Defini modèl reyabilitasyon ekonomik sivivan pratik restavèk lapourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Beyond Borders / Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon k ap travay pou kore mouvman sosyal an Ayiti. Fondasyon sa vize kore kat (4) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak Lagonav, Ayiti ansanm ak yon ekip ki baze nan plizyè zòn Ozetazini ak Kanada. Li travay an kolaborasyon ak plizyè patnè atravè peyi Ayiti.


Description de taches

Tach ak responsabilite konsiltan se fè rechèch pou atenn objektif jeneral la ak objektif espesifik ki fikse yo. Espesifikman, konsiltan an ap genyen pou :
- Soumèt plan travay konsiltasyon an ak yon kwonogram aktivite.
- Pataje alavans ak Fondasyon Depase Fwontyè yo zouti ki pral itilize nan kad rechèch sa a pou li kapab bay avi li.
- Fè analiz, dokimante rapò rechèch sou opòtinite mache ayisyen an ofri pou moun ki defavorize.
- Fè analiz dokimantè modèl pwogram ki egzekite pou retire moun defavorize yo nan povrete.
- Fè entèvyou ak moun ki genyen eksperyans nan fè rechèch sou opòtinite ekonomik ak nan egzekite pwogram ki sible moun defavorize yo.
- Chita pale ak responsab Depase Fwontye/Beyond Borders yo, Kodinasyon rezo sivivan restavèk yo pou pran konesans sou rezo a ak aktivite yo. Sa ap pèmèt konsiltan byen konprann kontèks entèvansyon an.
- Fè entèvyou ak Sivivan yo pou tabli pwofil yo.
- Analize entèvyou yo epi klase pwofil sivivan yo.
- Fe rekòmandasyon sou modèl reyabilitasyon ki kadre ak pwofil sivivan yo .
- Diskite ak sivivan yo sou rekòmandasyon yo pou jwenn reyaksyon yo.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

Konsiltan dwe genyen kalifikasyon sa yo :

? Espesyalis nan Ekonomi (ak syans ki konekte ak li yo tankou estatistik elatriye) avèk yon aksan nan pwojè pou retire moun defavorize nan povrete.
? Genyen bon konesans sou fonksyonman ekonomi peyi Ayiti, espesyalman nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens.
? Genyen pou pi piti 3 lane eksperyans nan fè rechèch, elabore estrateji pou ede moun soti nan povrete
? Genyen bon konesans sou pwoblematik gwoup majinalize an Ayiti.
? Genyen eksperyans nan reyalize etid/evalyasyon oubyen aktivite rechèch nan domèn ekonomi.
? Genyen eksperyans konfime nan kòlekte done kantitativ ak kalitativ (Antretyen ak fokis gwoup).
? Bon kapasite nan tretman ak analiz done kantitativ ak kalitativ.
? Bon konesans nan itilizasyon zouti teknolojik pou elabore ak kolekte done. Bon kapasite nan itilizasyon CommCare ap yon atou.
? Byen òganize, kapab travay yon fason otonòm epi ak distans.
? Li nesesè pou li pale ak byen ekri kreyòl ayisyen. Se yon diplis si postilan an pale ni angle ni Fransè.
? Disponib pou tan ki defini nan tèm referans sa a.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

? Tout moun/gwoup moun ki enterèse nan konsiltasyon sa a dwe voye yon dosye konplè ki genyen:
a) Kourikoulòm moun oubyen gwoup moun ki fòme ekip la avèk adrès ak nimewo
telefòn ak kopi pyès idantite oubyen paspò pou chak.
b) Yon pwopozisyon teknik ak finansyè an kreyòl epi an goud.
c) Dokiman ak atestasyon fiskal a jou. Si w se etranje, ou dwe prezante pyès ak atestasyon omològ peyi w egzije.
d) Tout pyès ak dokiman legal ki pètinan pou sèvis sa
? Voye òf ou sou imel sa a: consultant@beyondborders.net ak sijè imel la ki ekri: Pwopozisyon Rechèch sou model reyabilitasyon sosyo-ekonomi.
? Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 12 Septanm 2021. Aprè dat sa a, okenn dosye pap aksepte.


Remarques contact

Kontak prensipal : Guyto Desrosiers / g.desrosiers@beyondborders.net