Evalyasyon Ekstèn Pwogram Fòmasyon Pwofesè nan LagonavpourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Kreye depi lane 1996, Lekòl Kominotè Matènwa ki genyen sig li ki se LKM bay tèt li kòm misyon pou amelyore kalte edikasyon sou zile Lagonav atravè yon metodoloji ki marye eksperyans gide, pwomosyon metòd ansèyman ki pa vyolan, vizit ak coaching, apwòch patisipatif ki entegre patnè lokal k ap fonksyone nan sektè edikasyon ak pwomosyon lang manman tout Ayisyen ki se kreyòl.

Nan sousi pou akonpli misyon li ki se kreye yon modèl edikasyon demokratik ki kadre ak anviwonman lokal, LKM devlope patenarya ak lekòl patnè nan ede pèsonèl yo jwenn bon jan fòmasyon, sipò finansye ak asistans teknik. Nan sans sa a plizyè seyans fòmasyon reyalize pou pèsonèl eskolè divès lekòl patnè sa yo nan objektif pou ranfòse kapasite yo parapò ak objektif pwogràm nan.

Pou idantifye ak analize enpak « Pwogràm Fòmasyon Lekòl yo » men tou difikilte ak obstak aktè yo rankontre nan egzekisyon pwogràm nan, LKM jije li enpòtan pou angaje yon konsiltan ekstèn pou evalye li. Evalyasyon sa ap pèmèt desidè yo amelyore kalite pwogràm nan epi alavni fòmile rekòmandasyon ki kapab ogmante enpak li plis toujou.


Description de taches

I. OBJEKTIF KONSILTASYON AN

Objektif Jeneral:
Mezire enpak pwogràm « Fòmasyon Lekòl Patnè yo » genyen nan amelyorasyon kalite edikasyon nan kominote sible yo atravè devlopman yon modèl aprantisaj efikas ak replikab nan fè pwomosyon lang kreyòl, aprantisaj ki pa kadre ak vyolans ki kapab pèmèt timoun yo tounen sitwayen angaje nan devlopman enklizif ak dirab kominote li.
Objektif espesifik:
1- Mezire enpak pwogràm « Fòmasyon Lekòl Patnè yo » genyen nan ranfòsman kapasite pwofesè lekòl yo.
2- Mezire kontribisyon pwogràm « Fòmasyon Lekòl Patnè yo » nan ankouraje ak motive pwofesè yo pou rete nan klas yo.
2- Mezire enpak finansye pwogràm nan genyen sou lekòl yo, pwofesè, direktè ak popilasyon nan kominote sible yo pandan ak aprè yo fin sòti nan pwogràm nan.
3- Mezire nivo pètinans pedagojik pwogràm nan.
4- Mezire kontribisyon pwogràm lan nan amelyorasyon anviwonman eskolè patnè yo (Anviwonman favorab ak adekwa pou fasilite aprantisaj).
5- Mezire enpak pwogràm nan genyen nan amelyore kapasite jesyon oubyen administrasyon lekòl yo pandan ak aprè yo fin sòti nan pwogràm nan.
6- Mezire kontribisyon pwogràm nan genyen nan fasilite bon jan refleksyon enklizif pou amelyore kalite edikasyon nan kominote sible yo.
7- Mezire kontribisyon jaden lekòl yo, yon lòt aspè nan pwogràm nan, genyen nan devlope kapasite aprantisaj pratik elèv yo, nan devlopman pratik agrikòl dirab nan kominote sible yo.
8- Idantifye difikilte ak obstak aktè enplike yo rankontre nan egzekisyon ak avansman pwogràm nan.
9- Fòmile rekòmandasyon ki kapab kontribiye pou amelyore kalite pwogràm nan epi ogmante enpak li alavni.

Konsiltan ap yon espesyalis ki pral travay nan tèt kole ak estaf LKM/FOM yo epi patnè li yo nan Lagonav. Li posib pou genyen reyinyon regilye ki reyalize ant konsiltan ak divès aktè ki enplike nan pwosesis la pou swiv dewoulman evalyasyon an (Tankou pou asire siblaj, echantiyonaj, objektif ak dat limit respekte).


