Tèm Referans: Konsiltan sou pe?spektiv fanm ak tifi andikape (Baze nan espas pa li; deplasman Jakmèl ak lòt kote nan divès depatman peyi dAyiti)<br /> pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTEKS
Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore senk (5) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn aksè ak yon edikasyon kalite ; Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm ; Mouvman pou chanje vizyon misyonè etranje sou peyi Dayiti. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa.

Nan kad yon pwojè pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi andikape, fondasyon an ap chèche pou pwogram li ki tabli nan Jakmèl yon konsiltan ki fò nan domèn dwa fanm ak tifi andikape pou ede nan divès aktivite pwojè a epi nan atenn objektif pwojè a an jeneral.

. OBJEKTIF KONSILTASYON AN
Fondasyon an ap chache yon konsiltan ki pou travay an kolaborasyon ave?k yon Ekip ki fo?me ave?k manm ki soti nan plizye? O?ganizasyon/Pwogram epi manm rezo li. Ekip la te deja kreye materye?l kominikasyon ki trete zafe? vyolans sou fanm ak tifi andikape e te koumanse fasilite manm kominote se?vi ak materye?l sila yo. Kounye a li genyen pou li finalize pilòt materyèl yo epi akonpanye nan fo?me manm O?ganizasyon ki pou fasilite manm kominote yo se?vi ak materye?l yo.

Konsiltan an ap ede manm Ekip la asire materye?l yo ak enplemantasyon yo otantik, efikas, san yo pa charye okenn lide negatif ki pote plis prejije ak diskriminasyon sou fanm ak tifi andikape. Konsiltan an ap suiv te?s ak enplemantasyon pou ede diminye posibilite devyasyon nan itilizasyon materye?l kominikasyon yo tou. Epi ede finalize Modil la.


Description de taches

DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN
- Patisipe, bay dizon ak konsèy ak tout aktivite ki konse?ne pwojè sou vyolans sou fanm ak tifi k ap viv ak andikap
- Suiv diferan fo?masyon chak Pwogram/O?ganizasyon ki enplike nan travay la ap fe?
- Prezan nan tout seyans / atelye travay le? Fondasyon an planifye sa
- Pran no?t epi ekri tout dokiman ki gen rapo? ak travay la pou Pwogram / O?ganizasyon an
- Patisipe nan tout echanj le? Fondasyon an planifye sa, e pataje remak ak fidbak ekri sou tout fo?masyon, rankont, te?s
- Pataje enfo?masyon ki pe?me?t Ekip la konprann eksperyans fanm ak tifi andikape ki kapab viv nan dive?s sitiyasyon
- Suiv ak yon je kritik pwosesis pwodiksyon materye?l ak fo?masyon pou moun kapab se?vi ak materye?l yo epi fe? remak / reko?mandasyon
- Patisipe nan eksperyans k ap fe?t ak lo?t o?ganizasyon nan kominote kote o?ganizasyon yo travay nenpo?t kote nan peyi a
- Bay sipò avèk tout lòt rekòmandasyon ki kapab penmèt enplemantasyon pilòt la reyisi
- Patisipe nan redaksyon final Modil la
- Reme?t Fondasyon an yon rapo? chak mwa ki genyen an ane?ks tout remak / reko?mandasyon ki te fe?t pandan peryo?d la
- Dako? pou li konfo?me l ak tout egzijans Fondasyon an bay sou pwoteksyon timoun ak benefisye?, pwoteksyon kont abi/eksplwatasyon seksye?l
- Dakò pou li peye taks jan lalwa mande a; kouvri asirans medikal li
- Responsab frè transpò lokal (andann kominote yo), sèvis entènet li ak kominikasyon telefòn.
. TRAVAY POU LIVRE
Konsiltan dwe livre yon rapò aktivite detaye li reyalize chak mwa ki akonpanye fakti pèyman li (selon barèm lan) plis timesheet li sou peryòd la

IV. DIRE ak DAT LIMIT
Travay la, ki pa plen tan men ki mande fleksibilite, ap fèt sou tout peryòd pwojè a men yon premye kontra ap tabli pandan Desanm 2020-Jen 2021.

