Konsiltan pou Ranfòsman Òganizasyonèl pou Patnè: Operasyon-Administrasyon (Finans-Lojistik-Rezous Imèn), Jesyon Pwojè, Leve Fon pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

NB: Nou rekonèt konsiltasyon an mande divès kapasite diferan nan domèn finans ak jesyon operasyonèl/òganizasyonèl. Fim konsiltasyon oswa plizyè konsiltan ki fòme yon ekip ki genyen divès kapasite ki mansyone pi ba yo byenvini pou kowòdone e aplike pou konsiltasyon an.

KONTEKS : Depase Fwontyè yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Li travay tèt kole ansanm ak òganizasyon ki te kreye fondasyon an ki baze Ozetazini ki rele Beyond Borders. Beyond Borders/Depase Fwontyè yo (BB/DF) vize kore kat (4) mouvman prensipal nan peyi a: mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak esklavaj; mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi; mouvman pou tout timoun jwenn aksè ak yon edikasyon kalite; ak mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm. Pou operasyonalize vizyon sa a, Beyond Borders/Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se: Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil); ak Repanse Pouvwa.

Nan kad de (2) pwojè pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi, Beyond Borders/Depase Fwontyè yo ap travay ak kat (4) òganizasyon Ayisyèn ki nan Okap, Hinche, Petit Twou de Nippes, epi Okay ki ap fè pwogram pou fè prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi. Beyond Borders/ Depase Fwontyè yo ap bay yo sipò teknik pou yo sèvi ak metodoloji prevansyon yo nan fason ki efikas.

I. OBJEKTIF KONSILTASYON AN
Analize bezwen e bay ankadreman ak sipò pratik pou ranfòse e akonpanye kat (4) òganizasyon patnè ki ap travay nan domèn vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti nan domèn tankou:

? Bon jan jesyon òganizasyonèl,
? jesyon pwojè,
? finans ak kontabilite,
? lojistik ak apwovizyonman
? jesyon resous imèn, avèk
? ekriti pwojè/ leve fon,

nan fason pou mezire pwogrè chak òganizasyon epi ede yo tabli plan daksyon pou swivi ak kontinite.

Konsiltan an pral genyen pou deplase ale sou teren pou anviwon 160 jou pandan dire kontra a epi dapre disponibilite bidjè pwojè a, pou travay ansanm ak patne yo ki baze:

? Okap (25-30 jou total)
? Hinche (20-25 jou total)
? Petit Twou de Nippes (30 jou total)
? Okay (80 jou total)

Kèk fwa konsiltan kapab oblije fè deplasman jou wikènn oswa nan jou konje nasyonal nan kad aktivite nou.

Konsiltan an genyen pou travay an kolaborasyon ekip Pwogram Repanse Pouvwa ki baze nan Jakmèl, sitou Manadjè Sipò Teknik ak Koòdonatris Pwogram epitou estaf BB/DF ki travay nan domèn lojistik, finans ak jesyon pwojè.


Description de taches

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A AK RESKONSABILITE KONSILTAN AN
1. Patisipe nan yon sesyon endiksyon nan premyè jou travay.

2. Fè yon analiz preliminè sou fòs ak feblès chak nan 4 patnè yo nan domèn sa yo:
? Bon jan jesyon òganizasyonèl (bon jan lidechip, planifikasyon/jesyon rankont elatriye)
? Administrasyon ak jesyon resous moun (manyèl ak règleman pèsonèl/ entèn, elatriye)
? Finans/ kontabilite (separasyon tach, bon prensip finans, jesyon bidjè, dokimantasyon depans, bon itilizasyon kòd bidjè, achivaj, reyafektasyon bidjetè, ekriti rapò, preparasyon zouti sou jesyon bidjetè, ede nan preparasyon ak sipò sou analyz varyans depans pa rapò ak bidjè a, elatriye)
? Lojistik ak apwovizyonman (etablisman bon jan manyèl pwosedi pou apwovizyonnman ak lojistik)
? Ekriti pwojè/ leve fon nan fason ki bon pou òganizasyon an (ekriti pwojè, kreye bon jan rapò ak bayè, jwenn apèl pwopozisyon pwojè, chèche bayè, lòt fason pou leve fon dirab, elatriye)
? Jesyon pwogramatik (kalandriye travay, kad lojik, planifikasyon aktivite pwogramatik, elatriye)
? Jesyon pwojè ak bayè (ouvèti pwojè, planifikasyon ak ekriti rapò, elatriye)
? ak lòt pwen konsiltan an kapab rekòmande

3. Tabli yon plan ak kalandriye akonpayman/ ranfòsman kapasite pratik kreye pou chak patnè ki baze sou analiz bezwen yo epi ki genyen akonpayman dirèk (men nan men) nan biwo chak patnè (se pa yon travay teyorik an jeneral)

4. Egzekite plan akonpayman dirèk lakay chak patnè an prezansyèl pou ranfòse sa yo plis bezwen (sou tèm ki site pi wo nan lis sou analiz preliminè) ak anviwon kantite jou sa yo nan chak sit (negosyab selòn bezwen ak disponibilite bidjè):

