikasyon pour Fondasyon Depase Fwontyè | JobPaw.com
Introduction

Entwodiksyon: Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon k ap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore kat mouvman prensipal nan peyi a: Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon; ak Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete.

Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn. Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Kanada.


Nan travay pou sipòte mouvman pou timoun jwenn bon kalite ledikasyon, Inisyativ Kominote Modèl nan Lagonav travay men nan men ak Meri Ansagalè, KAZEK ak AZEK nan 11 seksyon ki nan 2 komin sou Zile Lagonav, biwo enpeksyon eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal mete pou zile a, ONG ak rezo lekòl.


Fonctions

Objektif pòs la: Fondasyon an ap chèche yon Ofisye Edikasyon pou entegre ekip IKM Lagonav la. Ofisye Edikasyon an pral aplike pwogram Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou mete ansanm aktè ki enplike nan edikasyon sou zile a pou idantifye pwoblèm, chache solisyon pou amelyore kalite edikasyon an ak pèmèt tout timoun ale lekòl. Manm estaf la ap travay sou otorite Koòdinatris Pwogram Inisyativ Kominote Modèl Riral la.

Reskonsablite Kle:
1. Etabli bon relasyon ak tout aktè enpòtan kesyon edikasyon sou zile a konsène.
2. Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
3. Egzekite kad lojik ak bidjè mouvman edikasyon an sou zile a.
4. Fè konsepsyon epi aplike zouti suivi ak evalyasyon aktivite ak pwojè yo.
5. Aplike zouti evalyasyon mouvman sosyal fondasyon an adapte.
6. Fasilite reyinyon aktè edikasyon yo nan nivo seksyon ak komin yo sou lidèchip KAZEK yo ak enspeksyon eskolè a.
7. Sipòte aktivite ranfòsman kapasite enspeksyon eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal la.
8. Sipòte otorite lokal yo ak enspeksyon eskolè a nan inisyativ yo ap pran pou amelyore kalite edikasyon an epi pèmèt tout timoun ale lekòl.
9. Kòdone aktivite pledwaye ki marye ak mouvman edikasyon an.
10. Òganize seminè pou ranfòse kapasite aktè yo.
11. Aplike epi kòdone aktivite yo selon plan fondasyon an.
12. Travay omwen 40 è tan pa semèn, epi rete fleksib si yon aktivite tonbe nan yon lè wikenn oswa nan swa tanzantan.
13. Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
14. Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon fondasyon ak bayè de fon yo mande.
15. Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan fondasyon an.
16. Reprezante fondasyon an nan divès milye.
17. Rete ouvè pou Nenpòt lòt responsablite ke Kòdinatè/tris Pwogram oubyen Dirèktè fondasyon an ka mande


Qualifications réquises

Pwofil Kandida
Eksperyans ak Istorik
? Eksperyans travay nan domèn edikasyon ak animasyon kominotè
? Omwens 5 ane eksperyans nan jesyon pwojè edikasyon, animasyon kominotè, anseyman oubyen jere lekòl
? Diplome nan yon domèn syans sosyal tankou : syans edikasyon, sikoloji oubyen sosyoloji
? Kapasite pou pran inisyatif epi motive tèt ou
? Konesans sou pwoblèm dwa moun espesyalman dwa edikasyon

Konpetans ak Kalite Kle
? Fleksib avèk kapasite pou prezante enfòmasyon nan divès fason selon bezwen patisipan yo
? Bon konpetans sou òdinatè (omwens bon metriz lojisyèl biwo : word, eksèl, power point)
? Ouvè pou vizite ak konekte ak tout kalte moun, ak tout kalte fwa ak relijyon, epi ki reprezante tout kouch sosyal, san diskriminasyon
? Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ
? Alèz devan gwoup moun
? Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri
? Pale klè, kredib, konvenkan
? Byen fò nan Kreyòl ak Franse; Angle se yon atou
? Bon kapasite analiz
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta
? Kapasite pou aprann vit nan eksperyans
? Alèz nan travay kominote a epi avèk divès kalite moun
? Konn byen boule ak moun
? Alèz nan kominote riral yo
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil
? Kapasite pou kondui moto

Depi li genyen konesans ak kapasite ki jijè obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv sou Lagonav.


Conditions particulières

Pwosèsis pou aplike pou pòs la : Voye yon dosye ki gen ladan l :
1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la
2) yon CV ak 3 bon referans
3) tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay.


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye dosye a
• swa nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la Rekritman-Ofisye Edikasyon, oubyen
• pote bay yon vèsyon aplikasyon kopi di nan biwo Depase Fwontyè yo nan Nan Jozen, Zile Lagonav. Tanpri, mete: Rekritman-Ofisye Edikasyon sou anvlop la


Remarque contact

Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 23 jen 2023. Se sèlman kandida ki preseleksyone yo ke nou ap kontakte.



Date limite

2023-06-23