Konsiltan pou montaj sistèm QuickbookspourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

“Fondasyon Depase Fwontyè” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn.


Description de taches

Objektif konsiltasyon an

Depase Fwontyè yo nan kad sipò lap pote ak yonn nan patnè li ki se AAPLAG, pou ranfose sistèm kontab ak itilizasyon Quickbooks. Deside lanse apèl of sa nan souci pou rekrite yon konsiltan pou osinon yon fim pou realize travay sa.

Reskonsablite “Depase Fwontyè yo”

“Depase Fwontyè yo” ap mete disponib pou konsiltan an yon sal ak yon biwo kap pèmèt li fè travay la pandan tan lap beswen pou sa, sal sa kap disponib nan biwo AAPLAG ki sitiye li nan Lagonav.
“Depase Fwontyè yo” ap Pran sou responsabilite li lojman ak nouriti pou konsiltan an a chak fwa lap gen poul deplase nan kad misyon li nan Lagonav.


Reskonsablite konsiltan

Konsiltan an ap gen pou responsabilite pou li ranplase vèsyon Quickbooks ki la ak yon lot vèsyon ki pi resan (Vèsyon 2018), fè enstalasyon nouvo lojisyèl la, epi travay sou nouvo sitèm nan an ako ak prensip PCGR yo e fasilite kontwol entèn ak ekstèn. Itilize yon metod patisipatif ak kontab “Oganizasyon Depase Fwontyè yo” ak kontab AAPLAG. Realize twa jou fomasyon pou kontab “Oganizasyon Depase Fwontyè yo” ak kontab AAPLAG la. Kreye yon modil pratik pou AAPLAG yon fason pou fasilite travay sou sistèm nan.

Lis tach ki pou akonpli

I. Ranplase Lojisyèl Quickbooks ki egziste a ak yon lojisyèl Quickbooks ki pi resan ane 2018.
II. Montaj yon nouvo sistèm ki reponn ak nom PCGR yo.
III. Evalye aktif Oganizasyon an e kontabilize yo ak avlè aktyèl yo.
IV. Etabli metod amotisman aktif yo nan nouvo sistèm nan.
V. Envantorye kont bank yo e kontabilize yo ak valè aktèl yo
VI. Etabli limit pou chak itilizatè sistèm nan.
VII. Etabli yon sistè envantè otomatik a travè sistèm nan.
VIII. Pwodwi yon manyèl konfom ak èd kontab la,diferan eta finansye pou period komanse 1er Jiyè 2020 pou rive 31 Me 2021.
IX. Realize yon fomasyon pandan twa jou pou kontab Oganizasyon Depase Fwontyè yo” ak kontab AAPLAG la.
X. Kreye yon modil pratik pou AAPLAG yon fason pou fasilite travay sou sistèm nan.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

I. Posede yon metriz nan montaj sistèm.
II. Posede yon cetifikat nan enplemante sistèm Quick Boocks.
III. Konsiltan an dwe genyen pou pi piti 8 an depi lap fè travay sa.
IV. Soumèt yon lis founisè kote Konsiltan an fè menm travay sa deja.
V. Kapasite pou konsiltan an delase ale Lagonav.
VI. Kapasite pou etabli yon bonjan sistèm an kreyol.

I. Metodoloji travay la ak yon kalandriye
II. Yon pwopozisyon finansye ak kou travay la
III. De lèt referans ki soti kay de founisè kote konsiltan an travay deja.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

Voye dosye pou pi ta 4 è, 16 Avril 2021 nan kouryè sa : consultant@beyondborders.net.