Empresyon pou materyèl kominikasyon pou Kowalisyon Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi an AyitipourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Nan kad Pwojè k ap fèt pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi, 8 òganizasyon mete ansanm pou fè yon kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi. Pami yo, 1 ladan yo ap bay sipò teknik sou metodoloji SASA ! ak Kore Tifi, 1 nan yo ap bay sipò òganizasyonèl pou ede ranfòse chak òganizasyon, 3 nan yo ap enplemante Kore Tifi nan kominote pa yo epi, 3 nan yo ap enplemante SASA ! nan kominote pa yo. Konsa, li bezwen yon kay empresyon ki kapab fè bon kalite empresyon sou papye bon kalite, ak livrezon bò kote 7 nan òganizasyon yo (2 Pòtoprens, 1 Okap, 1 Ench, 1 Okay, 1 Petit Twou de Nippes, 1 Jakmèl).


Description de taches

• Fè eprèv 1 Afich, 1 ti komik SASA!, 1 ti komik Jesika Kore Tifi rive pou validasyon Jakmèl.
• Disponib pou korije sa ki merite korije.
• Apre apwobasyon eprèv, fè empresyon selon gri ki nan pyès jwent « Demann empresyon Kowalisyon Sipò Teknik pou Kay Empresyon », pou Faz 3 ak 4 Kore Tifi ak SASA
• Fè kantite chak materyèl ki endike livre nan biwo 7 òganizasyon (2 Pòtoprens, 1 Okap, 1 Ench, 1 Okay, 1 Petit Twou de Nippes, 1 Jakmèl) ki detaye nan pyès jwent « Demann empresyon Kowalisyon Sipò Teknik pou Kay Empresyon »


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

• Genyen kapasite ak konesans nan fè empresyon ak livrezon a lè.
• Gen aksè ak papye bon kalite, jan sa presize nan tèm referans.
• Disponibilite
• Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

• apwovizyonman-rp@beyondborders.net


Remarques contact

j.louis@beyonborders.net
James Louis


Autres remarques

Yon pwofòma an Goud sou papye an tèt, ki detaye empresyon ak livrezon ak kalite papye ; eprèv lòt travay ou konn fè pou materyèl mobilizasyon kominotè/ edikasyon popilè ; kopi patant ak NIF; voye bay li ak bon sijè « Empresyon Kowalisyon »