Lojistisyen pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki pa gen objektif fè lajan, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik li depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k’ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè


Fonctions

Objektif Pòs la
Fondasyon an ap chache yon pwofesyonel kalifye nan domèn lojistik oubyen lòt domèn ki sanble ak sa ki pou asire bon jan jesyon byen mobilye ak imobilye enstitisyon an epi pèmèt :

1. Filozofi, misyon, objektif, pwosedi Fonkoze respekte;
2. Antretyen, reparasyon ak itilizasyon byen ak ekipman Fondasyon an fèt nan respè règ efikasite ak efisyans;
3. Pèsonel transpò ak antretyen yo pwodiktif, konpetan epi travay ak kè kontan.
Reskonsabilite prensipal yo
Jesyon Apwovizyònman :
• Kontribye nan kenbe yon bon kalite sistèm apwovizyònman, transparan, konfòm ak egzijans Fondasyon an ak donatè yo;
• Apiye nan mete sou pye bon jan estrateji apwovizyònman, ansanm ak politik, pwosedi ak zouti mizannèv yo;
• Kontribye pou gen yon kontwòl entèn efikas, yon pwosesis efikas ak transparan nan operasyon akizisyon yo;
• Patisipe nan preparasyon plan apwovizyònman pou biwo a, etabli delè epi kontwole aplikasyon yo sitou nan sa ki gen pou wè ak founiti, materyel biwo ak lòt konsomab yo;
• Asire pwosesis kòlek pwopozisyon pri ak pwofòma nan kad acha byen pou Fondasyon an fèt nan bon jan kolaborasyon ak Responsab acha a;
• Jere pwosesis verifikasyon ak resepsyon founiti, byen ak ekipman ki achte pou Fondasyon an ak pwojè yo.

Jesyon Estòk, Aktif ak Ekipman, ak Envantè
• Kontribye nan devlope estrateji, politik, pwosedi ak zouti ki nesesè pou jesyon estòk, aktif ak ekipman Fondasyon an epi asire tout konfòmite atravè pwogram ak lòt depatman yo;
• Mete anplas yon bon sistèm kontwòl ak siveyans sou tout materyèl kap antre epi kap soti an konfòmite total ak règleman ak pwosedi jesyon Fondasyon an;
• Asire bon jan jesyon envantè nan chak baz pwogram sou prensip efikasite nan jesyon envantè pou asire dosye egzat yo an plas epi yo fè kontwòl fizik regilye ) yo;
• Asire rekonsilyasyon envantè fèt chak mwa epi pataje enfòmasyon ki enpòtan ak estaf ki konsène yo;
• Asire envantè fizik konplè, ekipman ak materyel enstitisyon an omwen yon (1) fwa chak lane.

Jesyon Transpò ak Lokal Biwo/Espas Travay
• Kontribye nan devlope yon estrateji transpò ak jesyon machin ak motosiklèt Fondasyon an;
• Mete anplas yon sistèm verifikasyon ak kontwòl pou tout moto ak machin Fondasyon an;
• Mete an plas bon jan kowòdinasyon nan sèvis transpò Fondasyon an epi bay sipò pou fasilite bon jan transpò de kalite epi atan pou diferan pwogram ak depatman nan Fondasyon an;
• Kontribye nan mete sou pye bon jan jesyon espas travay yo, ansanm ak politik, pwosedi ak zouti pandan nap asire tout konfòmite atravè pwogram ak lòt depatman yo.;
• Asire rapò sou itilizasyon machin nan Fonkoze fèt chak mwa kòmsadwa. Analize done yo epi bay sijesyon pou itilizasyon machin nan oganizasyon yo vin pi efisyan.
• Kalkile kou pa kilomèt pou machin Fondasyon an sou yon baz anyèl;
• Kontwole rapò depans kantite gaz ki te achte ak itilize ak kantite deplasman nan pwovens ki te genyen nan mwa a 3 jou apre mwa a fini ;
• Asire yon kalandriye jesyon regilye an plas pou antretyen machin, delko, ennvètè, moto epi antretyen yo fèt kòmsadwa pou tout ekipman sa yo ka dire pi lontan pandan nou veye ke asirans yo toujou ajou.

Sekirite
• Kontribye nan siveye risk sekirite yo, nan fè evalyasyon ak analiz katografi zòn a risk yo;
• Patisite nan asire kominikasyon sou aspè sekirite ki sitou gen rapò ak transpò;
• Asire ke deplasman moun ak machin Fondasyon an rive fèt nan kondisyon sekirite ki akseptab pa rapò ak nivo risk yo.

Jesyon moun, fòmasyon ak ranfòsman kapasite
• Jere ak sipèvize dispatchè, pèsonel soutyen ak gadyen fondasyon an ki nan biwo santral la;
• Devlope epi aplike yon plan fòmasyon ak ranfòsman kapasite pou tout anplwaye nan sèvis lojistik yo (dispatchè, chofè, pèsonel soutyen ak moun ki fè menm djòb sa yo nan biwo rejyonal yo);
• Fòme lòt anplwaye Fondasyon an sou règleman, pwosedi ak estanda lojistik yo.

Lòt

• Mete an plas ak jere estòk pwodwi estratejik tankou: kabiran ak lòt konsomab pou asire kontinite aktivite Fondasyon an nan moman kriz yo;
• Asire bon jan kontwòl sou byen ak pwopriyete Fondasyon an genyen an rezèv tankou : teren ak lòt bagay;
• Fè oryantasyon pou nouvo anplwaye lojistik yo;
• Reyalize tout lòt tach ak aktivite administratè a mande w fè oubyen lè sa nesesè;


Qualifications réquises

Kalifikasyon ak pwofil nesesè pou pòs la
• Yon diplòm inivèsite nan lojistik, jesyon, administrasyon oswa domèn ki gen rapò;
• Eksperyans pwofesyonel pou omwen twa (3) lane nan yon pozisyon kòm lojistisyen;
• Eksperyans omwen twa (3) lane nan yon ONG;
• Konesans sou zouti travay sa yo tankou: MS Excel, MS Word, PowerPoint, elatriye;
• Bon konesans zouti ki gen rapò ak jesyon lojistik;
• Eksperyans nan jesyon pèsonel;
• Bon jan eksperyans nan fòmasyon anplwaye epi ranfòsman kapasite;
• Bon nivo konesans nan fransè ak kreyòl (oral ak ekri), konesans nan lang anglè ta dwe yon avantaj.


Conditions particulières

Lòt konpetans

? Dinamik, genyen espri ekip epi kreyatif;
? Konpetans nan negosyasyon ak rezolisyon konfli;
? Kapasite pou òganize, planifye travay ou anba presyon pandan wap mete aksan sou detay;
? Kapasite pou w reyalize rezilta nan anviwònman travay difisil;
? Wo nivo entegrite pèsonèl ak diskresyon;
? Demontre bon jan akò ak volonte pou w respekte valè epi kontribye nan fè avanse vizyon Fondasyon an;
? Kapab bati epi jere relasyon ak moun;
? Onèt, ponktyèl.


Dossier de candidature doit avoir ...

Dosye kandida a dwe genyen :

• Curriculum vitae

• Kopi diplòm, setifika ak papye travay

• Lèt motivasyon

• De (2) referans pwofesyonèl


Date limite

2023-01-28