Konsiltan pou Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak TifipourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTÈKS

Nan kad Pwojè k ap fèt pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi, 8 òganizasyon mete ansanm pou fè yon kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi. Pami yo, 1 ladan yo ap bay sipò teknik sou metodoloji SASA ! ak Kore Tifi, 1 nan yo ap bay sipò òganizasyonèl pou ede ranfòse chak òganizasyon, 3 nan yo ap enplemante Kore Tifi nan kominote pa yo epi, 3 nan yo ap enplemante SASA ! nan kominote pa yo. Pwojè kowalisyon an dire 3zan, koumanse apati Jiyè 2019.





I. OBJEKTIF KONSILTASYON AN

Konsiltan Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi a ap gen pou li ede nan jesyon administratif pwojè a pandan 3zan, sitou nan asire bon jan swivi finansye ak bon jan rapò kapab remèt ak patnè finansye a.


Description de taches

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN
• Planifye rankont administratif pwojè a regilyèman pou asire bon jan swivi.
• Ede Kowalisyon an kreye bon sistèm pou rapò finansye, klasifikasyon dosye finans, ak fòma pou rapò naratif, ki koresponn ak bezwen patnè finansye a ak patnè kowalisyon k ap bay sipò teknik ak sipò òganizasyonèl. Sa kapab genyen ladan vizit bò kote chak òganizasyon patnè nan debi pwojè a, divès kote nan peyi a.
• Eseye ranfòse sistèm finans chak òganizasyon, an kolaborasyon ak lòt manm kowalisyon an ki bay sipò òganizasyonèl.
• Konpile rapò naratif chak 6 mwa nan men chak patnè, e kowòdone finalizasyon rapò naratif pou patnè finansye chak lane, an anglè.
• Bay chak òganizasyon sipò ki nesesè pou yo kapab reyisi ranpli e swiv sistèm rapò finans konsiltan an mete an plas. NB: Sa kapab mande vizit bò kote divès patnè yo divès kote nan peyi a.
• Rete an kominikasyon sere avèk òganizasyon k ap bay sipò teknik ak sipò òganizasyonèl pou bay rekòmandasyon pou ranfòsman 6 òganizasyon k ap fè enplemantasyon SASA! ak Kore Tifi yo.


III. TRAVAY POU LIVRE
• Fòma rapò finans ak naratif ki koresponn ak regleman bayèdefòn ak rekòmandasyon òganizasyon k ap kowòdone Kowalisyon an.
• Nòt soti nan chak rankont administratif nan yon google docs.
• Rapò final finans ak naratif chak 6 mwa ki pran an kont nan tout entegralite yo tout rapò 8 òganizasyon nan Kowalisyon an.
• Rapò chak lane pou patnè finansye, 2 semenn anvan delè yo bay pou òganizasyon yo kapab bay fitbak e remèt li.

IV. DIRE ak DAT LIMIT
• Dire – 3zan, ak estimasyon kantite travay :
Lane 1 :
o Mwa 1-3 : 15 jou pa mwa
o Mwa 4-5 : 4 jou pa mwa
o Mwa 6 : 7 jou pou mwa a
o Mwa 7-11 : 4 jou pa mwa
o Mwa 12: 7 jou pa mwa

Lane 2 :
o Mwa 1: 7 jou pou mwa a
o Mwa 2-5 : 4 jou pa mwa
o Mwa 6 : 7 jou pou mwa a
o Mwa 7-11 : 4 jou pa mwa
o Mwa 12: 7 jou pou mwa a

Lane 3 :
o Mwa 1: 7 jou pou mwa a
o Mwa 2-5 : 4 jou pa mwa
o Mwa 6 : 7 jou pou mwa a
o Mwa 7-11 : 4 jou pa mwa
o Mwa 12: 7 jou pou mwa a

NB : Kalandriye travay ap negosye ant òganizasyon k ap kowòdone kowalisyon an ak konsiltan an selon bezwen, men peyman yo pa dwe depase estimasyon tan total pandan yon peryòd 6 mwa.


V. RESKONSABILITE DEPASE FWONTYè YO (KÒM ÒGANIZASYON K AP KOWÒDONE KOWALISYON AN)
• Pataje tout dokiman referans ak kowòdone pwen fokal chak òganizasyon lè sa nesesè.
• Patisipe aktifman antanke manm kowalisyon nan rann enfòmasyon, rapò, ak bidjè kowalisyon disponib.
• Peye konsiltan an chak mwa selon yon fakti li jwenn nan men Konsiltan an.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

• Omwen 3zan eksperyans nan jesyon administratif yon pwojè.
• Kapasite ak eksperyans nan ekri rapò finansye ak naratif.
• Konprann bon prensip finans/ regleman finans.
• Eksperyans nan konstwi kapasite òganizasyon de baz.
• Disponibilite pou planifye ak vwayaje plizyè kote nan peyi a (Konsiltan an reskonsab pou mwayen transpò li).
• Bon kapasite nan lang Kreyòl (pale, ekri) nesesè.
• Bon kapasite nan lang Angle (pale, ekri) yon diplis.
• Kapab travay ak moun ki genyen lòt reyalite ki diferan.
• Dakò pou swiv tout prensip ak regleman sou asèlman seksyèl, eksplwatasyon seksyèl ak pwoteksyon timoun òganizasyon an mande l swiv, epi demontre bon prensip nan kad travay ak nan lavi pèsonèl.
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans.

• Omwen 3zan eksperyans nan jesyon administratif yon pwojè.
• Kapasite ak eksperyans nan ekri rapò finansye ak naratif.
• Konprann bon prensip finans/ regleman finans.
• Eksperyans nan konstwi kapasite òganizasyon de baz.
• Disponibilite pou planifye ak vwayaje plizyè kote nan peyi a (Konsiltan an reskonsab pou mwayen transpò li).
• Bon kapasite nan lang Kreyòl (pale, ekri) nesesè.
• Bon kapasite nan lang Angle (pale, ekri) yon diplis.
• Kapab travay ak moun ki genyen lòt reyalite ki diferan.
• Dakò pou swiv tout prensip ak regleman sou asèlman seksyèl, eksplwatasyon seksyèl ak pwoteksyon timoun òganizasyon an mande l swiv, epi demontre bon prensip nan kad travay ak nan lavi pèsonèl.
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

VII. EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON
• Remèt yon pwofòma ki detaye pri pa jou (vwayaj ak jou travay depi lakay), yon CV, lèt motivasyon ki rezime eksperyans ki gen pou wè ak konsiltasyon an, ak 3 bon referans nan travaysasa@gmail.com anvan dele 25 Jiyè 2019.