Konsiltan pou Kreyasyon Kèk Sesyon sou Biznis pou Yon Gid Resous Ekonomik pou TifipourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

I. Kontèks
Beyond Borders, ki pote non Depase Fwontyè yo an Ayiti, wè nan peyi d Ayiti semans pou yon nouvo mond kote moun yo simonte gwo defi nan aprann poze kesyon, fè vizyon, ak aji ansanm; kote fanmi ak kominote yo, sou yon baz konfyans ak respè youn pou lòt, fè pwogrè. Avèk misyon pou ede moun ranfòse mouvman
sosyal pou liberasyon an Ayiti, Beyond Borders ap travay pou pèmèt Ayisyen devlope zouti ak ladrès pou mete fen nan pratik kote timoun tonbe nan restavèk, pou asire bon kalite edikasyon primè pou tout moun, pou fè prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi, pou asire mwayen ki dirab ak jistis ekonomik pou sila ki pi fèb yo. Pou plis enfòmasyon sou travay nou, ale sou sit wèb Beyond Borders.
Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap devlope yon nouvo gid ki pou pèmèt jèn fi devlope kapasite yo nan ekonomi ak chanje sitiyasyon ekonomik yo nan lavni. . Manyèl sa a pral fè pati metodoloji Kore Tifi a. Kore Tifi se yon metodoloji Beyond Borders / Depase Fwontyè yo devlope. Nan metodoloji sa a genyen yon pati ki se yon adaptasyon apati SASA!, yon metodoloji ki baze sou prèv Raising Voices te devlope. Kore Tifi konbine pwogram ki santre sou tifi ak yon apwòch mobilizasyon kominotè pou prevansyon kont vyolans sou tifi. Li angaje tifi yo nan klèb tifi; li angaje yo kòm aktivis ak lidè pou chanjman nan kominote yo. Kominote a an gwo (paran yo, lidè yo, manm kominote a an jeneral) ak kèk lekòl angaje tou nan yon pwosesis chanjman nòm sosyal. Prezans divès aktè yo, an fèt se pou asire tifi viv an sekirite, yo patisipe aktivman nan kominote yo e, kominote a kreye espas pou tifi devlope lidèchip yo.
Beyond Borders / Depase Fwontyè yo pral fè yon pilòt nan Depatman Sid-Ès la ak yon lòt nan Depatman Lwès apati patenarya avèk yon lòt Òganizasyon.
Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap chèche yon konsiltan ki gen ekspètiz nan fè biznis ak aprann moun sou biznis ak epay pou ede nan devlope kèk sesyon patikilyè pou ale anndan Gid Resous Ekonomik la.

II. Deskripsyon jeneral/Objektif kontra a
Objektif Jeneral: Asire kreyasyon bon kalite kontni pou anviwon 9 sesyon presi sou biznis pou ale anndan yon pi gwo Gid Resous Ekonomik pou jèn fi, nan lide pou ogmante potansyèl ekonomik nan lavni jèn fi yo.
Objektif espesifik:
Kreye anviwon 9 sesyon patisipatif ki kapab entegre nan dinamik klèb jèn fi 15-19 lane, ki dire anviwon 45 minit oswa mwens. Sesyon sa yo dwe kouvri tèm pi bay o, e dwe ase praktik pou pèmet jèn fi yo swiv pwosesis pou yo bati biznis pa yo ak fè aktivite sa yo nan lavi pa yo.

Tèm sesyon yo ak objektif aprantisaj sesyon yo detaye pi ba. Li posib sa ki site kòm 1 grenn sesyon vin 2, oswa sa ki site kòm 2 vin yon sèl, depandeman konsèy konsiltan an ansanm ak manm ekip Depase Fwontyè yo/ Beyond Borders. Konsiltasyon an se pou asire sesyon yo kreye yon fason pou objektif aprantisaj yo atenn.

Anviwon 3 sesyon ak dele mi Oktob 2022, pou entegre nan Faz 2 Kore Tifi

Tèm sesyon Objektif Aprantisaj sesyon
Kapasite biznis #1: Rechèch sou mache a • Jèn fi yo aprann fè rechèch sou mache a
• Jèn fi yo kapab fè rechèch sou mache a pou idantifye lopotinite pou yo kapab kreye biznis
Kapasite biznis #2: Aplikasyon leson rechèch sou mache a • Jèn fi yo sèvi ak rezilta rechèch sou mache a pou yo idantifye bon lopotinite pou kreye biznis
• Jèn fi yo kapab idantifye sa y ap bezwen pou koumanse yon biznis ki idantifye
Gwoup epay #1: Kreyasyon gwoup epay • Jèn fi yo konnen enpòtans/ wòl gwoup epay ak etap pou etabli yon bon gwoup epay
• Jèn fi yo kapab pataje obsèvasyon pa yo sou gwoup epay e idantifye kisa ki fè yon bon gwoup
• Jèn fi yo genyen kapasite pou swiv etap pou kreye yon bon gwoup epay

