Rekritman de yon konsiltan ki pou travay an kolaborasyon avèk yon Ekip ki fòme avèk manm ki soti nan plizyè Òganizasyon/PwogrampourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Se yon fondasyon ki genyen misyon pou li ede ranfòse mouvman pou chanjman sosyal. Li pran nesans depi plis pase ven (20) lane. Li travay an patenarya ak lòt enstitisyon/òganizasyon; li kreye, adapte divès zouti ki fasilite kominote angaje yo nan chanjman sosyal.


Description de taches

Planifye epi reyalize tout aktivite ki konsène travay sou vyolans sou fanm ak tifi k ap viv ak andikap ● Suiv diferan fòmasyon chak Pwogram/Òganizasyon ki enplike nan travay la ap fè ● Prezan nan tout seyans / atelye travay lè Fondasyon an planifye sa ● Pran nòt epi ekri tout dokiman ki gen rapò ak travay la pou Pwogram / Òganizasyon an ● Patisipe nan tout echanj lè Fondasyon an planifye sa, e pataje remak ak fidbak ekri sou tout fòmasyon, rankont, tès ● Pataje enfòmasyon ki pèmèt Ekip la konprann eksperyans fanm ak tifi k ap viv ak andikap kapab viv nan divès sitiyasyon ● Suiv ak yon je kritik pwosesis pwodiksyon materyèl ak fòmasyon pou moun kapab sèvi ak materyèl yo epi fè remak / rekòmandasyon ● Patisipe nan eksperyans k ap fèt ak lòt òganizasyon nan kominote kote òganizasyon yo travay nenpòt kote nan peyi a ● Remèt Fondasyon an yon rapò chak mwa ki genyen an anèks tout remak / rekòmandasyon ki te fèt pandan peryòd la ● Dakò pou li konfòme l ak tout egzijans Fondasyon an bay sou pwoteksyon timoun ak benefisyè, pwoteksyon kont abi/eksplwatasyon seksyèl


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

Eksperyans ak kritè pou yon moun kapab postile ● Bon jan konpreyansyon ak eksperyans sou reyalite fanm / tifi k ap viv ak andikap.
● Eksperyans travay avèk fanm / tifi k ap viv ak andikap. ● Eksperyans travay ak Òganizasyon / gwoup ki ankadre moun k ap viv akandikap ● Konesans sou dwa fanm ak tifi, sou repons oubyen prevansyon kont vyolans sou fannm ak tifi (se yon diplis). ● Oubyen eksperyans pèsonèl avèk yon andikap vizib. ● Kapasite pou travay an ekip yon fason konstriktif. ● Bon konpetans nan kominikasyon: ekri epi pale Kreyòl trè byen. ● Disipline, motive, onèt, merite konfyans. ● Kapasite pou koute ak pran an kont lide lòt moun epi fè echanj pozitif. ● Kapasite pou aji ak tout moun ak menm nivo respè, kèlkeswa estati sosyal moun yo.
Pou ou postile: Voye nan adrès sa a travaysasa@gmail.com anvan mèkredi 26 septanm 2018: 1. Yon CV 2. Yon lèt motivasyon 1 paj an Kreyòl ki genyen ladan n: ● Non ak Siyati w ● Pou ki konsiltasyon w ap pòstile (“Konsiltan sou pèspektiv fanm ak tifi k ap viv ak andikap”) ● Frè ou mande pou konsiltasyon an ● Poukisa ou enterese ak konsiltasyon an ● Ki eksperyans ou genyen ki fè ou bon pou konsiltasyon an ● Denyè domèn konsiltasyon li fè, si genyen ● Enfòmasyon kontak


Envoyer le pli à

p.hilaire@beyondborders.net
Breman, enpas Galaksi, nimewo 16


Remarques contact

3. 2 referans (nimewo telefòn ak adrès kourye elektwonik moun oubyen enstitisyon) ki kapab pwouve travay/aktivite ou te fè oubyen eksperyans ou genyen nan domèn nan.

Lè ou aplike pou travay konsiltasyon sa a ekri “Konsiltan sou pèspektiv fanm ak tifi k ap viv ak andikap…”. Oubyen tou, ou kapab pase depoze dosye w la nan Breman, enpas Galaksi, nimewo 16.

N.B. Fondasyon an ap kontakte sèlman kandida ki prezante CV ak prèv ki pi byen koresponn avèk pwofil konsiltasyon an. Akoz objektif travay la, Fondasyon an ap bay kandida fanm priyorite.