Dezinyatè Grafik pou pwojè UNTFpourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTEKS / Context
Nan kad Pwojè k ap fèt apati fon UNTF sou reyalite fanm ak tifi k ap viv ak andikap, ekip la ap genyen pou kreye plizyè materyèl ki mande desen grafik (Entwodiksyon, Ti Pale, Teyat, modil fòmasyon, elatriye) pou entegre nan materyèl kominikasyon SASA ! ak Kore Tifi. Konsa, li bezwen yon dezinyatè grafik ki kapab fè desen sou ekran/ odinatè pou afich yo e fè desen grafik sou materyèl yo.

I. OBJEKTIF KONSILTASYON AN / Objective of Consultancy
Dezinyatè grafik la ap gen pou fè miz an plas/ desen grafik pou kreye tout materyèl ki site pi ba nan
Deskripsyon Jeneral Kontra a ak Reksonabilite Konsiltan an. Apre sa, moun nan genyen pou patisipe nan tout revizyon ki merite fèt jiskaske materyèl yo finalize ak aksepte.


Description de taches

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN/General Description of Contract & Responsibilities of Consultant

• Fè desen grafik orijinal ki diferan, men ki koresponn ak estil SASA ! ak Kore Tifi, pou materyèl konsènan vyolans sou fanm ak tifi ki ap viv ak andikap :
o 4 dokiman Entwodiksyon (estimasyon youn 10 paj; lòt 3- 4 paj)=22 paj o 4 dokiman Ti pale (estimasyon 4 paj pou chak nan 4 dokiman yo)=16 paj o 4 dokiman Fòmasyon (57 paj divize nan 4 dokiman separe) = 57 paj o 3 dokiman Teyat (3 dokiman yo se 9 paj, 10 paj, 8 paj) = 27 paj

• Fè nenpòt chanjman desen grafik ak tèks Ekip Repanse Pouvwa nan Depase Fwontyè yo/ Beyond Borders kapab mande nan indd, epi remet Ekip la tout dokiman final ki genyen foldè indd ak PDF ladan.

• Respekte angajman pou remèt travay la jan Beyond Borders/ Depase Fwontyè yo te deside ak li.

• Malgre pou kounye a chak dokiman se yon dokiman ki separe, fè tout desen grafik yo yon fason ki rann li pi fasil pou kompile tout dokiman yo ansanm pou fè yon sèl dokiman pi devan.

• Disponib pou korije sa ki merite korije apre travay la fini.

• Respekte tout kalandriye ak dele ki etabli ansanm ak ekip Repanse Pouvwa nan Depase Fwontyè yo/ Beyond Borders.

III. TRAVAY POU LIVRE/ Deliverables
• 4 dokiman Ti pale
• 4 dokiman Entwodiksyon
• 4 dokiman Fòmasyon
• 4 dokiman Teyat

IV. DIRE ak DAT LIMIT / Duration & Deadlines
Kontra ap kòmanse 22 Me 2019 pou rive 30 Out 2019 baze sou kalandriye egzekisyon an:
• 3 dokiman Ti pale – (dokiman disponib apati siyati kontra a) estimasyon dele premye bouyon 31 Me 2019 ak finalizasyon 7 Jen 2019.
• 4 dokiman Fòmasyon – (dokiman disponib apati 7 Jen) estimasyon dele premye bouyon 21 jen ak finalizasyon 5 jiye 2019.
• 3 dokiman Teyat – (dokiman disponib apati 1 jiye 2019) estimasyon dele premye bouyon 16 jiye ak finalizasyon 23 jiye 2019.
• 4 dokiman Entwodiksyon – (dokiman disponib apati 23 jiye) estimasyon dele premye bouyon 2 out ak finalizasyon 30 out 2019.


V. RESKONSABILITE DEPASE FWONTYE YO / Depase Fwontyè yo Responsibilities
• Pataje tout dokiman referans, logo ak lòt
• Peye kontra
• Bay fidbak nan fason ki respekte dele ki etabli ansanm.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. PWOFIL KANDIDA / Candidate Profile
• Genyen kapasite ak konesans nan fè desen grafik nan stil SASA !/ Kore Tifi
• Kapab fè desen grafik nan fason Kay Empresyon kapab sèvi pou emprime.
• Disponibilite
• Gen pasyans (kapab genyen plizyè chanjman)
• Kapab travay ak fanm ak tifi k ap viv ak andikap e ki gen nan lòt reyalite diferan
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans selòn kondisyon ki prezante yo
• Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl (yon diplis)
• Fanm (yon diplis)

VII. EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON / Submission of Application
• Yon lèt motivasyon ki dekri eksperyans ; bouyon travay ki fèt deja
• Yon pwofòma


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

consultant@beyondborders.net