Konsiltan pou Sipòte ak Evaliasyon Kapasite Mouvman Sosyal an Ayiti pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Ki Kote: Ayiti, zònn Metropolitèn preferab
Dire: Karant (40) jou an total pandan kat (4) mwa, 1 Avril rive 31 Jiye 2021
Pwogram: Inisyativ Kominote Modèl - Lavil

I. Kontext
Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon Beyond Borders kreye depi lane 2015 k ap travay pou kore mouvman sosyal an Ayiti. Beyond Borders kreye depi 1993. Vizyon Depase Fwontyè yo/Beyond Borders genyen se pou yon Ayiti kote:

? Ayisyen ak Ayisyèn monte gwo defi yo depi yo kesyone ansanm, fè rev ansanm epi aji ansanm;
? Fanm ak om jwènn plis pouvwa depi yon balanse pouvwa antre yo de fason pi ekilib;
? Fanmi ak kominote yo vanse ak plis siksè paske relasyon yo baze sou konfiyans ak yon respè youn pou lòt;
? Moun rive konprann divèsite se yon fòs pa yon feblès li ye;
? Tout timoun grandi nan yon anviwòn kote yo antoure pa moun ki renmen, nouri, ak edike yo; epi
? Nou tout jwènn siyifikasyon pi fon nan lavi nou lè nou bay plis valè sou laverite pase sa ki fè nou alèz, sou pataje pase sa nou ka rive genyen, epi sou lajistis sou bènefis pesonèl.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders travay pou reyalize vizyon sa a atravè misyon li an ki se pou bati mouvman kap ede moun libere tèt yo kont izolasyon ak opresyon. Depase Fwontyè yo/Beyond Borders vize kore kat (4) mouvman prensipal nan peyi Dayiti:
1. Mouvman pou libere timoun ki viktim pratik restavèk la (sèvitid domestik);
2. Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ;
3. Mouvman pou tout timoun jwenn aksè ak yon edikasyon kalite ; ak
4. Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm.

Genyen yon “Senkyèm Mouvman” ki vize angaje moun ki pa Ayisyen/Ayisyèn nan mouvman sa yo, chanje mantalite moun yo parapò ak peyi Dayiti epi enfliyanse nan sans pozitif fason you angaje ak peyi Dayiti, swa depi lòt bo dlo, swa an Ayiti menm.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders mete kanpe twa (3) pwogram ki se: Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Fondasyon genyen biwo nan Potoprens, Lagonav ak Jakmèl. Li genyen patnè ki travay nan yon bon pati nan peyi a. Beyond Borders genyen estaf ki travay plizyè kote Ozetazini ak Kanada.

Objektif Travay pou Evaliye Mouvman yo: Dapre rechèch ki fèt, mouvman sosyal ki gen gwo baz yo kapab transfòme oubyen ede transfòme sosyete de fason efikas epi dirab ala lontèm. Pou mouvman yo kapab egziste ak pran jarèt, li enpòtan pou moun ki konsène nan mouvman yo - tankou finansè, ONG, aktivis ak rezo yo elatriye - rive gen menm kalite bon konprann antreyo. Zouti Evalyasyon Kapasite Mouvman an (ZEKaM), ki te devlope pa Global Fund for Women (an kreyòl ayisyen “Fon Mondyal pou Fanm”) epi ki genyen tit an angle “Movement Capacity Assessment Tool (MCAT)” fèt pou angaje bann ak kalite pati ki konsène yo, yon jan pou yo tout kapab fè evalyasyon mouvman yo an ansanm. Aktè mouvman yo kapab sèvi ak rezilta evalyasyon an pou kòmanse diskite sou kijan pou yo fè fas ak defi yo epi vanse pi devan tankou yon mouvman. Zouti sa kapab sèvi tou tankou yon zouti planifikasyon ak evalyasyon pou swiv pwogrè yon mouvman pandan yon kantite tan.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders ap chache yon konsiltan pou travay ak estaf Depase Fwontyè yo an Ayiti pou reyalize evaliasyon mouvman li sipòte yo. Lide a se pou evalye chak mouvman an men pou koumanse ak yon kòm pilòt avan. Mouvman ki chwazi pou koumanse a se mouvman pou mete fen nan pratik restavèk la.


Description de taches

III. Responsabilite Konsiltan
1. Devlop yon metologji ak yon plan travay (ansanm ak kalandriye) pwopoze pou reyalize pwojè a
2. Pran tan pou byen konnen zouti ZEKAM nan epi koòdone travay ak Reskonsab Swivi ak Evaliasyon Depase Fwontyè yo sou aplikasyon elektwonik zouti a
3. Travay ak Pwen Fokal Depase Fwontyè yo pou idantifye tout aktè mouvman ki ta kapab patisipe nan evaliasyon an
4. Kontakte epi diskite ak enstitisyon ki enplike nan mouvman pou mete fen nan pratik restavèk la
5. Asire chak aktè ki pral patisipe nan evaliasyon an konprann zouti ZEKAM nan epi sipòte yo byen ranpli li nan delè ki defini, si nesèsè
6. Asire analiz ak entèpretasyon done ki ranmase yo epi prepare rapò analiz (ak sipò Reskonsab Swivi ak Evaliasyon Depase Fwontyè yo)
7. Prepare epi òganize atelye echanj sou rapò a
8. Sipòte Depase Fwontyè yo nan preparasyon ak òganizasyon “Espas Louvri” pou defini oryantasyon mouvman ki chita sou rezilta rapò a
9. Pwodwi rapò sentèz ki soti nan rankont Espas Louvri yo
10. Òganize vwayaj sou teren nan ka sa nesèsè an koòdinasyon / planifikasyon ak Depase Fwontyè yo (ki genyen pou kouvri depans ki makone ak deplasman ak lojman)

Konsiltan an genyen pou pran reskonsabilite pou asire li genyen pwop asirans medikal li pou pèyòd kontra a, epi pou li peye taks dapre sa lalwa Ayisyen an mande nan kad kontra konsiltasyon an.


