Oditè Entèn Jinyò pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philippe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Wòl prensipal li:

Oditè entè jinyò a ap travay anba sipèvizyon dirèk Oditè entèn Senyò a, ki genye sou tèt li Konsèy administrasyon an ak Direksyon jeneral la. Oditè a dwe kontribye nan mete kanpe katografi risk yo, idantifye yo, klase epitou evalye yo korekteman. Li dwe fè pwopozisyon epi pote koreksyon pou ede amelyore korije tout iregilarite yo. An plis, oditè a dwe veye sou aplikasyon pwosedi Fonkoze yo nan tout depatman ak pwogram yo.

Tach jenèral

1- Patisipe nan elaborasyon plan Odit pou ane a.
2- Patisipe nan tout reyalizasyon plan odit pou ane a. Egzekisyon plan an, analize risk yo epi asire ke pwosedi Fondasyon mete an plas yo aplike.
3- Mete kanpe ansanm ak Oditè Senyò a yon plan travay detaye pa rapò a plan odit anyèl pou chak peryòd.
4- Kontwole epi verifye Ti kès Fondasyon an chak fwa Konsèy la, direksyon an osinon oditè senyò a ta mande l fè sa.
5- Fè rapò sou tout travay li fè nan kad misyon odit yo, epi soumèt li a Oditè Senyò ak direksyon jeneral.

Travay suivi ak envestigasyon

6- Akonpli travay odit yo nan kolaborasyon ak oditè Senyò a jan sa dekri nan plan odit anyèl la, epi suiv tout lwa ak règlemantasyon metye odit la defini yo.
7- Prepare bon dokiman pou fè travay odit yo.
8- Apre chak misyon odit, konsève tout dosye ak dokiman ki enpotan yo yon kote ki kapab pèmèt kèk verifikasyon si sa nesesè.
9- Asiste oditè senyò a nan tout travay odit l’ap fè, ki kapab sou teren osinon nan biwo.
10- Patisipe nan misyon envestigasyon ansanm ak lòt depatman yo lè yo mande sa.
11- Fè kontwòl nan tikès Fondasyon an, nan dosye acha yo ak verifye aktif yo lè yo mande l.
12- Fè envantè pwodui ak materyèl Fondasyon an jan sa defini nan manyèl pwosedi yo.
13- Verifye manyèl pwosedi yo epi gade si yo aplike nan tout entegralite yo
14- Verifye tout enfòmasyon kontabilite ap remèt yo epi gade si yo kòrèk.
15- Fè rapò sou tout travay odit epi fè pwopozisyon sou fason pou pote amelyorasyon
16- Mete kanpe yon plan suivi pou tout rekomandasyon ke odit entèn Fondasyon an osinon odit ekstèn yo fè.

Lòt Tach

17- Travay an kolaborasyon ak oditè entèn Senyò a sou tout suivi Direksyon jeneral ak Konsèy la.
18- Ede oditè senyò a mete kanpe yon sistèm kont frod ak gaspiyaj
19- Mete sou pye yon kalandriye suivi tout rekòmandasyon oditè yo fè nan kap misyon yo (entèn e ekstèn), epi asire ke tout rekòmandasyon yo aplike.
20- Akonpli tout lòt tach nesesè nan kad travay la.


Qualifications réquises

Kalifikasyon :
? Diplòm nan Syans Kontab, Odit osinon yon lòt domèn ki sanble.

Eksperyans :
? Minimòm 5 lane eksperyans travay nan kontabilite, jesyon oubyen odit
? Eksperyans nan kontwòl entèn osinon odit ap pi bon
? Eksperyans travay sou teren, nan zòn riral yo

Konpetans:
? Konnen byen domèn konbalite a ak nòm kontab yo
? Byen konnen pwosedi lojistik ak administratif òganizasyon yo.
? Metrize lojisyèl wòd, eksèl, pawèpwent. Metrize lojisyèl ACCPAC/Sage se yon plis
? Kapasite pou pale, ekri ak konprann fransè ak kreyòl byen. Ekri ak pale anglè se yon plis

Atitid :
? Pwoaktif, kapasite pou pran inisyativ
? Kapasite pou otonòm nan travay ou


Dossier de candidature doit avoir ...

- CV
- Kopi diplom, setifika ak papye travay
- let motivasyon
- 2 referans pwofesyonel


Date limite

2022-12-22