Jesyonè Done pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.

Yon ti deskripsyon nannan pòs la:
Jesyonè done a ap egzekite tout tach ki mennen a bon jesyon done nan Fondasyon epi asire ke politik jesyon done a operasyonèl. Li se responsab jesyon, vizyalizasyon ak verifikasyon done pou tout pwogram ak pwojè nan Fondasyon an pandan li ap travay men nan men ak Ofisye Suivi ak Evalyasyon (OSE), Monitè Enpak sosyal (MES) epi Ajan Konfòmite done yo.


Fonctions

Responsablite ak tach:
I. Objektif pòs la
Travay ansanm ak tout depatman suivi ak Evalyasyon an, Ofisye Suivi ak Evalyasyon yo ak Ajan teren yo pou jere, verifye ak analize tout done pwogram Fondasyon yo ap kolekte, epi ede Depatman an monte ak operasyonalize yon bon plan jesyon done pou Fondasyon an.

II. Tach pòs la
? Plan Jesyon done Fondasyon
1. Ede mete sou pye politik jesyon done Fondasyon an kote li ap detaye:
o Kijan jan done yo kolekte
o Kote/Kijan yo ap anrejistre
o Ki moun ki genyen akse ak ki done
o ki politik pou pataje done Fondasyon an
o kijan asire kalite done yo
2. Mete an aplikasyon politik jesyon done nan Depatman an
3. Asire tout done yo byen òganize sou diferan platfòm kolèk yo (IA, ONA, elatriye)
4. Mete tout done yo sou OneDrive epi operasyonalize pwotokòl pou itilizasyon OneDrive la nan depatman an
5. Travay ekip R&D SFF pou jwenn yon fason pou nou pataje done, enfòmasyon
6. Asire nan kolaborasyon ak OSE yo koneksyon done ki nan tout pwogram yo, ak baz done depatman an pou mete nan dashboard Fondasyon an


? Vizyalizasyon done nan “Dashboard”
1. Asire ke Fondasyon an genyen yon Dashboard dinamik epi toujou Ajou
2. Travay ak OSE yo pou pwgram ak pwojè espesyal yo genyen “Dashboard” pa yo
3. Travay Ak OSE epi « Ofisye kominikasyon depatman an“ pou bon jan analiz done pwogram yo ak pou tout fondasyon an.
4. Patisipe nan preparasyon kolèk done pwojè ak pwogram yo

? Kontwòl kalite done
1. Reyalize kontwòl kalite done sistematik Fondasyon an:
o Asire validasyon done Ajan Pwogram yo ak anketè yo ap kolekte
o Asire li ke tout zouti kolèk yo genyen zouti verifikasyon ki mache ak yo
o Mete anplas sistèm pou Monitè Enpak Sosyal (MES) verifye done regilyèman
2. Sipèvize Ajan konfòmite done yo (fikse objektif – evalye pèfòmans – akonpaye yo pou gen zouti ak kapasite pou fè travay yo)
3. Mete an plas ak revize tanzantan plan pou kontwole kalite done yo nan Fondasyon


Qualifications réquises

Nivo Edikasyon ak esperyans
• Lisans nan jesyon done, nan syans done, nan estatistik, nan matematik ak enfòmatik osinon yon diplòm ki gen menm valè a
• Pou pi piti Twa (3) lane eksperyans pwofèsyonèl nan domenn analiz ak jesyon done estatistik nan pwojè devlopman nan ONG nasyonal oswa entènasyonal
• Eksperyans ki pètinan nan devlopman plan jesyon ak analiz done
• Eksperyans ki pètinan nan konsepsyon zouti ak estrateji pou kolèk ak jesyon done elektwonik, analiz ak pwodiksyon rapò an kreyòl, fransè ak anglè
• Eksperyans ki pètinan nan analiz ak vizyalizasyon done gras ak lojisyèl estatistik tankou R, SAS, SPSS, Python, PowerBi, elatriye
• Konpetans kle nan analiz ak prezantasyon/kominikasyon rapò pou piblik teknik tankou piblik ki pa teknik
• Kapasite pou li travay/entèraji nan ekip ak kouch moun ki soti nan plizyè kilti ak reyalite epi ki pale plizyè lang
• Metriz lojisyèl ak zouti enfòmatik sitou Word, Excel, Outlook, PowerPoint, OneDrive, Dropbox, ODK Collect, KoboToolbox, SurveyCTO.
Konpetans ki enpòtan anpil
- Konn itilize òdinatè (MS Office), Internet, Dropbox
- Kapab kominike byen nan ekri epi nan pale nan lang Kreyòl, Fransè ak Anglè
- Montre yon bon sansibilite pou sitiyasyon benefisyè ak manm nou yo
- Konn konstwi ekip – travay ak moun


Dossier de candidature doit avoir ...

Dosye kandida a dwe gen :
• Curriculum vitae

• Kopi diplòm, setifika ak papye travay

• Lèt motivasyon

• De (2) referans pwofesyonèl


Autres remarques

NB: Nou ankouraje fanm aplike pou pòs sa.


Date limite

2023-04-27