IV. Reskonsabilite Depase Fwontyè yo/Beyond Borders
1. Rankontre ak Konsiltan pou diskite objektif, awoch, zouti ZEKaM nan elatriye
2. Diskite epi apwouve metodoloji ak apwoch pou reyalize evalyasyon an
3. Defini ki kalite aktè ki ap patisipe nan evalyasyon an
4. Fasilite premye kontak ant Konsiltan ak òganizasyon / aktè mouvman Depase Fwontyè yo genyen relasyon ak yo
5. Sipòte Konsiltan an pou rezoud pwoblèm teknik ak aplikasyon elektownik zouti a
6. Sipòte Konsiltan pou planifye epi òganize rankont Espas Louvri
7. Mete lajan disponib pou reyalizayon Espas Louvri
8. Bay Konsiltan yon espas nan biwo Depase Fwontyè yo nan Petyonvil pou fasilite travay la (si nesèsè)
9. Kouvri frè telefon pou kominikasyon ak aktè enplike ak estaf la
10. Asire/bay frè deplasman / lojman lè Konsiltan bezwen ale sou teren nan kad aktivite kontra a
11. Sipòte Konsiltan an pou rezoud nènpòt lòt pwoblèm li ka fè fas pandan lap egzekite kontra a

V. Dire Kontra a ak Lòt Tèm ak Kondisyon
Kontra konsiltasyon sa a ap dire 4 mwa, soti 1 Avril pou rive 31 Jiye 2021. Pandan pèyòd sa a, Konsiltan an genyen pou kontwòle lè ak jou travay la pou yo pa rive plis pase karant (40) jou an total (8è detan egal 1 jou de travay nan kad kontra konsiltasyon sa a).

Li posib okou konsiltasyon an, Depase Fwontyè yo/Beyond Borders deside genyen posibilite pou koumanse travay sou evaliasyon youn nan lòt mouvmen yo apwiye, li kapab diskite sa ak konsiltan ki gentan angaje epi renegosye tèm ak kondisyon kontra a, oubyen yo kapab deside angaje yon lòt konsiltan pou koumanse travay sou evaliasyon lòt mouvman an pandan ke Konsiltan sa a kontinye travay sou evaliasyon mouvman mete fen nan pratik restavèk la. Si desizyon an pran pou angaje yon dezyèm konsiltan, li pwobab toulede konsiltan tap genyen pou kolabore ansanm.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. Konpetans ak eksperyans
? Genyen pou pi piti yon lisans nan domèn Syans Sosyal
? Genyen pou pi piti 5 lane nan travay sou kesyon sosyal nan peyi a
? Genyen oubyen kapab konstwi yon bon rezo kontak nan mitan òganizasyon yo ki nan mouvman
? Genyen kapasite ak eksperyans nan mete moun ak òganizasyon/enstitisyon ansanm pou diskite epi jwènn solisyon sou kesyon sosyal ann Ayiti
? Genyen lyen, kapasite pou atire moun pou travay ansanm
? Genyen kapasite pou bonjan jesyon/ òganizasyon tan ak plizyè tach alafwa
? Bonjan kominikasyon pou ankouraje kolaborasyon
? Genyen eksperyans nan itilize metòd ak teknik ki pèmèt moun patisipe yon fason aktif nan diskite yon pwoblèm (metodoloji “Espas Louvri” se yon ajou).
? Genyen eksperyans nan pwodui rapò sentèz ki soti nan travay ann gwoup
? Genyen konpetans ak metriz lojisyèl tankou Microsof ‘’Word” ‘’PowerPoint’’, Excel, CommCare
? Genyen konpetans pou travay sou lojisyèl elektronik (sitou nan kad ranmase ak analize done)
? Fò nan detay, Pwo-aktif, fleksib, kreyatif, kapab travay de fason trè endepandan
? Metrize divès lang ki pèmèt li kominite ak estaf ak aktè nouvman yo (Kreyòl an premye, Fransè ak Anglè vini apre).

VII. Egzijans Pou Depoze Kandidati
? Yon Lèt Motivasyon ki eksplike entèrè ak eksperyans pètinan
? CV ki ajou epi ki montre eksperyans yon travay simile oswa aplikab
? Kopi Lisans ak lòt fòmasyon pwofesyonel ki petinan
? Pwofoma ki an goud (HTG) ak yon tarif jounaliye
? 2 referans pwofesyonèl


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

Dosye kandidati tou moun ki entèrèse dwe remèt avan 7è nan aswè jou kap dimanch 21 mas 2021 sou adrès elektronik consultant@beyondborders.net. Nan linn sijè imèl la, tanpri mete “Konsiltan Evaliasyon Mouvman”.


Remarques contact

consultant@beyondborders.net


Autres remarques

Depase Fwontyè yo, se yon oganizasyon ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje fanm, moun ki andikape ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo postile.