II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN ANt

Tach ak responsablite prensipal konsiltan se kondwi evalyasyon pwogràm fòmasyon pwofesè LKM /FOM ap egzekite nan plizyè kominote Lagonav. Espesifikman, konsiltan an ap genyen pou :

? Chita pale ak responsab LKM/FOM epi patnè li yo pou pran konesans sou pwogràm l ap enplemante sou zile Lagonav la. Sa ap pèmèt konsiltan byen konprann kontèks entèvansyon an.
? Fè yon eta avansman ak reyalizasyon ki fèt nan kad egzekisyon pwogràm nan pandan 3 dènye lane sa yo epi mezire pwogrè ki fèt tou parapò ak rezilta ki te fikse anvan yo.
? Analize pètinans pwogràm nan yon fason pou mezire si aksyon ki reyalize nan kad fòmasyon pwofesè ak direktè yo kadre ak bezwen benefisyè yo epi zòn sible yo.
? Mezire efisyans pwogràm nan. Ki vle di chache konnen èske resous (fiansyè, materyèl, elatriye) ki te dispoze pou egzekite pwogràm nan te itilize yon fason rasyonèl pou atenn objektif ki te fikse anvan yo.
? Mezire efikasite pwogràm nan parapò ak objektif ki te fikse anvan yo epi verifye si objektif sa yo rive atenn reyèlman. Konsiltan ap genyen pou analize diferans ki genyen ant objektif ki te fikse ak sila ki atenn yo tou.
? Mezire enpak (anviwònmantal, ekonomik, sosyal, edikatif, elatriye) pwogràm nan genyen sou divès kalite benefisyè yo tankou lekòl yo globalman, elèv, direktè ak pwofesè yo an patikilye epi lokalite kote pwogràm nan ap egzekite a. Enpak pwogràm nan dwe mezire sou plizyè peryòd : nan yon tan ki kout, nan yon tan mwayen ak nan yon tan ki long. Konsiltan dwe mezire efè (pozitif, negatif, previ ak enprevi) pwogràm nan genyen tou sou plan sosyal, ekonomik, edikatif ak anviwonmantal.
? Evalye dirabilite pwogràm nan yon fason pou analize si pwogrè ak efè yo ap dirab menm aprè egzekisyon pwogràm nan.
? Evalye koyerans pwogràm nan parapò ak lòt entèvansyon kap reyalize nan divès domèn sou zile Lagonav tankou: edikasyon, lasante, agrikilti, devlopman ekonomik, elatriye. Verifye si pwogràm nan konplete lòt aksyon kap fèt nan domèn edikasyon nan lokalite kote lap egzekite a. Verifye tou si kontèks reyalizasyon pwogràm nan te analize kòrèkteman byen anvan enplemantasyon li.
? Valè ajoute pwogràm nan pote pou benefisyè dirèk, endirèk ak kominote kote lap egzekite a. Nan sans sa a, evalyasyon konsiltan dwe pèmèt LKM ak patnè li yo reponn kesyon sa yo tankou : Eske bezwen zòn egzekisyon pwogràm nan ak popilasyon sible yo te byen idantifye ? Ki fòs ak feblès evalyasyon pwosesis siblaj benefisyè yo te genyen ? Eske popilasyon lokalite kote pwogràm nan ap ezekite a byen konprann fason LKM te sible benefisyè li yo ? Elatriye.........
? Fòmile rekòmandasyon espesifik sou twa (3) dènye ane egzekisyon pwogràm nan yon fason pou amelyore li alavni.
? Idantifye leson ki aprann pandan 3 dènye ane egzekisyon pwogràm nan. Konsiltan ap genyen pou idantifye klèman tout eleman oubyen detay ki kapab konsidere kòm siksè nan kad enplemantasyon pwogràm nan epi idantifye tout sa ki pat byen mache pandan dewoulman li tou ?

III. TRAVAY POU LIVRE

Evalyasyon an dwe abouti oubyen pwodwi dokiman sila yo:

? Yon nòt metodolojik byen detaye (Rapò inisyal) ki prezante metodoloji evalyasyon an epi ki eksplike klèman apwòch ki chwazi pou evalyasyon an. Nòt la dwe genyen ladanl: zouti kòlèk done yo, plan analiz la, matris evalyasyon an, dispozisyon ki pran pou respekte aspè etik evalyasyon an, plan travay ak kwonogràm ki tabli pou sa a. Nòt metodolojik la dwe kadre ak òf teknik konsiltan te pwopoze depi nan depo kandidati li a. Li enpòtan pou nou presize LKM ak patnè ki enplike dirèkteman nan pwosesis evalyasyon an kapab deside verifye epi bay avi li sou nòt metodolojik la, sitou sou aspè etik li.

? Yon premye draf rapò ki genyen ladan li rekòmandasyon presi epi konkrè ak responsablite byen defini. Estaf LKM/FOM ak patnè li yo ap genyen pou bay apresiyasyon yo sou kontni premye draf rapò sa a.

