Ofisye Kontak ONG yo pou Koòdinasyon Èdimanitè pour NGO Coordination Support Office | JobPaw.com
Introduction

Kisa Biwo Sipò pou Koòdinasyon ONG yo ye:

Tranblemandtè 12 janvye 2010 ki fèt an Ayiti a mennen divès kalite moun, divès kalite peyi  (militè yo ak inite pwoteksyon sivil yo), ak divès kalite òganizasyon ap distribye èdimanitè nan peyi a. ICVA ak InterAction monte yon biwò ki pou bay sipò nan koòdinasyon ONG yo,  ki pou bay travay kominote èdimanitè a, espesyalman ONG yo, valè – kit yo se ONG lokal, ONG nasyonal , ONG entènasysonal, oswa òganizasyon kominotè. Biwo sa a dwe fasilite travay ONG yo e veye pou plizyè ONG, oswa plizyè moun andedan ONG yo, oswa plizyè kalite entèvansyon ONG yo ap mennen pa p fè menm travay la, menm kote a.
Biwo a (NCSO) dwe pèmèt kontak fèt ant òganizasyon k ap mennen menm kalite aktivite, kit se andedan kit se andeyò peyi a y ap fèt.


Fonctions

 Responsablite Ofisye Kontak ONG yo pou Koòdinasyon Èdimanitè  a:

Ofisye Kontak ONG yo pou Koòdinasyon Èdimanitè a se moun ki pra l konekte
Biwo Sipò Koòdinasyon ONG yo (NCSO), kominote ONG Entènasyonal ak ONG
Ayisyèn yo ak Biwo Koòdinasyon Èdimanitè NU a (UNHC).  Ofisye sa ap gen pou
li:

  1. Fasilite echanj enfòmasyon nan moman yo bezwen l la ant UNHC ak ONG
  yo.
  2. Patisipe nan reynyon NU yo jan UNHC mande l la e bay enfòmasyon tou
  nèf sou ONG yo.
  3. Rapòte bay ONG yo, anpasan pa NCSO, sou sa k ap pase nan Biwo UNHC a;
  4. Bay ONG ki pa ka patisipe nan reynyon HCT yo bon jan enfòmasyon sou sa
  yo bezwen konnen;
  5. Patisipe chak semenn nan reynyon NCSO yo;
  6. Fè tradiksyon oral ak ekri nan lang kreyòl, franse, angle, lè gen
  nesesite.
  7. Travay ansam avèk Ofisye Asistans ONG yo pou Enstitisyon Ayisyèn yo
  8. Fè tout lòt bagay ki pou fè travay la mache lè yo mande l sa.


Qualifications réquises



Sa nou mande pou yon moun genyen pou l ka jwenn travay sa a:



  1. Diplòm BA/BS, ki ta pi bon si se te nan konesans ki ka itil pou kalite

  travay sa a, tankou relasyon entènasyonal oswa ekonomi.

  2. 4 ane eksperyans nan travay avèk ONG. Eksperyans travay avèk NU se yon

  avantaj.

  3. Kapasite pou pale ak ekri angle, franse, kreòl.

  4. Kapasite pou ka reprezante opinyon Kominote ONG a jan li ye a vre, e

  san fòs kote.

  5. Kapasite pou sèvi san pwoblèm avèk Microsoft Office, anpatikilye avèk

  Excell oswa lòt pwogram pou fè kalkil.

  6. Kapasite pou ka veye e rapòte sa k ap pase avèk detay ak presizyon.

  7. Kapasite pou gen bon relasyon ak lòt moun e pou ka byen konprann yon

  sityasyon.

  8. Tan  travay la ap pran: de (2) mwa, ak posiblite pou l vin pi long.


Conditions de travail

Kèk enfòmasyon sou travay la:


  Tit travay la
Ofisye Kontak ONG yo pou Koòdinasyon Èdimanitè

Kalite
  kontra l ap bay Kontra pou yon ti bout tan.

Kote travay la ap fèt
Pòtoprens, Ayiti

  Ayiti Chèf ki sou tèt  moun sa
Direktè  Biwo Sipò pou Koòdinasyon ONG
  yo


Date limite

2010-06-21