Kantite èdtan pa semenn varye selòn kalandriye aktivite nou prevwa; sa genyen pou li diskite avèk òganizasyon an nan kad kontra a. Men an jeneral li p ap depase 80 èdtan pa mwa. Kèk fwa konsiltan kapab oblije fè deplasman jou wikenn oswa nan jou konje nasyonal nan kad aktivite nou.
V. RESKONSABILITE DEPASE FWONTYE YO
Fondasyon Depase Fwontye yo ap bay konsiltan mwayen ki nesesè pou akonplisman travay la tankou :
1. Pataje tout dokiman referans ak kowòdone pwen fokal chak òganizasyon patnè sipò teknik lè sa nesesè.
2. Transpò soti vil kote li baze (si se pa Jakmèl) ak lòt kote nan peyi a lè sa a se yon obligasyon pou konsiltasyon an se sou kont Depase Fwontyè yo.
3. Depase Fwontyè yo ap founi yon odinatè pou fasilite objektif travay konsiltan an, ki dwe remèt nan bon fòm ak kondisyon nan fen konsiltasyon an.
4. Peye konsiltan an chak mwa selon yon fakti li jwenn nan men Konsiltan an ak rapò aktivite li remèt.
5. Pataje avèk konsiltan tout kominikasyon ki konsène l
6. Asire swivi ak planifikasyon bò kote òganizasyon patnè li yo pou fasilite travay konsiltan an


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

PWOFIL KANDIDA
- Bon jan konpreyansyon ak eksperyans sou reyalite fanm / tifi andikape.
- Eksperyans travay ave?k fanm / tifi andikape.
- Eksperyans travay ak O?ganizasyon / gwoup ki ankadre moun andikape.
- Konesans sou dwa fanm ak tifi, sou repons oubyen prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi (se yon diplis).
- Oubyen eksperyans pe?sone?l ave?k yon andikap vizib.
- Kapasite pou travay an ekip yon fason konstriktif.
- Bon konpetans nan kominikasyon: ekri epi pale Kreyo?l tre? byen.
- Disipline, motive, one?t, merite konfyans.
- Kapasite pou koute ak pran an kont lide lo?t moun epi fe? echanj pozitif.
- Kapasite pou aji ak tout moun ak menm nivo respe?, ke?lkeswa estati sosyal moun yo.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

VII. EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON
Tout moun ki enterese epi ki panse yo kalifye pou travay sa a, tranpri, voye yon dosye konplè avèk tout dokiman ki mande yo nan adre?s sa a travaysasa@gmail.com anvan lendi 30 Novanm 2020 pou pita:
1. Yon CV
2. Pwofòma pou konsiltasyon an
3. Yon le?t motivasyon 1 paj an Kreyo?l ki genyen ladan n:
? Non ak Siyati w
? Pou ki konsiltasyon w ap po?stile (“Konsiltan sou pe?spektiv fanm ak tifi k ap viv ak andikap”)
? Poukisa ou enterese ak konsiltasyon an
? Ki eksperyans ou genyen ki fe? ou bon pou konsiltasyon an
? Denye? dome?n konsiltasyon li fe?, si genyen
? Enfo?masyon kontak
3. De (2) referans (nimewo telefo?n ak adre?s kourye elektwonik moun oubyen enstitisyon) ki kapab pwouve travay/aktivite ou te fe? oubyen eksperyans ou genyen nan dome?n nan.


Le? ou aplike pou travay konsiltasyon sa a ekri “Konsiltan sou pe?spektiv fanm ak tifi andikape...”. Oubyen tou, ou kapab pase depoze dosye w la tou nan Ri Bote # 28, Breman (nan rantre Lambert a) Jakmèl.

N.B. Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki lofri tout moun menm lopòtinite. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike.


Remarques contact

travaysasa@gmail.com