Empresyon pou materyèl kominikasyon pou Kowalisyon Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi an Ayiti<br /> <br /> pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTEKS / Context
Nan kad Pwojè k ap fèt pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi, 4 òganizasyon mete ansanm pou fè yon kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi. Pami yo, 1 ladan yo ap bay sipò teknik sou metodoloji SASA ! ak Kore Tifi, 1 nan yo ap bay sipò òganizasyonèl pou ede ranfòse chak òganizasyon, 2 nan yo ap enplemante Kore Tifi nan kominote pa yo epi, 2 nan yo ap enplemante SASA ! nan kominote pa yo. Konsa, li bezwen yon kay empresyon ki kapab fè bon kalite empresyon sou papye bon kalite, ak livrezon bò kote 4 nan òganizasyon yo (1 Okap, 1 Ench, 1 Okay, 1 Petit Twou de Nippes).


Description de taches

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE FOUNISE/General Description of Contract & Responsibilities of Supplier

• Fè eprèv 1 Afich, 1 ti komik SASA!, 1 ti komik Jesika Kore Tifi rive pou validasyon Jakmèl.

• Disponib pou korije sa ki merite korije.

• Apre apwobasyon eprèv, fè empresyon selon gri ki nan pyès jwent « Demann empresyon Kowalisyon Sipò Teknik pou Kay Empresyon », pou Faz 4 Kore Tifi ak Faz Aksyon nan SASA !

• Fè kantite chak materyèl ki endike livre nan biwo 4 òganizasyon (1 Okap, 1 Ench, 1 Okay, 1 Petit Twou de Nippes) ki detaye nan pyès jwent « Demann empresyon Kowalisyon pou Kay Empresyon »





III. TRAVAY POU LIVRE/ Deliverables

• Kantite ak kalite detaye nan pyès jwent « Demann empresyon Kowalisyon pou Kay Empresyon »

• Livrezon 1 kopi premye eprèv e jiska 2 koreksyon apre, Jakmèl

• Empresyon final ak Livrezon Afich, Ti Komik, Ti Pale, ak lòt dokiman SASA ! pou Faz Aksyon



IV. DIRE ak DAT LIMIT / Duration & Deadlines

• Dèle pou eprèv : 22 septanm 2023

• Dèle pou livrezon final premye tranch: 13 Oktob 2023


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

V. PWOFIL FOUNISE/ Supplier Profile

• Genyen kapasite ak konesans nan fè empresyon ak livrezon a lè.

• Gen aksè ak papye bon kalite, jan sa presize nan tèm referans.

• Disponibilite

• Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

VI. EGZIJANS pou DEPOZE PWOPOZISYON/ Submission of Tender
• Yon pwofòma an Goud sou papye an tèt, ki detaye empresyon ak livrezon ak kalite papye ; eprèv lòt travay ou konn fè pou materyèl mobilizasyon kominotè/ edikasyon popilè ; kopi patant ak NIF; voye bay li ak bon sijè « Empresyon Kowalisyon » sou consultant@beyondborders.net anvan dat limit : 11 septanm 2023.