Ofisye Asistans ONG yo pou Enstitisyon Ayisyèn yo ak sosyete sivil la /gwoup kominotè yo / ONG yo pour NGO Coordination Support Office | JobPaw.com
Introduction

Kisa Biwo Sipò pou Koòdinasyon ONG yo ye:

Tranblemandtè 12 janvye 2010 ki fèt an Ayiti a mennen divès kalite moun, divès kalite peyi  (militè yo ak inite pwoteksyon sivil yo), ak divès kalite òganizasyon ap distribye èdimanitè nan peyi a. ICVA ak InterAction monte yon biwò ki pou bay sipò nan koòdinasyon ONG yo,  ki pou bay travay kominote èdimanitè a, espesyalman ONG yo, valè – kit yo se ONG lokal, ONG nasyonal , ONG entènasysonal, oswa òganizasyon kominotè. Biwo sa a dwe fasilite travay ONG yo e veye pou plizyè ONG, oswa plizyè moun andedan ONG yo, oswa plizyè kalite entèvansyon ONG yo ap mennen pa p fè menm travay la, menm kote a.
Biwo a (NCSO) dwe pèmèt kontak fèt ant òganizasyon k ap mennen menm kalite aktivite, kit se andedan kit se andeyò peyi a y ap fèt.


Fonctions

 Responsablite Ofisye Asistans ONG yo pou Enstitisyon Ayisyèn yo: Ofisye Asistans ONG yo pou Enstitisyon Ayisyèn yo ap responsab pou fè relasyon yo
vanse ant NCSO ak ONG Ayisyèn yo. L ap responsab tou pou fè relasyon yo vanse ant ONG Entènasyonal yo ak Gouvènman Ayisyen an, espesyalman nan sa ki
gen pou wè ak koòdinasyon ONG yo. Ofisye Asistans ONG yo pou Enstitisyon
Ayisyèn yo ap gen pou li

  1. Pran responsablite pou byen konprann ki kalite relasyon Biwo a dwe
  genyen ak tout Enstitisyon Ayisyèn ki enpòtan yo, san pa bliye gouvènman an
  ak sosyete sivil la, pou ONG Ayisyèn yo ka chita pale avèk Direktè Biwo a ak
  lòt ONG yo. Li dwe gade tou relasyon ONG Entènasyonal yo ak enstitisyon NU
  yo. Li dwe fè sa nan tèt kole avèk Ofisye Kontak ONG yo pou Koòdinasyon
  Èdimanitè a.


  1. Pale avèk tout moun ki ka pote ba li pou l rive konprann atitid ONG
  ayisyèn yo, konprann sa yo bezwen ,  konprann enterè yo genyen vre pou yo
  jwenn kolaborasyon enstitisyon èdimanitè entènsayonal yo ak enterè yo genyen
  pou yo ka rive kolabore tout bon vre avèk enstitisyon gouvènmantal yo.
  2. Devlope e kenbe anfòm yon baz done Excel ki gen bonjan enfomasyon tou
  nèf sou tout moun k ap travay nan ONG Ayisyèn yo.
  3. Pale avèk ONG Ayisyèn yo pou l mete kanpe Biwo Sipò pou Koòdinasyon
  ONG yo, pou li jwenn enfòmasyon sou kibò pou Biwo a ta ye, kouman pou l ta
  òganize, kouman pou l ta mache. Li ta dwe travay tou ak mèt kay oswa nenpòt
  ki moun ki ka ede li pou l jwenn enfòmasyon li bezwen yo pou l mete biwo a
  kanpe. Pou fè sa, l ap gen sipò Directè Biwo a.
  4. Travay kòm Ofisye Liezon  ak enstitisyon gouvènman an k ap dakò pou
  pale ak ekip la e ki gen rapò ak ONG entènasyonal yo, tankou Ministè
  Planifikasyon, pa egzanp.
  5. Bay sipò nan zafè yonn pale ak lòt, nan travay ak ofisyèl leta Ayisyen
  ak ONG yo, pou fasilite konprann sa yonn vle di lòt, pou rive jwenn solisyon
  pratik kote sa posib.
  6. Òganize yon sistèm  ki pou pèmèt  moun k ap travay pou ONG Ayisyèn yo
  rantre soti san pwoblèm nan Log Base NU an ak lòt kote ki menm jan avèk li.
  7. Travay avèk ONG Ayisyèn yo pou jwenn moun ki pou vin manm nan komite
  pilotaj Biwo Sipò Koòdinasyon ONG yo.
  8. Fè tradiksyon oral ak ekri nan lang kreyòl, franse, angle, lè gen
  nesesite.
  9.  Fè tout lòt bagay ki pou fè travay la mache lè yo mande l sa


Qualifications réquises

Sa nou mande pou yon moun genyen pou l ka jwenn travay sa :

  1. Diplòm BA/BS, ki ta pi bon si se te nan konesans ki ka itil pou kalite
  travay sa a, tankou relasyon entènasyonal oswa ekonomi.
  2. 4 ane eksperyans nan travay avèk ONG nan peyi d Ayiti. Eksperyans ak
  toulède, ONG entènasyonal ak ONG Ayisyèn, se yon avantaj.
  3. Kapasite pou pale ak ekri angle, franse, kreòl.
  4. Kapasite pou ka reprezante opinyon Kominote ONG a jan li ye a vre, e
  san fòs kote.
  5. Kapasite pou sèvi san pwoblèm avèk Microsoft Office, anpatikilye avèk
  Excell oswa lòt pwogram pou fè kalkil.
  6. Kapasite pou ka veye e rapòte sa k ap pase avèk detay ak presizyon.
  7. Kapasite pou gen bon relasyon ak lòt moun e pou ka byen konprann yon
  sityasyon.
  8. Tan  travay la ap pran: de (2) mwa, ak posiblite pou l vin pi long.


Conditions de travail

Kèk enfòmasyon sou travay la:

  Tit travay la
Ofisye Asistans ONG yo pou Enstitisyon Ayisyèn yo
Kalite
  kontra l ap bay Kontra pou yon ti bout tan.

Kote travay la ap fèt
Pòtoprens, Ayiti

Chèf ki sou tèt moun sa Direktè  Biwo Sipò pou Koòdinasyon ONG yo


Date limite

2010-06-24