Yon atis ki pou fè 4 afich ak tout desen pou yon modil ekonomik (anviwon 28 desen). Apre sa, Atis la genyen pou fè mizanpaj pou plase desen yo nan afich ki kreye. Li gen pou fè tout ajisteman selòn fitbak jiska tout desen yo finalize ak aksepte.pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Beyond Borders, yo konnen an Ayiti sou non “Fondasyon Depase Fwontyè yo” ap travay an Ayiti depi 1993. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ede sitwayen yo kreye mouvman pou lite kont opresyon ak izolman. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo sipòte tout mouvman ki vize goumen kont sistèm "restavèk" la (esklavaj timoun), fasilite aksè nan edikasyon inivèsèl, goumen kont vyolans sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm opresif kap peze pòv yo. Li ede nan sistèm ki sipòte travay dirab epi asire dirabilite. Beyond Borders / Depase Fwontyè gen twa(3) pwogram kap fè entèvansyon nan peyi a: "Repanse Pouvwa" ki travay nan mouvman pou elimine vyolans sou fanm ak tifi, "Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM) ak" Inisyativ Kominote Modèl Ibèn "(IKM) kap travay nan mouvman pou elimine system restavèk ak fasilite yon edikasyon inivèsèl. Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak La Gonâve. Li travay nan kolaborasyon ak plizyè patnè nan peyi a.

Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap lanse yon patenariya 4 lane avèk Komisyon Ewopeyen an nan kad yon pwojè pou ankouraje dwa tifi adolesan yo. L’ap kreye epi pilote yon nouvo gid resous pou ajoute anndan metodoloji Kore Tifi li deja sèvi. Gid resous sa pral ranfòse kapasite ekonomik tifi yo pandan kominote a fè chanjman nòm sosyal pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi atrave metodoloji Kore Tifi. Kore Tifi met ansanm pwogram ki santre sou tifi ak mobilizasyon kominotè pou prevansyon kont vyolans sou tifi. Li angaje tifi yo kòm lidè, ankouraje patisipasyon yo nan pwòp devlopman yo pandan yap jwe yon pi gwo wòl nan lavi kominote yo. Tout moun nan kominote a (paran yo, lidè yo, manm kominote jeneral) ak lekòl kle yo angaje yo asire tifi fè eksperyans ogmante nivo enklizyon ak sekirite nan anviwònman yo. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap dirije pwojè pilòt la nan pwòp kominote enplemantasyon li yo nan Depatman Sidès ak an patenarya epi ak yon lòt enstans pou fè pwojè pilòt la nan kominote sib nan Depatman Lwès la. Nan optik sa Beyond Borders / Depase Fwontyè deside rekrite yon Atis pou fè desen ki pral entegre nan gid resous ekonomik la.


Description de taches

• Fè omwen 28 desen orijinal ki koresponn ak estil ki sèvi nan Kore Tifi (detay sou desen yo pi ba nan “Travay pou Livre”).
• Fè nenpòt chanjman desen Ekip Repanse Pouvwa nan Depase Fwontyè Yo/ Beyond Borders kapab mande, menm si genyen jiska 5 vèsyon, epi remet Ekip la tout dokiman final.
• Respekte angajman pou remèt travay la jan Beyond Borders/ Depase Fwontyè Yo te deside ak li.
• Respekte tout kalandriye ak del¬è ki etabli ansanm ak ekip Repanse Pouvwa nan Depase Fwontyè Yo/ Beyond Borders pou reyalizasyon travay sa.
• Disponib pou voyaje Jakmèl pou yon atelye pandan 4 oswa 5 jou pou fè desen yo, pi bon¬è posib pandan peryòd kontra a.
• Peye ak patisipe nan òganize lojistik ansanm ak Beyond Borders/ Depase Fwontyè Yo pou rann sa posib. (Tanpri pran an kont transpò ak sekirite si posib anndan pwoforma a).
• Fasilite kominikasyon dirèk ant atis ki ap fè desen ak pwen fokal Beyond Borders/ Depase Fwontyè Yo omwen chak semen pandan kontra a jiskaske travay la fini sou satisfaksyon Beyond Borders/ Depase Fwontyè Yo.

TRAVAY POU LIVRE/ Deliverables

4 afich 18x24 finalize, ak anviwon 28 desen tout koulè plase ladan. Si tout 28 desen yo pa antre anndan afich yo, li posib desen yo ap fèt apa pou mizanpaj nan lòt dokiman. Kantite desen kapab vin pi piti men pa pi gwo, selon demann ekip kreyasyon ak pwen fokal nan Depase Fwontyè Yo/ Beyond Borders.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

• Genyen eksperyans nan fè desen, ni nan kreyasyon estil desen grafik ni nan mizanpaj.
• Kapab fè desen nan fason dezinyatè grafik ak kay empresyon kapab sèvi.
• Disponibilite
• Gen pasyans (kapab genyen plizyè chanjman)
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans selòn kondisyon ki prezante yo
• Fanm (yon diplis)


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

Tanpri remèt pwoforma pou pri pou chak desen ak yon pri total selòn kantite desen ki estime anndan tèm referans lan si posib, ak tout revizyon nesesè anndan pri a. Ajoute yon lòt liy pou estimasyon pou lojistik (transpò, sekirite, domi ak manje) pou atelye Jakmèl la. Proforma yo ak yon CV dwe remèt anvan 14 Janvye 2022, ansanm ak egzanplè travay sou consultant@beyondborders.net


Remarques contact

j.louis@beyondborders.net