Anviwon 6 sesyon ak dele fen Fevrye 2023 pou pita, pou entegre nan Faz 3 ak 4 Kore Tifi
Tèm sesyon Objektif Aprantisaj sesyon
Kapasite biznis #3: Kreyasyon yon biznis ak yon rezo sou biznis (Faz 3) • Jèn fi yo aprann devlope yon rezo e konprann ki fason kèk biznisman te koumanse mete biznis pa yo kanpe.
• Jèn fi yo devlope kapasite nan bay antrevi
• Jèn fi yo aprann fason pou yo fè koneksyon ak mèt biznis nan kominote a
Kapasite biznis #4: Gaye nouvèl pou vann byen (Faz 3) • Jèn fi yo konnen fason pou gaye nouvèl sou yon biznis pou yo vann byen (makètin)
• Jèn fi yo kapab kreye yon plan makètin pou yon biznis
Gwoup epay #2: Kreyasyon gwoup epay (Faz 3) • Jèn fi yo aprann etabli regleman ak fonksyonman yon bon gwoup epay
• Jèn fi yo kapab fè eleksyon yon komite e kreye yon gwoup epay ki fonkyone
Kapasite biznis #5: Devlope plan biznis (Faz 4) • Jèn fi yo kapab devlope yon plan biznis.
Kapasite biznis #6: Devlope patenaria biznis ak lòt moun nan kominote a (Faz 4) • Jèn fi yo lanse aktivite biznis yo nan kominote a.
• Jèn fi yo jwenn alye, patnè biznis ak moun ki ka ba yo bon konsèy sou fason pou yo kreye biznis yo nan kominote a.
Gwoup epay #3: Refleksyon ak amelyorasyon gwoup epay (Faz 4) • Jèn fi yo reflechi sou premyè sèk gwoup epay
• Jèn fi yo kapab esplike fason pou sèvi ak lajan nan gwoup epay pou devlope biznis pa yo
Konsiltan ap yon espesyalis ki pral travay nan tèt kole ak anplwaye Beyond Borders / Depase Fwontyè yo plis patnè li yo an Ayiti (nan Jakmèl, Leyogàn, ak Pòtoprens) ansanm ak yon ekip ki chita Ozetazini ak Kanada. Reyinyon regilye yo pral kle pou asire pwojè a reyalize byen rapid san pwoblèm epi li rete sou sib ak sou pwen ki gen pou wè avèk tèm nan kontni, objektif, ak dat limit pou finalize tout atant yo.


Description de taches

III. Reskonsabilite konsiltan an
• Patisipe nan oryantasyon sou Kore Tifi, klèb tifi, kontèks, ak estil sesyon yo.
• Voyaje pou rive Jakmèl si sitiyasyon sekrite pèmet sa, pou konprann kontèks la, omwen 1 fwa pandan dire kontra a.
• Asire li genyen tout aranjman nesesè pou travay a distans (aksè ak entènet, kapasite pou monte sou konferans videyo, odinatè, elatriye)
• Kreye bouyon kontni patisipatif pou sesyon yo, nan fòma ki endike, pou atenn objektif aprantisaj ki fikse.
• Entegre tout komantè ak pwopozisyon ekip Beyond Borders/ Depase Fwontyè yo fè sou travay ki reyalize yo
• Patisipe nan rankont lè sa nesesè pou esplike/ pi byen konprann fitbak sou bouyon sesyon ki deja kreye yo.
• Respekte ak aplike alalèt règleman pwoteksyon manm Ekip Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ak tout lòt politik entèn BB/DF yo
• Kouvri aranjman ak depans asirans medikal ak vwayaj.
• Obligasyon taks jan peyi a mande l pou li peye taks sou revni
(Remak: Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap dedwi 2% oswa 15% valè atik ki enpòtan pou konsiltan nasyonal oswa entènasyonal, respektivman, pou soumèt bay Otorite nan zafè taks an Ayiti dapre sa lwa ayisyen di).


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

IV. Pwofil konsiltan
• Eksperyans nan kreye materyèl pou aprann moun sou kapasite biznis nesesè (5 lane pou pi piti).
• Eksperyans enpòtan ak pwogram otonòm ekonomik pou jèn fi adolesan (15-19 lane) prefere.
• Eksperyans nan kreyasyon metodoloji preferab.
• Eksperyans nan fè fòmasyon ak kreyasyon modil/ sesyon fòmasyon pou jèn fiadolesan
• Ladrès kominikasyon ekselan.
• Trè òganize, kapab travay byen pou kont li ak a distans.
• Li nesesè pou pale ak ekri byen Kreyòl Ayisyen. Se yon diplis si postilan an pale ni Angle ni Kreyòl. Franse se yon diplis.
• Aksè ak koneksyon entènèt ki bon.
• Baze an Ayiti prefere, ak kapasite pou vwayaje anndan Ayiti; si moun nan baze lòt bo dlo, pare pou jwenn fason pou aprann sou kontèks kominotè.
• Disponib pou tan ki defini nan tèm referans sa a.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

Moun ki enterese oswa konpayi yo ta dwe soumèt yon aplikasyon konplè bay Beyond Borders / Depase Fwontyè yo nan consultant@beyondborders.net anvan fen jounen lè Ayiti 14 septanm 2022. Tanpri itilize liy sijè imèl la: Konsiltan pou Kreyasyon Sesyon sou Biznis


Remarques contact

Sara Seibert / s.siebert@beyondborders.net


Autres remarques

Piblikasyon sa ap rive nan limit li 14 Septanm men Si Depase Fwontye Yo jwenn resous li bezwen an avan datt sa li ap mete fen otomatikman an piblikasyon an.