? Yon rapò final ki pran an konsiderasyon kòmantè aktè enplike yo te fè sou premye draf rapò a. Pa bliye LKM ak patnè li yo ap genyen pou bay avi sou kalite ak apwobasyon rapò final la. Rapò final la pa dwe depase 30 paj epi li dwe fèt nan lang kreyòl ak respekte fòma rapò LKM/FOM ak pwen sila yo :

? Rezime egzekitif
? Objektif evalyasyon an
? Metodoloji evalyasyon an
? Rezilta evalyasyon an, repons ak kesyon ki te poze yo
? Konklizyon ak leson ki aprann
? Rekòmandasyon

Anèks rapò a dwe genyen ladan:
? Tèm referans
? Moun ki sibi entèvyou ak lekòl vizite
? Enfòmasyon anplis sou metodoloji a
? Zouti kòlèk done ki itilize yo











IV. DIRE ak DAT LIMIT

? Kontra ap kòmanse apati 29 jen pou fini 29 dawout 2021.

V. RESKONSABILITE BEYOND BORDERS/DEPASE FWONTYE YO & FRIENDS OF MATENWA/LEKOL KOMINOTE MATENWA

? Pataje ak konsiltan dokiman enpòtan sou « Pwogràm Fòmasyon Pwofesè yo » tankou lis lekòl patnè yo ak tout adrès yo, kontak responsab lekòl yo elatriye.
? Bay konsiltan oryantasyon sou wòl li nan kòmansman konsiltasyon an.
? Fè preparasyon lojistik ki genyen ladanl tout materyèl ak ekipman konsiltan ap bezwen pou reyalize konsiltasyon an.
? Revize epi bay fidbak sou metodoloji konsiltasyon an ansanm ak zouti ki pral itilize pou kòlèk done pandan konsiltasyon an.
? Bay fidbak sou rapò inisyal ak final pandan l ap respekte kwonogràm ak plan travay konsiltan te soumèt la
? Veye tout pwen ki nan kontra konsiltasyon an respekte.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. PWOFIL KANDIDA

konsiltan dwe genyen kalifikasyon sa yo :

? Espesyalis nan youn oubyen plizyè nan disiplin sa yo : Edikasyon, Ekonomi, Sosyoloji, Estatistik oubyen yon displin ki konekte ak sila nou site yo.
? Genyen pou pi piti 3 ane eksperyans konfime nan pwogràm edikasyon.
? Genyen bon konesans sou pwoblematik aksè ak kalite edikasyon.
? Genyen bon konesans sou sistèm edikatif ayisyen an ak prensipal aktè kap kolabore nan sistèm nan.
? Genyen eksperyans nan reyalize etid/evalyasyon oubyen aktivite rechèch nan domèn edikasyon.
? Genyen eksperyans konfime nan kòlekte done kantitativ ak kalitativ (Antretyen ak fokis gwoup).
? Bon kapasite nan tretman ak analiz done kantitativ ak kalitativ.
? Bon konesans nan itilizasyon zouti teknolojik pou elabore ak kolekte done. Bon kapasite nan itilizasyon CommCare tap yon atou.
? Byen òganize, kapab travay yon fason otonòm epi ak distans.
? Li nesesè pou li pale ak byen ekri kreyòl ayisyen. Se yon diplis si postilan an pale ni angle ni kreyòl. Franse se yon diplis/atou.
? Disponib pou tan ki defini nan tèm referans sa a.
? Disponib pou travay nan zòn rekile tankou nan lokalite rekile nan Lagonav.

VII. EGZIJANS pou PWOSESIS APLIKASYON

? Tout moun/gwoup moun ki enterèse nan konsiltasyon sa a dwe voye bay yon dosye konplè nan adrès imèl sa a : consultant@beyondborders.net
? Pou tout enfòmasyon anplis sou pwogràm nan pa neglije voye yon imel nan adrès sa a : sorrah@matenwa.org
? Tanpri, sou liy sijè imel la ekri : Konsiltan evalyasyon pwogràm fòmasyon pwofesè
? Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 22 jen 2021.



Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

VII. EGZIJANS pou PWOSESIS APLIKASYON

? Tout moun/gwoup moun ki enterèse nan konsiltasyon sa a dwe voye bay yon dosye konplè nan adrès imèl sa a : consultant@beyondborders.net
? Pou tout enfòmasyon anplis sou pwogràm nan pa neglije voye yon imel nan adrès sa a : sorrah@matenwa.org
? Tanpri, sou liy sijè imel la ekri : Konsiltan evalyasyon pwogràm fòmasyon pwofesè
? Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 22 jen 2021.