? 25-30 jou total Okap
? 20-25 jou total Hinche
? 30 jou total Petit Twou de Nippes
? 80 jou total Okay

5. Patisipe nan rankont mansyèl ak kat (4) patnè yo ak Beyond Borders / Depase Fwontyè yo, ak yon rankont anplis chak mwa pou pale sou avanse yo

6. Reme?t BB/DF yon rapo? vrèman senp chak mwa ak pwogrè ak reko?mandasyon ki te fe?t pandan peryo?d la e ki rekòmande pou pwochèn peryòd la (sof pou fen trimès lè gen pi gwo rapò)

7. Remèt BB/DF yon kalandriye swivi sou planifikasyon aktivite ranfòsman kapasite òagnizasyon patnè sou peryòd chak trimès

8. Remèt BB/DF an yon rapò ak analiz chak trimès ak youn final ki fèt sou chak patnè

9. Dako? pou li konfo?me l ak tout egzijans BB/DF an bay sou pwoteksyon timoun ak benefisye?, pwoteksyon kont abi/eksplwatasyon seksye?l

10. Disponib pou patisipe nan rankont selon planifikasyon ki prevwa e chak fwa ekip BB/DF la pwopoze sa

III. TRAVAY POU LIVRE
? Rapò evalyasyon bezwen chak patnè ak plan pou akonpayman chak patnè selòn bezwen ak disponibilite bidjè
? Rapò aktivite detaye li reyalize chak mwa
? Rapò trimès ak rekòmandasyon ak pwogrè klè ak final selòn kalandriye ki etabli

IV. LÒT TÈM AK KONDISYON
Anplis, Konsiltan an dwe:
? remèt yon timesheet li sou pèyòd la (ki pou remèt ak fakti ak rapò chak mwa)
? dakò pou li peye taks jan lalwa mande a
? kouvri asirans medikal li
? asire transpò soti vil kote li baze pou rive/sòti lòt kote nan peyi a (sa dwe kalkile anndan òf finansyè konsiltasyon an)
? responsab frè transpò lokal (andann kominote yo), sèvis entènet li ak kominikasyon telefòn.
? asire li gen materyèl pou fè travay la tankou òdinatè, materyèl pou fè enpresyon si sa nesesè, elatriye
? asire ebèjman ak frè nouriti li pandan misyon yo (nan ka patnè pa genyen posibilite pou eberje li).

V. DIRE ak DAT LIMIT
Oktòb 2023-Jiyè 2024, estimasyon X e pa mwa

Beyond Borders/Depase Fwontyè yo pral peye Konsiltan pou kantite edetan travay ki fèt pandan chak mwa ka variye chak mwa epi ki baze sou kalandriye aktivite ak pwopozisyon konsiltan. Kalandriye vizit akonpayman ap etabli ansanm ant konsiltan, Beyond Borders/Depase Fwontyè yo, ak 4 patnè yo.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. PWOFIL KANDIDA
? Eksperiyans dokimante nan domèn travay ki mache ak deskripsyon reskonsabilite konsiltasyon an (nan domèn jesyon ONG, jesyon administratif, konsiltasyon, ranfòsman kapasite oganizasyonèl, kontwòl entènn, elatriye)
? Kapasite pou travay an ekip yon fason konstriktif
? Kapasite pou travay an ekip oswa pou kont li
? Moun ki mete anpil aksan sou detay, ki byen òganize
? Kapasite pou koute ak pran an kont lide lo?t moun epi fe? echanj pozitif
? Kapasite pou aji ak tout moun ak menm nivo respe?, ke?lkeswa estati sosyal moun yo
? Konpetans ak lojisyèl travay la, tankou WORD, EXCEL, G-Suite, ZOOM elatriye
? Bon konpetans nan kominikasyon: ekri epi pale Kreyo?l tre? byen
? Disipline, motive, one?t, merite konfyans, fleksib, kapasite pou adapte


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

VII. EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON
1. Yon CV
2. Pwofòma/Of Finansyè detaye ki separe "frè konsiltasyon" ak lòt eleman yo (tankou per diem, depans vwayaj, ekipman, elatriye), ansanm ak nenpòt lòt tèm ak kondisyon adisyonèl.
3. Yon le?t motivasyon 1 paj an Kreyo?l ki genyen ladan n:
a. Poukisa ou enterese ak konsiltasyon an
b. Ki eksperyans ou genyen ki fe? ou bon pou konsiltasyon an (pi presi posib nan ki domen ou menm oswa gwoup konsiltan yo gen eksperyans)
c. Denye? dome?n konsiltasyon ou fe?, si genyen
4. De (2) referans (nimewo telefo?n ak adre?s kourye elektwonik moun oubyen enstitisyon) ki kapab pwouve travay/aktivite ou te fe? oubyen eksperyans ou genyen nan dome?n nan.

Tout moun ki enterese epi ki panse yo kalifye pou travay sa a, tranpri, voye yon dosye konplè avèk tout dokiman ki mande yo nan adre?s sa a consultant@beyondborders.net anvan fen jounen 5 Oktob 2023 pou pita. Tanpri, nan linn sijè imèl la mete: Konsiltan Ranfòsman Òganizasyonèl