Koòdonatris/Koòdonatè Resous Imèn pour Fondasyon Depase Fwontyè | JobPaw.com
Introduction

Entwodiksyon
Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.

Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn. Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Kanada.


Fonctions

Objektif pòs la
Sou sip¬èvisyon dir¬èk Direktris Egzekitif Adjwènt Beyond Borders (ki baze Okanada), Koòdonatris/Koòdonatè a responsab pou bonjan devlopman estrateji ak plan operasyonèl Resous Imèn, ansanm ak politik, pwosèdi ak zouti yo, epi asire tout konfòmite atravè pwogram ak lòt depatman yo nan mitan Fondasyon an, ki reponn ak tout egzijans legal peyi Dayiti a ak bayè difon. Koòdonatris/Koòdonatè a genyen pou devlope, revize, fè mizajou yon sèri politik e zouti baze sou bon pratik nan domèn nan, ki genyen ladan li rekritman, jesyon pèsonel ak pèfòmans, asirans ak devlopman pwofèsyonèl estaf, jesyon konfli elatriye.

Li genyen pou konstwi kapasite ekip manadjè ak sipèvize yo pou yo jere ekip yo byen, epi ede estaf Fondasyon an byen konprann sistèm nan ansanm ak politik e zouti yo. Sa gen ladan l mete ann aplikasyon ak kontwòle tout disiplin pou asire ke règleman estanda ak meyè pratik Depase Fwonty¬è yo aplike epi respekte.

Reskonabilite Prèsipal yo
• Jere tout sa ki genyen rapò ak jesyon estaf ki angaje (jesyon kontra/ekstansyon/amandman, ogmantasyon salè, separasyon anplwaye elatriye, prepare payroll)
• Dirije pwosèsis pou etabli gri salariyal ak politik pwomosyon
• Ranfòse sistèm jesyon ak evalyasyon pèfòmanse pwofèsyonèl chak anplwaye
• Fè swivi sou devlopman sistèm pou ranfòse / bati kapasite pwofèsyonèl pou estaf Fondasyon an
• Ranfòse sistèm rekritman an epi jere pwosèsis rekritman (ki gen ladan estajyè) an kowòdinasyon ak manadjè/reskonsab depatman yo
• Dirije pwosèsis pou bati modil endiksyon/oriyantasyon pou nouvo estaf ki kouvri tout eleman kle Fondasyon Depase Fwontyè yo ansanm ak relasyon ak Beyond Borders
• Asire tout nouvo estaf rantre an fonksyon atrave plan endiksyon ak swivi a
• Asire mizajou reguliyè Manyèl Jesyon Pèsonèl
• Sipòte revizyon politik asirans medikal siplemantè pou anplwaye Depase Fwontyè yo epi sipòte anplwaye yo ak dosye sante yo
• Dirije pwosèsis pou etabli nouvo oswa revize politik ki deja egziste ki genyen rapò ak Resous Imèn
• Jwe wòl mediyatè/ris nan jesyon konfli epi asire ke aksyon diskiplinè yo byen jere ak sajès an konfòmite avèk règleman Depase Fwontyè yo
• Rete an kominikasyon ak enstitisyon ekstèn (DGI, ONA, OFATMA, MAST, founisè asirans elatriye)
• Asire preparasyon dosye ak rapò ki reponn ak egzijans gouvènman an oswa bayè difon yo ansanm ak odit anyèl /peryòdik konsènan aspè Resous Imèn
• Asire bonjan jesyon dosye ak baz done resous imèn yo defason òganize e efikas
• Patisipe sou demann nan pwosèsis devlopman bidjè, sitou sou eleman konsènan aspe Resous Imèn
• Patisipe aktifman nan Ekip Lidèschip ak lòt Komite/Gwoup Travay tematik sou bezwen/demann (tankou Gwoup Jesyon Ijans, Komite Ekite Jan, Komite Odit ak Kontwòl Entènn)
• Fè lòt tach ak aktivite lè sa nesesè

Deskripsyon tach sa a sèvi sèlman kòm yon gid pou pòs sa a. Oganizasyon an rezeve dwa pou chanje dokiman sa a si bezwen yo chanje.


Qualifications réquises

Kalifikasyon ak Pwofil Kandida
• Yon diplòm inivèsite nan jesyon resous imèn oswa domèn ki gen rapò
• Eksperyans pwofèsyonèl pou omwen senk (5) ane nan yon pozisyon sipèvizyon nan resous imèn
• Eksperyans omwen twa (3) zan nan yon ONG
• Abilite pou òganize, planifye travay anba presyon pandan mete aksan sou detay
• Konpetans ak zouti travay (MS Excel, MS Word, PowerPoint, Google Suite, ZOOM/Google Meet, elatriye)
• Konpetans nan negosyasyon ak reprezantasyon
• Eksperyans nan jesyon pèsonèl
• Bon eksperyans nan fòmasyon anplwaye yo ak fòmasyon kapasite
• Wo nivo entegrite pèsonèl ak diskresyon ak kapasite pou jere konfli epi jere enfòmasyon sansib
• Bon konesans nan fransè ak krey¬òl (oral ak ekri); konesans nan lang angle ta dwe yon avantaj
• Kapasite pou travay poukont li epi jere yon gwo kantite travay
• Eksperyans travay ak anplwaye entènasyonal
• Eksperyans nan reyalize rezilta nan anviwònman travay difisil
• Angajman pou fè pwomosyon divèsite ak egalite
• Fleksib nan aktivite ki tonbe nan aswè ak wikènn nan sèten lè
• Senpati pou objektif ak vizyon òganizasyon an


Conditions particulières

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike.


Conditions de travail

Lundi au Vendredi de 8h à 16h avec possibilité de travailler les samedis


Dossier de candidature doit avoir ...

Pwosèsis pou Aplike pou Pòs la
Nou ankouraje kandida ki entèrèse yo pou yo soumèt :
• CV
• yon lèt motivasyon
• tout lòt dokiman ki pwouve fòmasyon l ak eksperyans travay li
• 3 referans pwofèsyonèl

nan kouriye elèktronik sa: rekritman@beyondborders.net. Tanpri mete nan tit imèl la : Aplikasyon pou pòs Koòdonatris/Koòdonatè Resous Imèm

Dat limit pou soumet dosye yo pou pi ta 17è00 jou kap samdi 31 Desanm 2022. Se sèlman kandida ki preselèksyone yo ke nou ap kontakte.


Date limite

2022-12-31