Rekritman yon Fim/Konsiltan nan kad Fòmasyon sou Lojisyèl Jesyon PwojèpourFondasyon Kole Zepol| JobPaw.com
Introduction

Fonkoze se yon òganizasyon ki fonde pa Pè Joseph Philippe nan lane 1994 nan lide pou ede fanmi ki pi rekile e ki pi pòv yo nan peyi Dayiti. Fonkoze divize an 3 branch: Fondasyon Fonkoze ki se yon òganizasyon ki ofri pwogram apwi, Fonkoze USA (ki se yon òganizasyon sè ki baze ozetazini) ak Sèvis Finansye Fonkoze. Andedan Fondasyon Fonkoze genyen plizyè depatman ak pwogram. Pami yo genyen pwogram Chemen Lavi Miyò (CLM) ki travay ak fanmi ki pòv anpil nan zòn rekile (riral) ak kèk katye nan vil yo pou ede yo amelyore kondisyon lavi yo e ede yo genyen konfyans nan tèt yo.
Pwogram CLM travay nan plizyè depatman ki òganize an zòn rejyonal. Pwogram nan genyen aktivite li yo ki ranje an kowòt/pwojè; epi nan yon menm zòn genyen plizyè kowòt ki ka kòmanse epi fini nan diferan dat. Chak kowòt genyen yon sipèvizè ki travay ak ant 6 a 8 moun ki se Case Manager(Ajan tèren) ki travay sou tèren, epi genyen yon direktè rejyonal ki kwafe zòn nan ki genyen plizyè sipèvizè. Tout kowòt pa genyen menm aktivite, genyen ki gen aktivite espesifik yon lòt pa genyen. Konsa, reyalizasyon entèvansyon pwogram CLM nan kap vini chak jou pi gran egzije konesans yon konsiltan/fim. Pou amelyore planifikasyon ak swivi operasyonèl aktivite yo, metrize yon lojisyèl jesyon pwojè se yon atou ki enpòtan anpil. Donk, swit ak planifikasyon yo kap elaji tanzantan, itilizasyon yon lojisyèl ap pèmèt nou ekonomize tan epi bay yon kout je global sou aktivite yo.
Nan sans saa, Direksyon an deside amonize epi otomatize pwosesis planifikasyon ak jesyon echeyansye diferan pwojè/kowòt yo. Pou sa posib, pwogram CLM ap chache yon konsiltan/fim ki genyen ekspètiz nan itilizasyon lojisyel jesyon pwojè (vèsyon komèsyal yo), pou asire fòmasyon ak coaching pou manm Direksyon CLM yo sou manipilasyon yon logisyèl ke CLM pral chwazi ak apwi konsiltan/fim nan.


Description de taches

Objektif
1. Ede Direksyon CLM nan analize paramèt ak pèfòmans diferan lojisyèl planifikasyon ak jesyon pwojè pa rapò ak bezwen espesifik planifikasyon; ak jesyon diferan pwojè/kowòt ki nan pwogram nan;
2. Ede Direksyon CLM nan fè chwa yon lojisyèl ki koresponn ak bezwen pwogram nan;
3. Fòme ekip Direksyon an sou ilitizasyon lojisyèl ki chwazi a;
4. kotche 10 manm nan ekip Direksyon an pou swivi ak akonpayman chanjman nan twa (3) premye mwa itilizasyon lojisyèl la.
Rezilta eskonte
Nan fen konsiltasyon an, patisipan yo dwe kapab:
1. Genyen yon dokiman ki analize fòs, feblès, menas ak opòtinite omwen 4 lojisyèl jesyon ak planifikasyon pwojè;
2. Konsiltan/fim nan diskite ak IT manager Fondasyon Fonkoze poul asire koyerans ant lojisyèl la ak enfrastrikti teknolojik ki egziste nan fondasyon an;
3. Pwogram nan adopte epi achte yon lojisyèl ki kadre ak bezwen li;
4. 10 manm direksyon an kapab itilize korekteman lojisyèl ki chwazi a;
5. Lojisyèl la teste sou pipiti 4 kowòt, nan twa premye mwa ki swiv fòmasyon an;
6. Ofisye santral pwojè a ak 4 lot moun si nesesè jwenn akonpayman pandan tout faz tès la pou kapab pwan relèv nan akonpaye manajè yo nan itilizasyon lojisyèl la nan faz ekspansyon li;
7. Yon manyèl pwosedi ak itilizasyon, swivi enplemantasyon lojisyèl la disponib nan fen tès la.
Misyon Konsiltan an/fim nan
1. Diskite ak Direksyon CLM sou tout detay prestasyon sèvis la;
2. Chèche konnen pwogram CLM pou kapab byen sènen enpòtans ak kontni fòmasyon an;
3. Prepare metodoloji, kontni ak zouti pou reyalize seyans fòmasyon saa, epi prezantel bay Direksyon CLM nan pou validasyon;
4. Ede Direksyon pwogram nan chwazi lojisyèl ki koresponn a bezwen li, tenan kont achitekti teknolojik Fondasyon Fonkoze a;
5. Fòme patisipan yo sou jesyon ak manipilasyon lojisyèl sa a;
6. Bay yon asistans teknik ak 5 patisipan yo nan faz tès lojisyèl la nan twa (3) premye mwa enplemantasyon lojisyèl la;
7. Prepare manyèl pwosedi ak itilizasyon lojisyèl la pandan faz tès la e finalizel aprè faz tès la.
Patisipan
An total 10 patisipan prevwa pou patisipe nan seyans fòmasyon saa.
Dire konsiltasyon an
Konsiltasyon sa a ap dire 4 mwa soti 20 mas rive 20 jiyè. Esansyel travay yo ap fèt nan biwo santral Pòtoprens. Soumisyon dosye
Konsiltan/Fim ki enterese dwe soumet yon dokiman ki genyen:
1. yon lèt entansyon;
2. nòt konpreyansyon misyon an;
3. yon pwoposisyon teknik avèk yon metòd detaye li ap itilize pou apwi teknik la;
4. yon kalandriye egzekisyon ki pa depase 4 mwa;
5. yon pwopozisyon finansyè.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

Pwofil konsiltan
Konsiltan an dwe genyen konpetans ak eksperyans sa yo:
1. Genyen yon diplòm/lisans nan teknoloji enfòmasyon/ management/ jeni endistriyèl/ oubyen yon domèn ki sanble;
2. Genyen 5 lane eskperyans profesyonèl nan INTIC/ Management;
3. Genyen 5 lane esperyans pratik nan montaj ak manipilasyon lojisyèl planifikasyon /zouti sou planifikasyon ak swivi aktivite;
4. Genyen eksperynas pwouve nan fè kalite fòmasyon sou kalite kalite lojisyèl sa yo pou ekip pwojè;
5. Kapab kominike an kreyòl ak fransè.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

Konsiltan/Fim nan dwe depoze dokiman sa yo nan anvlòp sou pli femen nan biwo Fondasyon Kole Zepòl 119, Avni Christophe P-au-P, nan dat 27 mas 2023 a 3:30 pou pita. Anvlòp la dwe adrese a: ADM-Fonkoze, ak mansyon : Ofteknik_apwiteknik ak fomasyon sou lojisyel Jesyon Pwoje_CLM.
Oubyen voye li adrès imel sila nan menm kondisyon ki site anlè yo: fkzprocurement@fonkoze.org